Jemisman w

Jemisman w

M poze men m sou tè sakre w
Yon kòlonn zetwal pran vòltije
Si w konn se nich toutrèl nan sezon pitimi
Ou jemi
Epi m tou fonn

Jemisman w se kout ri Bondye
Se yon goudougoudou ki mete m plat atè
Pou mwen se pi bèl gòspèl ki genyen sou latè
Se yon kout tanbou ki met nanm mwen lanvè


Lè w jemi je m vèt
M wè tout koulè
Dousè w enfekte m
M pran nan viris ou
M voras
Se devore m ta devore w san kite yon ti kras


Chak lè w jemi cheri syèl la fann
Epi l kite yon vid k ap blayi nan fant tete w


M poze men m sou tè sakre w
Yon kòlonn zetwal pran vole Tankou se yon nich myèl ki t ap fè panach nan fant janm ou
Ou jemi kè m fonn
Pwezi a tou fini



•▪︎• Witerwan K. Jean

Witerwan K. Jean fèt yon 12 avril nan lane 2001 nan vil Lascahobas. Li fè Etid klasik li nan kolèj Évangélique Baptiste soti premye ane rive nan segondè 2 epi li tèmine nan kolèj Saint Gabriel Lascahobas.Pou koulye a l ap fè yon etid nan sosyoloji nan kanpis Henry Christophe la, Limonad.

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

4 Commentaires

  • Samuel VIXAMAR

    March 19, 2023 - 01:36:41 AM

    Pwezi a gen anpil fòs anba kout plim misye, vè yo fasil pou fèt men sa pa anpeche yo oze epi yo enprevizib. Imaj yo byen chita, yo louvri imajinasyon m antank lektè, mwen rive wè a klè sèn k ap dekri a sou plas. Se yon vwayaj byen kout men ki ka mennenw lwen. Ewa ewa pou pwezi!✌????✌????✌????

  • Jean Jhoevany Marcellus

    March 19, 2023 - 06:25:22 AM

    Yon tèks ki dekoule de yon enspirasyon fluide. Yon tèks ki gen yon melanj imaj natirèl e ki pa diminye sou aspè ewotik li.

  • Taylor DELVA

    March 19, 2023 - 08:20:20 AM

    Stylo d'or, antouka non misye Di ki kote pawòl yo sòti, m pa bezwen ajoute anyen pou m pa tou devan dèyè.

  • Roosevelt Paul Edgar Darcelin Junior FLEURANT

    March 22, 2023 - 10:08:29 AM

    Bon bagayyyy!!! ???????????? Kontinye fè chimen w gran frè????????????????????