Kwa senbo

Kwa senbo

M fatige milite denonse ak revandike asosye kite m fè eskal sou tonm gransimityè debouche sou non m
Anvan leta pete fyèl mwen

M p ap tann pyès move vag mennen m lagonav
Dayè tout vwal kannòt egzistan mwen kreve
Alèkile
li pi fasil pou yon grenn bal ede n travèse je zegui letènite
San souf nou pa kwoke
Nan pwèl van an
Pase tout lòt mwayen transpò yo
M ap ekri powèm sila a ak tout transpò lanmò m anba lang mwen
Nan plas grenn sèl esperans manman m
Sèkèy maboulè m anba kè m

Asosye
Peyi n pwapwa anba flanm kawotchou politisyen lepandjè
Lavni tchovi yo twoke ak kap anbonbe fil zarenyen refize
Bò isit
Libète ekspresyon nwaye nan basen silans
Tout kwa sou bouch se kwa senbo...




Gregphile Gregphile

Share

La Rédaction 238

Kafounews

Laisser un commentaire

1 Commentaires

  • bobbypaul 2022

    December 17, 2022 - 04:25:51 AM

    *****



    lakwa pase pran gwo lobo
    san bliye ti bobo
    gason tate zo flanbo
    ponpe bat bravo
    epi rele: aboboooooooooo