Byen ekri nan lang kreyòl ayisyen an pa pi difisil pase sa a !

Byen ekri nan lang kreyòl ayisyen an pa pi difisil pase sa a !

Anpil moun toujou ap plenyen sou difikilte yo genyen pou yo rive byen ekri nan lang kreyòl ayisyen an. Nan sousi pou pote yon ti soulajman ak pwoblèm sa a, Séide Stevenson Louis Laurent(1), yon jèn pwofesè kreyòl nan plizyè lekòl nan peyi a, deside pataje avèk nou senk (5) nosyon yon moun ta dwe metrize pou rive byen ekri nan lang sila.

Nan peyi Dayiti, koze pale ak ekri kreyòl prezante l tankou yon gwo pwoblèm sitou pou sila yo ki pase sou ban lekòl. Malgre 6 oubyen 14 lane pase ap etidye kreyòl, sa pa anpeche pwoblèm sila a toujou pwente dwèt li. Si se vre pale kreyòl la parèt yon egzèsis ki difisil pou sila yo ki toujou an kontak ak lang fransè a, men rive ekri l parèt pi fasil nan sans gen kèk règ oubyen kèk nosyon sila a ki vle ekri l la ta dwe metrize. Konsa nan ribrik sila a, nou vle prezante 5 prensip ki fondalnatal nan rive ekri kreyòl byen.

I- Metrize lèt ak son yo.
Lèt yo ak son rete eleman ki pi bazik yon moun dwe metrize pou rive ekri nan yon lang. Konsa pou rive ekri kreyòl la byen, youn nan premye bagay yon moun dwe konnen se alfabè kreyòl la(konsilte yon liv kreyòl pou sa). Kòm kreyòl la gen yon règ manman ki di yon lèt egal ak yon son, sa tou vle di otomatikman konnen lèt yo se konnen son yo.

II- Metrize kontraksyon.
Kontraksyon se yon fenomèn moun itilize anpil kit se nan pale osinon nan ekri nan sousi pou rann sa y ap di osinon ekri a pi kout. Malerezman sa konn rive anpil fwa yo mal itilize fenomèn sa a. Nan sans sa a, daprè sa ki etabli, dwe toujou genyen yon espas nan mitan mo ki vini anvan aprè mo ki kontrakte a. San bliye pa gen prezan apostwòf ditou.

III- Metrize asimilasyon.
Asimilasyon an se fenomèn ki fè konnen nan pale gen anpil posibilite pou son manje lòt son ki vwazen ak li oubyen enfliyanse l jouk rive fè l sonnen menm jan ak li. Fenomèn sa a voye n tou dwat nan menm sousi pou rakousi sa k ap di oubyen sa k ap ekri men nan ekri pa gen okenn posibilite pou fè asimilasyon.

IV- Evite mete "R" devan "O, Ã’, ON, OU"
"Yon menm son toujou ekri yon sèl fason" se youn nan règ ki gen yon enpòtans kapital nan ekri kreyòl, yon mannyè pou evite genyen konfizyon nan òtograf mo yo. Konsa pou evite konfizyon, kreyòl deside mete pito "W" devan "O, Ò,ON,OU.

V- Metrize entèferans
Entèferans rete youn nan fot ki pi grav ki egziste nan ekri kreyòl epi fot moun prèske pa ka pa fè. Gen entèferans se lè lòd sentaksik, son oubyen mo nan yon lòt lang itilize nan plas sa yo ki ta dwe itilize nan lamg kreyòl la. Lè konsa kreyòl la pèdi tout sa l genyen kòm orijinalite (konsilte on liv kreyòl pou plis detay)

Pou fini, kreyòl la se yon lang ki granmoun tèt li, ki vle di li pa apiye sou okenn lòt lang pou kapab fonksyone. Nan sans sa a, li enpòtan pou kontinye aprann konnen tout sa li trennen dèyè kòm règ ak prensip pou rive metrize l.



1- Anplis li se memoran nan Travay Sosyal Fakilte Syans Moun nan Inivèsite Leta Ayisyen an, Seide Stevenson L. L se etidyan nan "Programmme de formation en techniques de traduction", yon pwogram ki rive reyalize gras ak tèt kole òganizasyon "LEVE" ak Fakilte Lengistik Aplike.

Share

Seïde Stevenson Louis Laurent 6

Étudiant finissant en Service Social à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Davart

    February 21, 2020 - 06:05:10 PM

    Bon travay! Chapo pou kokenn chenn travay sa!

  • Davart

    February 21, 2020 - 06:06:12 PM

    Bon travay! Chapo pou kokenn chenn travay sa!

  • Bel

    September 01, 2020 - 02:59:46 AM

    Bon bon bagay !