Lekòl foubòl "Sizyèm sans" lanse yon lòt sezon foutbòl tou nèf, douzyèm nan.

Lekòl foubòl "Sizyèm sans" lanse yon lòt sezon foutbòl tou nèf, douzyèm nan.

Pami enstitisyon ki bay tèt yo misyon pou ankadre timoun ak jèn nan sousi pou ba yo yon espas pou ede yo devlope talan yo ak ede yo epanouyi pi byen, lekòl foubòl Sizyèm Sans se youn ladan yo.

Fonde nan 27èm jou premye mwa lanne 2007 la, sizyèm sans se yon lekòl foutbòl ki chita kòl nan komin Kafou. Objektif yo se konbat delenkans kay jèn, daprè sa reskonsab jeneral li, Délices Mackenson Germain rapòte. Li kontinye pou l di, pou ride plis jèn entegre lekòl foutbòl la epi pou kontinye pousib misyon yo, chak kat (4) mwa yo òganize plizyè seyans deteksyon pou ede sila yo ki gen talan men ki pa gen lajan entegre lekòl foutbòl la.

Pou kounya lekòl foutbòl la gen anviwon 700 timoun ak jèn ki gen nan tèt yo yon seri ankadrè pwofesyonèl epi konpetan k ap aprann epi ede yo jwe foutbòl pandan yo tou aprann lanmounite ak sitwayènte.

Enskripsyon pou nouvo sezon an kòmanse nan mwa septanm nan pou tout paran timoun ak adolesan ki vle wè pitit yo vini yon foutbolè pwofesyonèl. Toujou daprè sa reskonsab jeneral la fè konnen, sila yo ki enterese ka pase enskri nan Sant Espòtif Kafou a, ki se kote seyans antrènman yo fèt, ak 500 goud oubyen nan biwo lekòl la ki chita kò l nan 623, 2èm enpas Ulysse, Lamanten 54, Kafou. Anplis, yon frè 250 goud chak mwa pou ede lekòl la fonksyone.

Ann kontinye ankouraje timoun yo ak jèn yo pratike foutbòl ki se espò ki popilè nan lemonn ak an Ayiti. Pou plis enfòmasyon pa ezite rele sou nimewo sa yo : 509 3469-3108 / 4884-5708 / 4784-6472 / 3150-5325.

Share

Seïde Stevenson Louis Laurent 6

Étudiant finissant en Service Social à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Laisser un commentaire

1 Commentaires

  • Konfòt chelòv

    August 05, 2022 - 01:52:38 PM

    47424476