28 septanm 2021: dezyèm sòti "À haute voix"

28 septanm 2021: dezyèm sòti "À haute voix"

Madi 28 septanm k ap vini la a, bó 6è nan aswè, se ap dezyèm sòti evènman atistik e literè ki pote non "À Haute voix" a nan "Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne" la nan Kafou (Tò 12).

Aktivite sila ap mete an vedèt mizisyen Destin Jean Claudy ak ekriven Romy Jean François. Powèt la ap siyen liv tou nèf li a ki gen pou tit "Nan lakou Zonbi veste" (750 goud).

Davart, Guyvo, Jhon Daniel Joly se non twa lòt atis k ap pèfòme nan pwogram lan bò kote ekriven-avoka Franck S. Vanéus k ap genyen pou li anime yon kozri anba tèm " Lire en temps de crise".

NB: Gabynho ap prezan tou ak rekèy nouvèl li a gen gen pou tit Zantray (400 goud).


"À haute voix", yon evènman ou pa dwe rate pou anyen.

Share

La Rédaction 221

Kafounews

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Edlens Ulysse

    September 27, 2021 - 08:33:47 PM

    Bon bagay !!!

  • Exantus Pierre Kendy

    September 28, 2021 - 12:18:42 AM

    Se très entèresan. map la

  • Exantus Pierre Kendy

    September 28, 2021 - 12:20:35 AM

    Se très entèresan. map la