Foutbòl: Chanpyona premye divizyon ayisyen an pral rekòmanse

Foutbòl: Chanpyona premye divizyon ayisyen an pral rekòmanse

Federasyon k ap jere koze foutbòl nan peyi Dayiti a ak komisyon ki reskonsab òganize konpetisyon nasyonal yo lanse ofisyèlman sezon 2020-2021 jwèt ayisyen pi tizè a.

Plis pase senk (5) mwa apre federasyon an te kanpe tout chanpyona yo, yon mannyè pou te goumen ak pandemi kowonavoris la nan peyi a, jodi 13 jen 2020, yo lanse yon lòt sezon tou nèf. Se chanpyona premye divizyon an ki alapòt. L ap tanmen nan estad "Sylvio Cator" jou ki ap samdi 5 sektanm 2020 an. Se nan dat sa vye tig la (Racing Club Haïtien)ap resevwa ekip "Archaïe FC a". Tout rès match yo ap jwe nan dimanch 6 sektanm:

Tempête vs Fica
Cavaly vs Ouanaminthe
Cosmopolites vs Don Bosco
As Mirbalais vs Real Hope
America FC vs Baltimore SC
AS Capoise vs Violette AC
Racing FC vs Triomphe AC
USR vs Juventus FC


N ap raple pou dezyèm divizyon bò kote gason yo se dat 5 sektanm nan ki kenbe tou. Epi pou twazyèm divizyon mesye yo ak premye divizyon medam yo, y ap tanmen nan dat 26 sektanm 2020 an.

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires