Rivyè fwad
Lè lapli tonbe manch long
li lave tèt rivyè fwad
bèten ranmase kako l
kafou reprann sant kò l
vil la bale tout fatra k te nan kòsay li desann
tout doulè kiltivatè degan ak tayfè ateri bòdmè ...
GREGPHILE
Rivyè fwad
lè lapli tonbe manch long
tout tchovi sèl anba lang
nanpwen pasaj
pou granmoun
al fòse lavi krache nan pla men yo
rivyè fwad
lè lapli tonbe manch long
lavi friz
lòtbò dlo a se ziltik
leta pa gen lonnvi
se pa fòt lameri
si lè rivyè fwad fache
li kite vivan sou wout li
Gabynho
Rivyè fwad - 2 powèm anba kout plim Gregphile ak Gabynho

La Rédaction 259
Kafounews
3 Commentaires
Jean domond
October 29, 2025 - 12:02:36 PMRivyè fwad se tout yon istwa pou pèp kafou. Se sel kote ou teka al tranpe renw nan gro solèy midi. Rivyè fwad se sel andwa ou ka kase yon randevou ak ti lanmourèz ou kou soley preske di orevwa koul fè 6 zè tapan. Rivyè fwad sete sel kote ou pa bezwen Gen dra ni zòrye pouw al fè yon ti kabicha anba pye sitwon yo. Rivyè fwad sete sel kote ki bay zepol ak fanm nan bèten pou yo pa janm bay legen lè lavi a ap trakase yo. Anfen rivyè fwad . Je me souviens encore de toi.
François Blanchard
October 29, 2025 - 02:50:18 PMRivyè fwad se balanswa grenn sab Gravye wòch tout koulè Se chimen lapènn lè tan an demwazèl Se ti kwen prefere madan letan Rivyè fwad se krèv kè Se loraj gwonde Se ranje kòw banm pase Degringolade dlo je malere ki al pèdi nan lanmè
Jean Weslin Larose
October 31, 2025 - 11:38:37 PMSe peyi sa nèg yo vle detui a mesye. Pou tout sèvo sa yo ladan l k ap fè moun reve. K ap bouste lavi moun chak jou atravè zèv ... Yo. Longue vie à vous mesye pou kalite travay nou yo.