Dènye chans mwen, yon tit, yon mizik ki bay kreyòl ayisyen an on ti jarèt andiplis.

Dènye chans mwen, yon tit, yon mizik ki bay kreyòl ayisyen an on ti jarèt andiplis.

Rapò kolónyal ki egziste nan mitan fransè ak kreyòl anndan peyi Dayiti gaye kò l sou tout sektè yo nèt. Soti nan ledikasyon pou rive nan lakilti, fransè a toujou jwenn yon pi gwo enpòtans. Kèk fwa tou, souvan, pou montre aklè nan ki nivo fransè a domine kreyòl la epi pou jistifye yon enkonpetans total kapital nan pale osinon ekri lang sa a, yo itilize yon tèm yo swadizan rele "kreyòl fransize".

Youn nan sektè nou estime ki maltrete lang kreyòl la pi plis, se sektè mizikal la. Atis yo, chantè yo konfòme yo ak kreyòl fransize a pou chante nan yon lang nou pa twò konnen. Nou ta ka site nan lis sa a : Arly Larivière, Ti Lunèt, Mac D nou konsidere tankou chantè ki fè lang nan plis ditò nan sans sa a tèlman yo foure ladan l son ki pa egziste tankou "y, ø,œ,r" oubyen estrikti sentaksik kreyòl la pa genyen. Poutan nan menm sektè sa a, pami menm atis sa yo, youn rive demake l nan fason li entèprete yon tit. Dènye chans mwen. Tit sa a vini nan senkyèm pozisyon sou senkyèm albòm gwoup mizikal yo rele Harmonik la. Se atis ki rele Sanders la ki entèprete l.

Si se vre se yon tit ki mete anpil lakontantman nan kè tout anmoure konpa lòv paske li trete yon bèl sijè epi li gen yon bèl melodi ak yon tandans twoubadou. Men nou rete kwè tit sa a merite nan men sila yo ki renmen epi ap defann lang kreyòl la, anpil apresyasyon ak atansyon. Depi nan kòmansman mizik la rive jouk nan fen l, atis ki chante l la pa fè menm yon sèl grenn erè nan fason l ap pwononse mo yo. An n vini ak kèk egzanp : se kòmsi m santi m resisite ; ou releve m mete m sou de pye m ; gad jan m renmen w plis pase tèt mwen ... San konte yon efò tèt chaje ki fèt anndan tèks la pou l rete san pou san kreyòl nan fason fraz li yo estriktire. N ap souliye anndan tèks sa a gen yon pasaj fransè : "chérie je t'aime éternellement". Li se yon pwoblèm pou de (2) lang prezan anndan yon menm tèks ? Non. Nou pa ret kwè sa paske li pa konsidere tankou yon fot lengwistik epi li akseptab nan domèn atizay sitou mizik.

Dènyè chans mwen, yon bèl tit, yon bèl mizik, anpil bèl pawòl, yon bèl melodi, yon bèl vwa epi sitou yon bèl tèks ki ponn nan lang kreyòl ayisyen an pou montre klè kou dlo kòk kalte richès lang sa a genyen epitou pou montre sila yo ki nan domèn atizay (ekri) gen posiblite pou pwodui an kreyòl. Byen tande mizik sa a, fè anpil dekouvèt.

Share

Seïde Stevenson Louis Laurent 6

Étudiant finissant en Service Social à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Laisser un commentaire

1 Commentaires

  • Kervens louis

    February 19, 2020 - 02:57:51 PM

    Très cool