Kafou gen moun toujou: yon mizik nanm

Kafou gen moun toujou: yon mizik nanm

Viv se yon eksperyans ki fèt ak anpil aletounen. Se tankou lanmè a. Jodi a li poze, demen vag yo move kou kong. Alòs, lavi a konn griyen tout trant de l men, li konn sere sousi l tou. Nan moman li kanpe dan sere yo, lespri a konn ajite. Ajitasyon ki pa rete san konsekans sou kò a piske se li ki ba l dikte. Latwoublay kò ak lespri gen medikaman. Pami medikaman sa yo nou ka site mizik. Mizik ladoudous zorèy, mete dlo nan dife lespri antchoupwèt. Mizik pa pou sa sèlman. Mizik se tou yon zouti mobilizasyon ak konsyantizasyon. Tip mizik sa yo klèwonnen revèy ak leve kanpe. Se nan sans sa a nan mitan pasivite k ap gangrennen vil Kafou, chantè, powèt, operatè kiltirèl, Darlinjohancy ponn mòso ki pote tit "kafou gen moun toujou" a:

Kafou gen moun toujou (2 fwa)
Kafou gen moun toujou oh ouh oh ouh oh ouh oh
Kafou gen moun toujou

1
Nan kafou anpil gran nèg te pase
Konesans ak sajès yo te pote
Bèl mizik nan tan sa te konn jwe
Sa te fè kafou yon limyè pou tout kote
Maryani bidonvilize
Dlo dikini ap gaspiye
Kan lamaten an fin kraze
Pa gen kote pou timoun jwe
Tout pyebwa yo preske koupe
Epi bandi ap gaspiye n
Jodia se moman poun fe yon chwa
Pou nou wete kafou a nan fènwa

Kafou gen moun toujou (2 fwa)
Kafou gen moun toujou oh ouh oh ouh oh ouh oh
Kafou gen moun toujou

Kafou gen moun toujou (2 fwa)
Kafou gen moun toujou oh ouh oh ouh oh ouh oh
Kafou gen moun toujou

2
Nan kafou kòd lonbrit nou mare
Men kou sa bon nou pati nou bliyel
Nou tout lakoz tradisyon yo ale
E timoun yo pa jwenn bon chimen an trase
Kote klèb literè nou yo
Bibliyotèk nou yo nan dlo
Nou pa gen yon sal sinema
Kote lekòldedans nou yo
Biznis tablo tounen fado
Si w nan penti ou nan mera
Jodi a fò n ekri yon paj listwa
Pou nou wete kafou a nan fè nwa

MIZIK......

Kafou gen moun toujou (kafou gen moun, mwen di kafou gen moun) (2 fwa)
Kafou gen moun toujou oh ouh oh ouh oh ouh oh
Kafou gen moun toujou

Kafou gen moun toujou (kafou gen moun, mwen di kafou gen moun) (2 fwa)
Kafou gen moun toujou oh ouh oh ouh oh ouh oh
Kafou gen moun toujou


Mizik sa chita karebare nan mitan mizik nanm yo. Ladan l militan sosyokiltirèl Darlinjohancy montre klè kou dlo kòk richès komin nan. Yon komin ki bliye tèt li, yon komin ki koupe fache ak pase l yon mannyè pou l mare zanmitay ak enjerans. Kafou gen moun toujou se yon egzòtasyon, yon egzòtasyon chantè a fè tout moun kafou pou rekoud relasyon yo a komin nan. Rekoud relasyon yo ak komin nan vle di chwazi moun ki gen nanm ak zantray pou dirije l, monte bon jan òganizasyon kominotè pou bay vil la bourad, pran bon jan desizyon pou divòse ak koze fatra. Elt.

Boutofen, " kafou gen moun toujou" pa sèlman tit yon mizik. Se yon laverite pwennfèpa, kafou plen moun, moun ki kapab. Kafou gen moun toujou se yon gwo kout anmwey nan begwenn tout moun kafou nan lide pou yo souke kò yo, bay dèyè yo de tap pou mete vil la kanpe sou de pye l.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires