31 dawout 2021: Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ap òganize

31 dawout 2021: Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ap òganize

Sòti 6è pou bout 8è nan aswè jodi 31 dawout la Sant kiltirèl minisipal Manno Chalmay ap òganize "À haute voix", yon aktivite k ap marye pèfòmans mizikal, eslam, vant ak siyati epi kozri. Aktivite sila ap fèmen semèn Jacques Stephen Alexis sant kiltirèl la t ap òganize nan sousi pou ankouraje jèn nan kominote a founi je gade nan zèv otè "L'espace d'un cillement" an.

Aktivite sila ki gratis ap mete sou sèn plizye atis tankou Stevlau, Michelot Le Cupidon, Stessie Sinvilus ak Destin Jean Claudy.

Fòk nou note prezans Chanpyon pri "Amaranthe" pwezi a, powèt Samuel Taillefert, ki ap la pou siyen dènye rekèy pwezi li a "L'encre des aubes tardives". Pri liv la se 500 goud.

Share

La Rédaction 218

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires