Ou se de mo twa pawòl

Ou se de mo twa pawòl

Manman m pouse m
Ou ranmase m
Oumenm ak manman m
se senkant kòb ak degouden
Menm Plim menm plimay
De pè zo byen monte
M sere nou anba tete goch mwen

Renmen w se pi bèl zak malonèt m poze
M pran plezi ladan
epi m p ap janm kite

M ap ret kole nan degwenn ou tankou tatou sou sifas kè
M remèt ou bonnanj mwen
Mennen m kote w vle
Lè w vle jan w vle

Ou pral nan simityè mennen m
Ou pral anba lanmè mennen m
Ou pral nan paradi mennen m
Ou pral nan lanfè mennen m
Dayè lavi pagen pyès gou isit la san ou

Ou se de mo twa pawòl
Yon sekrè nan kè grenn pwomennen
Yon priyè inivèsèl
Yon kreyati sen solèy venere pou bay lanmou ralonj
Pousyè kò w se pwomès lavi etènèl van an pa fouti charye [...]

•Floriyo Jean Grégory

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires