Jodi 22 Jiyè 2020 an, Alliance des Pasteurs et des Ligues Évangéliques pour L'Évangélisation d'Haïti (APPLEH)rankontre laprès epi lanse yon pinnga bay prezidan repiblik la,Jovenel Moise. Yo di yo ba li twa jou pou li antre dekrè sou nouvo kòd penal la, sinon y ap foule beton an pou tout bon.
Se te jodi a,nan lokal legliz "Armée du Salut" ki chita kò l nan komin kafou anndan Kotplaj 22, reskonsab APPLEH yo te reyini nan sousi pou yo rele chalbare dèyè kòd penal lanfè, daprè sa pastè Lionel Menthor di, prezidan Jovenel Moïse vle fè pèp la bwè a. Pastè a fè konnen si samdi a midi yo pa tande ofisyèlman prezidan rantre kòd penal zobop li a, pou tout pastè ki nan zòn sid kapital pran lari a jou ki ap dimanch 30 jiyè a pou montre gouvènman sa yo peze. Pi lwen pastè Menthor fè konnen mach la ap tanmen, sizoke prezidan pa antre dekrè li a, bò sant espòti kafou a pou rive sou plas fontamara.
Pastè Esmath Sainval ki se youn nan reskonsab mouvman sila bò kote pa l fè konnen prezidan Jovenel Moïse dwe konnen pèp la
pa pitimi san gadò, si prese prese li pa rantre dekrè li a, yo menm lidè evanjelik y ap leve kanpe. Pi lwen, lidè "Plateforme des Leaders Évangéliques pour le Dévéloppement d'Haïti"(PLEDEH) a fè konnen Abraram disètase: lidè evanjelik yo makònnen pou goumen pou devlopman peyi a.
N ap raple sa fè twa semèn depi mesyedam APPLEH yo pran bòt pèlèren yo pou sonnen klewon rèvèy lidè evanjelik yo. Ann atandan, yo akouche yon estrikti kise : "Collectif des Pasteurs du Sud de Port-au-Prince".
0 Commentaires