Haïti-Football: Yon latriye mezi tou nèf pou chanpyona dezyèm divizyon an

Haïti-Football: Yon latriye mezi tou nèf pou chanpyona dezyèm divizyon an

Nan sousi pou prepare chanpyona dezyèm divizyon an pou sezon 2020-2021 an, dirijan Federasyon Foutbòl Ayisyen yo te chita nan Kingdom Hôtel nan "Tabarre" ak reskonsab klèb yo nan jou ki te 22 ak 23 jiyè 2020 an.

Responsab foutbòl ayisyen yo ak dirijan klèb ki nan dezyèm divizyon maskilen yo te reyini nan dat 22 ak 23 jiyè ki sot pase la nan lide pou planifye nouvo sezon ki pral gen pou komanse 19 septanm kap vini an. Nan reyinyon sila a, dirijan yo pran yon latriye desizyon nan sousi pou chanje figi chanpyona epi rann li plizoumwen pwofesyonèl.


Sezon sila a ta dwe jwe ak 56 ekip ki ap separe an 4 gwoup. Yon kantite ki ta dwe vin pi piti sezon aprè a, piske 12 nan ekrip sila yo ap tonbe nan twazyèm divizyon ,epi 3 lòt ekip nan twazyèm divizyon an ap monte nan dezyèm divizyon. Sa ki ap bay yon total 47 ekip pou sezon annaprè a.


Pou chanjman sa yo rive materyalize tout bon vre, yon premye kote dirijan federasyon yo mande pou responsab klèb yo pote kontra jwè yo nan biwo ki reskonsab koze sila a epi mete yo an règ, dènyè lè 20 dawou, ki se dat mache transfè a ap kaba. Yon lòt bò, Federasyon an mande pou klèb yo enskri yon total 35 jwè mete ak estaf teknik klèb yo pou sezon 2020-2021.


Pou sa ki gen rapò ak lajan federasyon an pwomèt 4 mil dola ameriken pou chak ekip. Lajan sila a ta dwe disponib pou ekip avan komansman chanpyona a. Toujou nan kad sibvansyon FIFA a ekip yo pap peye enskripsyon, menmjan tou yo pap peye pou lisans okenn jwè pou sezon sila a.



Sous: https://www.ferisports.com/foot-d2-des-nouvelles-structures-dans-le-championnat-national-de-deuxieme-division-haitienne/

Share

Laisser un commentaire

0 Commentaires