Devan dèyè

Devan dèyè

Isit nanm nou tèt anba
Tèt nou nan fant janm nou
Landrèt nou chita nan lanvè n
Paradi n chita nan lanfè n Blan fè n wè nwè
Blan fè n wè fènwè gran jounnen
Maladi n chita nan refè n Revè n se boul pè
Pye n fi n sèch nan vire won sou kadav


Nou mete tèt kale pou kale tèt nou
Nou mete je pete pou di n kale je n
Chèf ki tounen gang fè nou pran gang pou chèf
San rann nou kont nou rann kont san nou
San n pa f on bòt sistèm nan bat nou ak eskò tenis


Isit depi byen bonè twò ta bare n
Myèl nou amè
Syèl nou atè
Nan pete rèl fyèl nou pete
Kè nou rete vi nou ale
Nou lave men n siye atè
Nou aktè nan fi m nan
men bandi touye n
Bandi piye n


Nou esklav mache jis paske n te prete libète pye n Isit im nasyonal tounen chante mès mò
Lapolis pran plas G9 Jounen n chich
Nich nou chèch
Nwit nou saf Apokalips pran plas genèz
Nou plante dlo nou mouri swaf
Nou bay lavi dwèt li vomi san
Lè n pot lidè sou do n se nou k pran baf


Nou devan dèyè


•▪︎• Gathely D. Chery

Konsènan otè a

Gathely D. Chery fèt nan vil Okap, nan jounen ki te 09 Janvye 1997 la. L ap fè yon etid nan syans politik nan "Campus Henry Christophe de Limonade". Gathely se kominikatè, blogè, ki pibliye atik nan "Amabilite Magazine". Li se yonn nan redaktè "Quid Haiti" ak "COMACTU".

Share

La Rédaction 238

Kafounews

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • ST JEAN Guy-Gladson

    March 19, 2023 - 10:17:18 AM

    BON TRAVAY GATHELY ????????????????????????????????

  • ESPÉRANCE Spring Anter

    March 19, 2023 - 02:07:08 PM

    Tèks la rèd, kenbe la kolòn. Chak m wè youn nan nou ap fè bagay ki pozitif se ap yon plezi pou m di se kamarad mwen nan Inivèsite a.