Laye Création òganize premye konferans li

Laye Création òganize premye konferans li

Mèkredi 12 dawout 2020 an, "Laye Création" te òganize premye konferans li anba tèm: " La création d'entreprise et ses implications juridiques". Yon konferans mèt Franck Vanéus te pran tan l pou l prezante nan "La Shekina Hotel" ki nan zòn Tò 10 nan Kafou.

Avèk plis pase yon trantèn patisipan, Laye Création, yon antrepriz sosyal kap travay nan domèn Atistik nan zòn Kafou te òganize yon konferans, nan sousi pou pa t kite jounen entènasyonal jèn yo pase nan fè nwa nan komin nan.


Manadjè Laye Création an, Nicoletta P. MOISE, nan bout aktivite a, presize konferans lan te fèt nan sousi pou ede tout jèn sitou nan komin Kafou ki gen lide kòmanse yon antepriz, gen bon jan lide sou sa yo fè pou mete yo korèk devan lalwa. Pi lwen li wete chapo l byen ba devan tout moun ki te prezan nan aktivite a epi envite yo rete konekte ak antrepriz la sou tout rezo sosyal yo, yon mannyè pou yo toujou okouran de tout lòt evenman k ap kuit yo.


Fò n pa bliye, Jounen Entenasyonal Lajenès la, se yon jounen y ap komemore depi fen lane 1999 kote asanble Jeneral Nasyonzini an te dako mete l sou pye pou pwogram aksyon mondyal Jenès la. Jou sila a selebre nan lide pou mete jèn yo an avan nan travay pou developman kap fèt toupatou nan lemonn, se yon mwayen sansibilizasyon ak enplikasyon. Ane sa a tèm yo te kenbe pou jounen an se: "L'engagement des jeunes pour une action mondiale".

Laye Création òganize premye konferans li

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires