Festival Entènasyonal literati kreyòl: yon ti kout je sou Manno Ejèn

Sòti 02 pou rive 06 desanm k ap vini la a, dezyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la pral taye banda nan peyi Dayiti. Ekriven kreyolis Manno Ejèn se te envite donè premye edisyon an.

Manno Ejèn se yon ekriven ayisyen ki fè plim li vwayaje sou teritwa plizyè jan tankou pwezi, esè ak nouvèl nan lang kreyòl ayisyen an. Li pa janmen ekri an fransè pou nenpòt rezon an. Pou li, ekri nan lang kreyòl la se bay tèt li yon idantite epi pwodui yon mannyè pou tout ayisyen ka konprann pi byen.


Nan lane 1988, Manno ponn premyè zèv ki trete lekzil nan lang kreyòl la nan edisyon Koukouy: Egziltik. An 2007 li ponn : "Vwa zandò" nan edisyon "Mémoire d'encrier". An 2008, li pibliye "Aganmafewzay" nan près nasyonal Dayiti. Nan mwa me 2013, li mete deyò "Sezon papiyon "nan kad kenzèn liv pòtoprens la. Epi nan lane 2019, li pwodui epi pibliye "Pwezi pou anwoule tan mwen", yon liv 79 paj, nan edisyon Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), li se Prezidan epi Fondatè mezon edisyon sila a.


Nan sa ki gen pou wè ak koze pri, nan lane 1967 Manno Ejèn te finalis yon konkou ki t ap fèt pou selebre manman ak yon tèks li ki rele:"Pitit se baton vyeyès" epi nan lane 1998 li te ranpòte gwo "prix Jacques Stephen Alexis de la nouvelle" pou yon nouvèl ki titre: "De ti tou pou deklete lalin".


Manno Ejèn, envite donè premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la se manb mouvman Kreyòl Ayisyen an ak sosyete koukouy ki nan miami. Li fèt nan Guantanamo nan peyi Kiba nan lane 1946. Jounalis, li leve ann Ayiti epi te pran egzil sou rejim bout di Divalye yo. Depi 1973 li ap fè ale tounen ant Monreyal-kanada ak Ayiti.

Littérature
 2020-10-04 |

Partager sur :

Laisser un commentaire
aucun commentaire pour l'instant