Nan kad komemorasyon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la, Zafè Patrimwàn (ZP) te òganize, soti 25 pou rive 31 oktòb 2026, premye edisyon Semèn Aktivite Komemorasyon Lang ak Kilti Kreyòl la, sou tèm : « Kreyòl, plis pase yon zouti kominikasyon, yon patrimwàn vivan ». Inisyativ sa a te dewoule pandan yon semèn, avèk yon latriye aktivite kiltirèl, entèlektyèl ak atistik ki te reyini chèchè, kreyolis, pwofesè ak animatè kiltirèl.
Pandan sèt (7) jou sa yo, piblik la te gen lokazyon patisipe nan konferans-deba sou lang kreyòl la, atelye ekriti ak kreyasyon literè, animasyon kiltirèl, ansanm epi divès lòt aktivite ki te pèmèt patisipan yo reflechi epi pataje konesans sou lang ak kilti kreyòl la.
Samdi 31 oktòb 2026 la te make dènye jounen aktivite yo. Pou lokazyon an, te gen yon pwogram espesyal nan lokal Boje a, nan Petyonvil, ki loje Fakilte Syanzimèn, IERAH-ISERSS ak FDSE. Pandan jounen sa a, òganizatè yo te mete aksan sou divès fòm ekspresyon patrimwàn kiltirèl la, atravè konferans-deba, atelye dans, animasyon kiltirèl, jwèt tradisyonèl ak yon ekspozisyon zèv atistik.
Anplis aspè komemoratif semèn aktivite sila a, kèk manm Zafè Patrimwàn fè n konnen : « Inisyativ sa a te vize kreye yon espas refleksyon, transmisyon ak kreyasyon ozalantou lang ak kilti kreyòl la, youn nan pi gwo patrimwàn vivan sosyete ayisyen an. Toujou selon yon manm estrikti a, se te yon mannyè pou yo menm nan Zafè Patrimwàn te valorize patrimwàn sa a, ankouraje apwopriyasyon li epi kontribye nan transmisyon li bay jenerasyon k ap vini yo. »
Li enpòtan pou n presize, semèn Aktivite sa se youn pami divès lòt anpil kouch nan sosyete a te reyalize nan mwa oktòb pase a.
Zafè Patrimwàn, djougan nan batay pou bay lang ak kilti kreyòl la jarèt


La Rédaction 285
Kafounews
0 Commentaires