Coupe du monde 2022: dènye mondyal jwè sa yo

Coupe du monde 2022: dènye mondyal jwè sa yo

Nan 141 ou ankò 22e edisyon mondyal foutbòl mesye yo ap kòmanse nan lakou Qatar (Kata). Edisyon sa se youn nan edisyon ki pi sepsyal ki janm fèt pou plizyè rezon: se premye fwa mondyal la p ap fèt an ete; se yon mondyal ki gen anpil pale anpil sou li pou maltretans moun sibi nan konstui stad yo, sa ki fè gen yon pa kèt moun nan mond lan ki chwazi bòykote konpetisyon sila. Men, youn nan rezon ki pral ba l yon ti gou anplis, se paske se pral moman pou kèk jwè ki swa konn briye nan konpetisyon sa oubyen kèk nan pi gwo lejann foutbòl la fè yon kraze kite sa. Se moman pou n dekouvri kèk ladan yo.

Lionel Messi

16 Jen 2006, nan 75e minit Leo Messi monte nan match Ajentin t ap jwe kont Sèbi-Montenegwo. Aprè sa, lejand baselòn nan jwe 3 lòt konpetisyon mondyal avèk Albiseleste a epi fè 6 gòl ak 5 pas gòl, 1 final (2014) pou 19 match. Messi pral antre nan 5e mondyal li kòm kapitèn yon ekip ki favori. Se pi bon moman pou jwè 35 lane a kite foutbòl seleksyon an ak koup la nan valiz li.

Luka Modriç

Pi gwo jwè Kowasi a sot gen 35 lane 9 septanm nan. Li se foutbolè ki jwe plis match pou peyi l, li te kapitèn ak pi bon jwè ekip Kowasi ki t ap 2e nan mondyal 2018 la. Lè koup dewòp 2024 la pral jwe, Modriç ap gen 37 lane, nou gen rezon pou n pa kwè balon dò 2019 la ap kontinye pote koulè peyi l pou mondyal 2026 la.

Guillermo Ochoa

Nenpòt amatè k ap gad foutbòl konnen Guillermo Ochoa se youn nan pi gwo gadyen ki jwe mondya foutbòl senyò. Chak 4 lane, depi 2006, lejand peyi Meksik la sòti kote l sòti (li pa janm jwe nan yon klèb menm 2e nivo an Ewòp) epi l vin fè dega avèk parad epi reflèks li yo nan mondyal moun yo. A 37 lane, Ochoa gen posibilite, si li seleksyone pou mondyal Kata 2022 a, pou l fè atakan ekip advès yo fè gwo kolè. Pyès moun pa bliye match li te jwe fas ak Brezil nan mondyal 2014 la. Prezans li an 2026 pa evidan ditou.

Daniel Alves

Nan tout istwa jwèt la, pa gen pyès moun ki chanpyon plis fwa pase Alves. Poutan, lateral dwat brezilyen an ap kouri dèyè yon mondyal depi 2010. A 39 lane, li kòmanse prepare l pou l al dèyè tit sa pou l antre plis nan istwa jwèt la. Se dènye chans li.

Pepe

Yon defansè solid, yon karyè memorab, Képler Laveran Lima Ferreira ap gen 40 lane nan mwa Mas 2023. Avèk seleksyon pòtigèz la, li chanpyon lig dè nasyon UEFA (2019) epi koup dewòp (2016). Pa gen diskisyon sou sa, si yo rele l dènye gwo konpetisyon pou poto mitan defans FC Porto a.

Kèk lòt non ki te ka nan lis la

Nan lis sa, gen plizyè non ki te ka la, tankou Manuel Neuer, Hugo Lloris, DiMaria, Sergio Busquest, Sergio Ramos, Cristiano, pou m site sa yo sèlman. Se moman pou yo pwofite ban nou dènye spektak yo. Pyès moun pap bliye zetwal sa yo.

Share

Niensky Métélus 13

Collaborateur à Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires