Yon lèt pou manman m

Yon lèt pou manman m



Manman,
Mwen mèt konte sou ou pou m pran ti souf si tout fwa mwen Pa gen tou nen.
Ou te konn relem ti sitron w men nan lèt ou mwen pa t janm tounen.
Manman pa m se yon fanm vanyan nan pwen genyen.
Manman pa m se yon boukan dife san lafimen.
P ap gen ase sik nan pwent plim mwen pou mwen ta sikre lèt sa.
Bèl pawòl ki reflete bote ou.
Bèl rim pou eksplike bonte ou
W a va jwenn lanmou nan chak liy ki se sekrè lèt sa.
Manman ki banm lavi,
Mwen mande ou padon pou doulè tranche.
Mwen mande ou padon pou tout lè m fè ou fache.
Ou toujou vle byen pou mwen e se pou sa ou toujou pale m.
Ou toujou fè kè m kontan ak yon ti graten bò manje m, chak lè ou fin kale m.
Pwa ou mete sou do w pou w ka leve m byen montre ou pa nenpòt ki atlèt.
Pou mwen pale de ou ak tout kalite w fò m ta ekri yon bibliyotèk pito ak lèt.
Lanmou m pou ou ap toujou rete limen jiskaske solèy la va etèn.
Mwen pa di l paske mwen sou may si tout fwa ou ta panse entansyon m se chèn.
Men, se enspirasyon m ki dechennen, pou montre jan mwen ave w anchennen.
Manman se yon diskou l'ONU ki enplike tout nasyon.
Manman p ap janm sispann ekziste nan kè nou tout de tout fason.
Mwen kontan paske mwen konnen lajwa va jayi nan kèw lè ou tonbe sou lèt sa.
Wi, mwen konen w ap kontan.
Mwen konen wap fyè de mwen.
Manman?
Mwen vle ou souri paske ou travay pou sa.
Laswè k ap koule nan vizaj ou lè wap bourike pou ou ka banm pen.
Se menm laswè sa ki enspirem ekri w jodia.
Lanati dwe ou respè e ou pa dwe l monnen paske li p ap janm ka fin peye w antanke yon bèso kreyasyon.
W ap toujou A jiska Z nan alfabè lavi m.
E jamè mwen p ap janm ABC ou .
M ap leve w wo tankou jeriko e jamè ou p ap tonbe.
Wi manman ou se lamann.
Kalite ou yo antanke fanm vanyan gen gou lèt gen gou myèl.
Wap toujou rete yon idòl pou mwen paske ak diyite w ou toujou rete fidèl.
Anba tout difikilte ou toujou "kenbe rèd pa moli".
Gason toujou egri paske devan pantalon yo pa konsa.
Wap rete imòtèl menm si ou ta kite tè sa.
Paske ou imòtalize nan tout lespri.
Manman ou se anti strès "comme il faut" mwen
Menm si ou pa gen lespri tabak.
Wap rete pi gwo filozof ki ekziste paske mwen aprann anpil nan lise imen w.
Manman pa mwen si telman good, menm siw ta gen dola ou pap ka achte onètete li paske li se yon ewo.
Mwen renmen ou anpil. Pou san fwa ou ki evite w fè eskandal.
Yon lanmou kout kiyè, kout sentiwon ak pla sandal.
Mwen renmnen ou paske tout sa yo se pou mwen ka leve dwat.
E pou devan moun pou mwen gen rezon pou mwen pa janm koube .
Manje manman pam pi gou ke pa vwazin nan.
Se sak fè mwen pa janm al kay moun.
Wi manman mwen konen ti pawòl sa yo ap fè w ri.
Mwen p ap rate okazyon poum pale kijan ou gate m ak dlo diri.
Manman mwen p ap sispann di kijan ou inik anfen.
Lè nou fache nou rekonsilye ak yon ti dlo vyann ak pen.
Ou te mèt obèz men devan manman pa m ou p ap fè pwa.
Se fanm sa ki gate m nan manje ti grenn pwa.
Sa se koze manman pitit ke okenn bagay nan mond sa pap janm ka egale li.
Fanm sa a, wi se yon bèl e bon fanm.
Sa se koze manman pitit ki fè m paka pran cham lòt fanm.
Pap gen ase pawòl nan bouch mwen pou mwen ta konble zòrèy ou.
Mo mwen yo gen bèl wotè men yo pa ase diy pou yo ta touche menm zòtey ou.
Mwen fyè paske mwen soti nan zantray yon fanm tankou ou.
Mwen kontan paske tankou yon zanmi mwen genyen ou tou.
Mwen renmnen ou anpil manman.


#Steevenson Petit Dore
#Challenge#UneLettreÀMaMère2022

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

42 Commentaires

  • Sthécie Samaïssa DEROSIER

    May 19, 2022 - 03:33:18 PM

    Beau texte
    Bravo!

  • Pierre Rebecca

    May 19, 2022 - 03:43:49 PM

    Mwen renmen teks sa anpil

  • Thayou jean

    May 19, 2022 - 03:45:53 PM

    Beau texte, très profond.
    Good job!

  • Thayou jean

    May 19, 2022 - 03:45:54 PM

    Beau texte, très profond.
    Good job!

