Depi 1983, chak 28 oktòb se selebrasyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Si se vre tout ayisyen pale kreyòl (Kreyòl ayisyen), sa pa anpeche lang sila ap sibi mepri chak jou ki jou. Poudayè menm nan lekòl nou yo, li se youn nan matyè yo bay mwens enpòtans. Nan sousi pou n konprann sitiyasyon sa pi byen epi wè sa ki ta dwe fèt pou rive chanbade l, nou te kase de twa mo ak Etienne Mardoche ki te tou pwofite bay dizon l sou travay Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè nan peyi a.
Kafounews .-. Kiyès ki Mardoché Etienne nan?
⚫M.E .-. Mardoché Etienne se yon jèn gason ki fèt nan vil Jeremi, kote li fè tout etid klasik li. Mardoché etidye ekonomi epi se etidyan finisan nan sosyoloji. Kounya l ap viv nan komin Kafou epi se pwofesè kreyòl nan nivo fondamantal ak nouvo segondè nan Collège Catherine Flon ak Edmond Laforest; pwofesè literati nan Institution Mixte Alexandre Le Grand.
Kafounews .-. Poukisa ou fè chwa anseye "Kreyòl" ?
⚫M.E .-. Gen de(2) eleman ki te motive chwa sa a. Premye eleman an: pandan etid nou nan sosyoloji nou vin rann nou kont lang pa sèlman yon senp zouti kominikasyon ak ekspresyon nan yon sosyete. Li se tou, premye patrimwan kiltirèl sosyete a, li defini imajinè kolektif endividi yo. Li patisipe nan fòmasyon inivè konitif ak sichik chak endividi nan sosyete a. Epi tou, lang se yon zouti dominasyon politik, sosyal ak ideyolojik . Sa ki pral fè nou enterese anpil ak kesyon lang, prensipalman lang kreyòl.
Dezyèm eleman an: se misyon nou bay tèt nou pou nou pote kontribisyon nan batay k ap fèt pou lang kreyòl ayisyen an okipe vrè plas li nan sistèm edikatif ayisyen an ak nan tout sosyete a yon bò epi yon lòt bò konbat tout fòm diskriminasyon k ap fèt kont li an Ayiti kou aletranje.
Kafounews .-. Ki pi gwo obstak ou rankontre pandan w ap jwe wòl sila a?
⚫M.E .-. Pi gwo obstak nou rankontre nan fonksyon sa a, se diskriminasyon matyè n ap anseye a ap sibi nan sistèm edikatif la. Yon diskriminasyon ki manifeste nan yon premye nivo avèk leta ki pa bay matyè sa regle pip tabak pou yo olye pou ta travay pou ta byen chita li nan fòmasyon akademik elèv yo; nan yon dezyèm nivo avèk direktè lekòl yo ki meprize matyè kreyòl la anpil fwa nan entèdi epi pini elèv yo pale kreyòl, entèdi pwofesè anseye an kreyòl, san konte ankò lòt prejije yo genyen sou matyè sila; nan yon dènye nivo avèk elèv yo ki rive vale tout prejije ki konstui sou lang kreyòl ayisyen an ki manifeste sou kèk ide ki fè kwè kreyòl pa lang, anseye kreyòl pap itil yo anyen nan lavi yo, li pa enpòtan. Sa ki pral koz malgre elèv yo pale kreyòl epi ap benyen nan yon kilti kreyòl paka rive ekri ni akouche ide yo korèkteman nan lang kreyòl ayisyen an. Kidonk kòm pwofesè kreyòl nou oblije chak jou pandan n ap fè kou, anmenmtan ap goumen pou rive retire tout prejije sa yo nan tèt elèv yo.
Kafounews .-. Kijan w rive kontoune obstak sa yo?
⚫ M.E .-. Pou m rive drible obstak sa yo, nou itilize plizyè mekanis selon nan nivo n ap anseye a.
- Nan nivo fondamantal: nou fè anpil sosyolenguistik ak elèv yo nan 3 premye semèn kou yo, kote nou montre ki wòl lang ak kijan lang fonksyone nan sosyete, fè istwa lang kreyòl an jeneral epi lang kreyòl ayisyen an patikilye, kase yon bann ide k ap pwopaje pou diskrimine lang kreyòl la epi montre yo li enpòtan anpil nan fòmasyon akademik yo ak dispozisyon mental yo. Epi pandan tout rès ane a nou mete anpil rigè nan fason elèv yo ap ekri epi pale lang lan, kit nan òtograf mo yo, kit nan sentaks ak semantik mo yo lè y ap fè fraz, kit nan nan pwononsyasyon, nan ekspresyon idyomatik y ap itilize pou evite entèferans lenguistik.
- Nan nivo nouvo segondè: kòm li chita sou yon pedagoji entèraktiv, pandan nou itilize menm estrateji nivo fondamantal yo, nou mete plis aksan sou deba ak ekspoze gwoup nan klas, kote sijè nou chwazi yo dwe pèmèt elèv yo diskite sou yon seri tèm ki fondamantal nan sosyete a, devlope kapasite refleksyon yo nan lang matènèl yo, epi pran konsyans yo pa ka aprann epi pwodui konesans nan lang sila menmjan ak tout lòt lang.
Kreyòl, yon matyè meprize
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 102
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
4 Commentaires
Priscylle robine
October 01, 2020 - 07:51:02 PMMerci
Prophète Joseph
October 02, 2020 - 06:55:46 PMAyisyen nou ye, non kreyòl yo ba nou!
Wendy Laguerre
October 03, 2020 - 04:22:59 PMM panse batay pou rive wete pèp Ayisyen an nan nivo alyenasyon l trouve l dwe pase nan chimen sa a tou: valorize sa nou ye ak sa nou gen kòm moun avantou.Chapo ti mesye!
Duguens MERIÇOIS
October 24, 2021 - 02:46:49 PMMwen salye w epi felisite kouraj ou ak detèminasyon w genyen, pou rive fè si gran travay sa a. Mwen nan menm sitiyasyon sa tou, ou bay tout diskriminasyon Lang la ap sibi vrèman.
Mwen se yon nan moun ki viktim nan fason yo inyore Lang lan tou. Mwen menm antanke pwofesè nan primè kou nan segondè, se tèks ou a ki remotive m ankò. Paske mwen te tante bay vag fas ak dekourajman leta bay.
Mèsi pou konsèy yo kamarad zantray.