Jodia, Gabynho boukante lapawòl ak chanpyon premye edisyon konkou pwezi òganizasyon "Action Commuautaire de Transformation et d'Intégration Formelle" (ACTIF) òganize anba tèm "Timoun se moun" nan. Powetès la kase koze sou lanmou l pou pwezi, rankont li ak literati, otè ki enspire l, elt.
Entèvyou.
Ruthza Paul: Mwen ekri yon pwezi majòdjòl ki pa rete gade pyès deriv nan je

Gabynho: Ruthza Paul, ou se powèt-ekriven. Ki lòt bagay nou ta dwe konnen sou ou?
Ruthza Paul: Mwen se Ruthza PAUL. Mwen fèt nan vil Leyogàn nan ane 1996, mwen se powèt- ekriven epi mwen etidye medsin nan "Université Lumière de Port- au-Prince".

G: Ou pran plizyè pri e nomine nan plizyè lòt. Kisa sa vle di pou ou? Nan ki sans akonplisman sila yo enfliyanse travay kreyasyon ou?
RP: Pou mwen menm chak fwa m pran yon pri oubyen nomine nan lòt sa vle di pwogresyon m ap chèchè nan travay mwen an mwen sou wout li. Sa pèmèt mwen kontinye ekri epi aprann ekri pi byen chak jou, se tout sa yo ki pèmèt mwen akouche ekriti ki pi djanm ak pi granmoun chak fwa m ekri.
G: Di nou non, kilè, kibò, kòman ou kwaze ak literati.
RP: Se yon rankont ki fèt depi lekòl klasik nan kou literati yo konn ansenye lekòl yo, se la nan li tèks,nan tande pale de gwo ekriven nou genyen, nan etidye travay yo, nan repete divès moso tèks Oswald Durand tankou Choukoun pou m site powèm ki te pi popilè nan tout sa m te konn ap li epi tande yo epòk mwen te fèk ap dekouvri literati nan klas twazyèm segondè.
G: Nou ka mete nou dakò, yon ekriven se pa yon loray kale. Se (ka) rezilta yon pakou, yon seri rankont... kijan, oumenm, ou fè vin ekriven-powèt?
RP: M vini powèt se nan li pwezi, mwen vin renmen kategori ekriti sa epi m te chwazi aprann ekri l epi li l anpil pou m ka amelyore m chak jou nan aprann sou moun ki konn ekri deja. Se konsa m vini powèt.

G: Yon ekriven pa ekri pou tèt li, dimwens pa pou tèt li sèlman. Li bezwen yon piblik. Yon seri lektè ki pou li zèv li. Ekriven an tou pa ekri pou anyen. Li gen yon bagay li vle/dwe di. Nan sans sa a pou kilès e pou kisa ou ekri?
RP: Mwen menm ekri m ekri se pou mwen ka itil, paske nou prale sa n ekri yo menm yo etènèl. Pwezi mwen se pòtvwa. Mwen ekri yon pwezi majò dyòl ki pa rete gade pyès deriv nan je, mwen ekri pou tout moun ki gen pwa lapawòl sou lestomak yo ki pap jwenn moun tande yo. Nan pwezi m mwen fouye dwèt nan je, mwen denonse, mwen lanmoure. Mwen ekri pou tout kalite moun.
Powèt, sa vle di kisa pou ou?
RP: Yon powèt se yon vizyonè, yon pwofèt. Tout sa ki gen pou rive powèt la gen pouvwa wè li anvan, viv li anvan nan kreyasyon li.
G: Pataje ak nou kèk ekriven-powèt ki enfliyans kreyasyon w...
Chaje powèt ki fè chak jou mwen vle ekri pi byen men mwen pa t ap ka site tout . Lè m te fèk ap kòmanse nan ekri pwezi se ge Max Gregory St Fleur, yon gwo powèt leyoganè ki te modèl mwen nan fason l donte mo yo. Na jenerasyon pa m, gen Ar Guens Jean Mary ki se yon kokennchenn powèt mwen renmen li. Se yon powèt mwen aprann de li tou.



Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 113
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
0 Commentaires