  • Thayou jean

    May 19, 2022 - 03:45:54 PM

    Beau texte, très profond.
    Good job!

  • Djounesaintulus

    May 19, 2022 - 03:47:51 PM

    Bravo cct

  • elsaïda genelus@celum.edu.ht

    May 19, 2022 - 04:09:25 PM

    J'apprécie beaucoup ce texte. Félicitations.????

  • Fb-jay

    May 19, 2022 - 04:13:43 PM

    Honnêtement, je ne trouve pas les mots pour me réconforter. j'aime le texte c'est devenu un amour ferme plus pour ma mère. félicitations mon frère

  • Samantha Petit Dore

    May 19, 2022 - 04:21:07 PM

    Wawww???? très fort mon frère

  • Samantha Petit Dore

    May 19, 2022 - 04:21:28 PM

    Wawww???? très fort mon frère

  • Ruthny Mathurin

    May 19, 2022 - 04:29:34 PM

    C’est forttt mon frère

  • Bulgens

    May 19, 2022 - 04:38:23 PM

    Rèd rèd????????????????

  • Andou

    May 19, 2022 - 04:44:45 PM

    Beau texte
    Bravo!!!

  • Marvens

    May 19, 2022 - 04:50:28 PM

    Mon pote tèks sa bèl anpil
    Bon travay

  • Ralph

    May 19, 2022 - 05:37:23 PM

    Notre cher Socrate????????????????

  • Darluoma previlon

    May 19, 2022 - 06:05:07 PM

    Wow me gusta mucho ese texto

  • Inconnu

    May 19, 2022 - 06:47:36 PM

    Je valide!

  • Dorce

    May 19, 2022 - 08:22:46 PM

    Wawww valide

  • Glarabia

    May 19, 2022 - 08:47:19 PM

    Félicitation!! Très profond

  • Béatrice

    May 19, 2022 - 09:34:00 PM

    Wawwwwwwww bon travay

  • Charline

    May 19, 2022 - 09:41:16 PM

    ????????????

  • Charline

    May 19, 2022 - 09:41:40 PM

    Bravo????????????

  • Miloveda PIERRE

    May 19, 2022 - 10:46:32 PM

    Félicitations !!!

  • Owens MATHURIN

    May 19, 2022 - 11:40:52 PM

    Met manman nou an valè ba yo enpòtans yo merite.
    Kontinye konsa frèm.

  • Owens MATHURIN

    May 19, 2022 - 11:40:55 PM

    Met manman nou an valè ba yo enpòtans yo merite.
    Kontinye konsa frèm.

  • Nathalie

    May 20, 2022 - 12:34:59 AM

    Waw li bel anpil

  • François slylie

    May 20, 2022 - 12:48:33 AM

    Mw remrem manmim abpil

  • François slylie

    May 20, 2022 - 12:48:33 AM

    Mw remrem manmim abpil

  • François slylie

    May 20, 2022 - 12:50:10 AM

    Mw remrem manmim abpil

  • Frantzdy

    May 20, 2022 - 02:20:25 AM

    Félicitations..!

  • 小卡里

    May 20, 2022 - 03:47:46 AM

    C'est un très beau texte.
    Un texte à la fois touchant et profond。
    做得好! 加油!????✌️

  • JN WESLIN

    May 20, 2022 - 02:44:19 PM

    M renmen fason w jwe ak mo yo nan tèks la. Good job.

  • Mogene Betty

    May 20, 2022 - 05:04:09 PM

    Wawww ????????????

  • Gerlove

    May 20, 2022 - 08:14:18 PM

    Woawww????????????????????????????????Félicitations se yon bel teks li chaje fon ak eneji ladan franchman dlo kouri nan je m. Pike pou pi devan pa janm panse abandone bon travay

  • Willy

    May 20, 2022 - 08:36:00 PM

    Bravo bro teks la vreman bel

  • Mme Derosier

    May 20, 2022 - 11:06:07 PM

    FÉLICITATIONS STEEVE TRES belle texte

  • Mme Derosier

    May 20, 2022 - 11:11:47 PM

    Félicitations STEEVE, très beau texte!

  • Alfredo

    May 20, 2022 - 11:11:49 PM

    Good job Dude

  • - Chromo -????

    May 21, 2022 - 04:21:44 PM

    Sa e nèg ki dim li pa ekri ankò wa uiii???????? énergie an doublé ???? émotion yo débordante ???????? texte lan jus wowwww et li à la hauteur d talent' w fier d inspiration an ????????

  • - Chromo -????

    May 21, 2022 - 04:25:59 PM

    Sa e nèg ki dim li pa ekri ankò wa uiii ,,,, énergie an doublé @ émotion yo débordante ● texte lan jus wowwww ♡ et li à la hauteur d talent' w fier d inspiration an □■□ e fier d ou équipe

  • Colin Christopher

    May 21, 2022 - 06:00:29 PM

    Domaj ou poko antre nan rap kreyol la baky tap gen pwob a bagay Pi konn ekril, gadon eneji ti jèn lan gen souli , domaj mpa gen ase Sucre pou klavyem te sucré kmantè sa bout talan #FOCUS ????????????????

  • Dany

    May 22, 2022 - 01:22:48 AM

    Buen trabajo ????