Angletè malmennen Senegal epi kalifye pou 1/4 de final

Angletè malmennen Senegal epi kalifye pou 1/4 de final

Raj Lyon Teranga yo pa rive fè okenn diferans devan yon ekip anglè ki te plis jwe ak tèt yo. Yon match yo te kòmanse ak anpil entansite. Chak aksyon yo te mete anpil kè sote nan kan anglè yo. Men, se te san konte sou Pickford ki te mete tout kapasite l deyò pou kenbe filè l vyèj. 

Anglè yo, avèk anpil efikasite ta pral mete dlo nan diven patizan Sadio Mané nan twantuityèm minit match la. Handerson louvri eskò. Yon gòl ki te vire lòlòj senegalè yo ki te pèdi sans jwèt yo te komanse jwe a. Yo pran yon lòt gòl nan fen premye mitan. Patwon anglè yo, Harry Kane, pete kannkès yo. Podyab!

Dezyèm mitan lage, Aliou Cissé chanje zam ofansif li yo. 3 jwè nèf monte, men sa pa chanje anyen. Okontrè, atakan Gunners la, Saka, kase kou poul la nan 57èm minit. Blak yo frèt kou mab. Tèt glas, Soutngate retire jwè kle l yo. Li pran monopòl jwèt la nèt al kole. Lè ap kouri. Fistrasyon, senegalè yo antre nan jwe bosal.

Piiippp !! Match fini. Pou anpil nan nou, si Mane pa t blese, Senegal te ka rive pi lwen. Pandanstan, n ap prepare nou pou n al suiv 10 desanm k ap vini la, pou premye fwa, yon match boul Lafrans kont Angletè nan faz sak pèdi al fè wout li.


• Oriol Antoine

Angletè malmennen Senegal epi kalifye pou 1/4 de final

Share

La Rédaction 213

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires