Men twa rezon ki fè ou dwe patisipe nan fòmasyon devlopman Wèb Appograhic ap òganize a

Men twa rezon ki fè ou dwe patisipe nan fòmasyon devlopman Wèb Appograhic ap òganize a

Appographic Conception ap òganize yon fòmasyon espesyal nan Devlopman Wèb k ap kòmanse 26 sektanm k ap vini la e k ap dire 3 mwa. L ap fèt nan lokal Shippex (35, rue Lammarre, Petion-ville). Men twa rezon ki fè ou dwe patisipe.

Men twa rezon ki fè ou dwe patisipe nan fòmasyon devlopman Wèb Appograhic ap òganize a

Guy Alain Appolon, youn nan pi bon devlopè peyi a

Guy Alain Appolon ki se PDG AppoGraphic e ki ap prensipal animatè fòmasyon sila a se youn nan wèbmastè ki pi pwolifik e pi kreyatif nan peyi a dènye jou sa yo. Yon kout je sou sit antrepriz li a http://www.appographic.com ap mete w devan evidans konpetans lajman laj jèn pwofesyonèl la. Alòs genyen l kòm pwofesè w nan domèn se youn nan pi bon desizyon ou te ka pran.

Men twa rezon ki fè ou dwe patisipe nan fòmasyon devlopman Wèb Appograhic ap òganize a

Genyen plis, depanse mwens

Nan syèk nou ye la, yon sit entènèt se youn nan eleman enpòtan pou koze imaj (Branding) kèlkeswa antrepriz, enstitisyon oswa tout pwojè ki enskri sou yon dire ki plizoumwen long. Anfèt, yon sit entènèt koute pou pi piti 1000 dola ameriken. Alòs rive devlope kapasite nan domèn sila ka non sèlman ede w fè plis lajan (demann yo anpil) men tou ede w depanse mwens nan dinamik reyalizasyon pwojè pèsonèl ou yo.

Men twa rezon ki fè ou dwe patisipe nan fòmasyon devlopman Wèb Appograhic ap òganize a

Yon bèl opòtinite

Jwenn posiblite reyalize rèv ou nan domèn sa a, anplis ak youn pami pi bon devlopè nan peyi a, pou pri piyay sa a se pa yon chans ou dwe kite pase. Kouri prese prese ekri youn nan nimewo sa yo pou rezève plas ou: 509 3618 43 17 / 3847 16 27 oswa itilize lyen sa a pou w enskri: https://forms.gle/A2AdysmWNq8LSdyJ9.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Appolon Guy-alain

    August 30, 2021 - 08:24:27 PM

    Mèsi Kafou News

  • Appolon Guy-Alain

    February 12, 2023 - 05:42:00 PM

    #Coding