5 pwezi, 5 kalte pawòl ki pran fòm anba kout plim Jean Marc Fleurimond.

5 pwezi, 5 kalte pawòl ki pran fòm anba kout plim Jean Marc Fleurimond.

Yon mòso pawòl gen kapasite pou rache yon kout ri rasi ki t ap t ap toufe nan fon yon kè doulè ap toufounan. Yon mòso pawòl ka fè kriye. Pawòl ka konstui. Li ka detui. Kisa pawòl paka fè? Poze yon powèt kesyon sa si w vle jwenn bon repons la. Poudayè, se yo sèl ki ka fè sa yo vle avè l (ak lapawòl). Kit se pou fè moun souri, plenyen. Kit se pou fè moun aji, revolte. 5 pwezi sila yo sòti anba men powèt Jean Marc Fleurimond (1). Li yo, epi w a di m kisa lapawòl pa la fè.

JOU M ALE

Jou m ale
Se mak Foli m
K ap fè kont ak tan an
Nan tann pwomès k ap fè dap piyanp sou konsyans nou
De twa sipriz lalin ba nou
Nan balize rèv nou tankou boujon choublak
Rasin nou gaye
Ou ta di se fanm k ap pote gode san manch
Nan kè van
Solèy simanyen mizè nan do n
Yon jenerasyon k ap pot yon mak nan souf li
Yon lakansyèl k ap souse benediksyon latè
Aprè lapli fin tonbe
Mwen lave menm
Jou m ale
Ou ta wè m tounen
Konn leta chanje figil

POU JENNIFER

Lè m wè lonbraj ou
Se tankou m t wè w toutouni
Tanpri cheri
Pa kite anvi m drivaye
Nan labrenndiswa
Pou Dyesèl me vwa pa sèl bi priyè m

SINISTRE

Sa pa gade m
Si Leta siye bouda l nan rèv L’ONU
Anvan 12 janvye te pase
Nou tout te gentan sinistre

KÒ W ak KÒ M

Lalin nan leve anba jipon w
Pou bliye randevou n te mare
Pou lè lanjelis tonbe
Non m ak Non w fè eko nan yon koridò
Ki pa gen blokis
Bri w tounen klaksonn
ki p ap janm bay ratman sou wout bonè
Anba sekous souvni
Lè kò w kole ak kò m
Yo tounenn de istriman ki an dyapazon
Kò w ak kò m ti cheri
S on melodi k ap fredone
Nan tou zòrèy lavi
Kò w ak kò m
Se yon melodi
Van ap pote ale
Nan zòrèy chak melomàn
Ki vle fou pou lanmou

ANBA JE NOU

Gout pa gout
Solèy ap fè chimen l
Plim je nou
Tounen bwa ki nan savann
Pawòl leta pòtre lò dèyè glas,
Pou dyòl baye
Fè plim je danse jouk li rèd
Tankou machann pwomennen

Tranch pa tranch
klète ap blayi
Demen nou pran fè glisad
Nan pye ri lantèman
Poutan sou bòdmè
Y ap lote trip vid
Kou machann vyann sale
Pou met nan bouch agwe
Palè pale met la
Jouk delivrans an pèdisyon

Anba je nou
Sou yon rit petwo san tanbou
Leta met palto Bawon
Pou trennen
Rèv milyon tchovi
Pou al pase grangou latè




(1) Jean Marc Fleurimond pibliye yon rekèy pwezi ki pote tit "Mo pyese" nan lane 2018.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

6 Commentaires

  • Obdiel Dormélus

    May 01, 2020 - 02:44:57 AM

    Powèt la konn koman ponn zetwal anndan reyon alfabè ki bay pwezi kle kou nan ren...
    Pou lafen pa fini avek nou.

    Bravo FlejM
    Bon Travay Kafounews

  • Konpè konsèy

    May 01, 2020 - 02:51:40 AM

    Rèd kanmarad Gaby !

  • Andremann Pierre

    May 01, 2020 - 09:17:34 AM

    Bravo Fleurimont

  • Wilson

    May 01, 2020 - 11:02:40 AM

    Bon travay Itiyayis

  • Malaba pitit plim

    May 01, 2020 - 11:37:22 PM

    Yon ponyen lanmou pou ou zanmitay powèt mwen!

  • Quettou

    May 02, 2020 - 12:50:27 AM

    Waww bon travay zanmim kenbe la pa lage