5 liv tout tizè literati ta dwe li, Malaba Pitit Plim bay dizon l

5 liv tout tizè literati ta dwe li, Malaba Pitit Plim bay dizon l

Grégory FORESTAL ki gen pou non plim li Malaba pitit plim fèt nan plamen sen valanten nan lanne 1996 nan Depatman latibonit espesyalman nan komin tirivyè. Li se komedyen, Dizè, Kontè, powèt. Li se tou kowòdonatè MAS (Mouvman Atis Solid) pou komin Tirivyè. Tèt lalin cho se premye liv li pibliye. Men 5 liv, 5 liv ki ekri nan lang tout ayisyen, otè a panse tout tizè lekti ta dwe li rapid rapid.

Tigri

Nan plede chire moso lekti m al sote sou Tigri nan chimen lespri. Depi lè a Tigri fè m wè mezi kras reyalite n k ap pase nan televizyon legzistans.

Nan bidonvil jalouzi
nan petyonvil
Tout lonbraj gen dan doukla
Lamizè pentire tout koulè
Si nou kwè mwen manti
Al gade n a wè jan lavi tchwipe
timoun yo nan retwovizè li

Se poutèt sa. Mwen vin envite nou pou n al fè kòkòday ak Tigri. Lè nou fini n a pote rezon m ban mwen san plenyen.

Tigri ( kont)
Otè: Jacques Adler jean Pierre


Doub fas lanmou

Doub fas lanmou s on woman plengrennen. Chapit yo makònen ak yon seri reyalite n ap viv toulejou. Chak mwen li Doub fas lanmou yon souri tou nèf dekachte sou vizaj mwen. Al li Doub fas lanmou zanmitay ou p ap regrèt.


Doub fas lanmou ( woman)
Otè: Guten Rachad jean baptiste


Gout lank

Mesyedam yo valkande je yo nan kat kwen lari pou ranmase rèl nou al lage douvan sèlpòt larepiblik.

Nan kat kwen lari
Pòv yo chita
Y ap niche kwiy yo

Nan Gout lank mo yo mache san poze. Mo yo swe. Mwen menm chak jou bondje mete nan almanak lavi, m li Gout lank. Mesyedam lasosyete Gout lank se yon chedèv .

Gout lank ( pwezi)
Otè: André Miracklin
Otè: Lorvelie Milfleur


Pwomès

M kenbe pwomès mwen lajounen. M kenbe l tou lè solèy ap wonfle anba dra lannuit. Mwen apante pwomès byen apante ak je m. M wè mo yo ap jwe jon, bay kalinda. Lari yo menm layite tout kò yo andedan paj liv la. Zanmitay kite m ba w yon ti konsèy : Kenbe pwomès ou tande !


Pwomès ( pwezi)
Otè: Lyonel Trouillot


Tèt lalin nan cho

Yon bann mo wòdpòte lakansyèl ponn. Malaba pran san l, li pran tan l. Li ranmase mo sa yo, youn pa youn pou fè Tèt lalin cho.

Chak lè je m tonbe anwo w
Bote w efase tout pwoblèm ki nan panse m
Si m te kokobe
Bote w t ap fè m leve kanpe sou de pye m

Anndan Tèt lalin cho mo yo mache san pantalèt pou lemante lektè. M pa kache di nou mesyedam. M kidnape pi fò nan yo. Si m te nou menm, m t ap mache pi prese al gade kouman tèt lalin cho.

Tèt lalin cho ( pwezi)
Otè: Grégory FORESTAL ( Malaba pitit plim)

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

14 Commentaires

  • Riguet Aneus

    January 08, 2020 - 01:57:20 AM

    Félicitations à ce jeune talent rivartibonitien .Tiens toi ferme le monde rivartibonitien/haïtien et le monde attend beaucoup plus de toi mon frère.

  • DARELUS Enel

    January 08, 2020 - 03:21:43 AM

    Bon travay zanmerant

  • Malaba pitit plim

    January 08, 2020 - 10:50:53 PM

    Ewa tout zanmitay

  • Malaba pitit plim

    January 08, 2020 - 10:50:56 PM

    Ewa tout zanmitay

  • Aliantus Rachelle

    January 08, 2020 - 11:52:29 PM

    Bon travail mon frère

  • Jeanken

    January 09, 2020 - 11:46:15 AM

    Bon travay Malaba Pitit plim

  • Malaba pitit plim

    January 09, 2020 - 10:57:13 PM

    Ewa zanmitay mwen yo

  • Jacques Ezechiel

    January 10, 2020 - 11:59:15 AM

    Se byen tokay !!!!????????????

  • Orisme wilguens

    January 11, 2020 - 10:15:05 AM

    Ok malaba.bon travay

  • Malaba pitit plim

    January 11, 2020 - 05:41:49 PM

    Ewa zanmitay mwen yo

  • Kònichon

    February 03, 2020 - 03:27:07 AM

    Limyè pou tout nèg

  • Baky omnipotent

    February 04, 2020 - 12:09:33 PM

    Bon travay Malaba

  • Beni509

    February 05, 2020 - 12:42:53 PM

    Kenbe la Bro????????

  • Malaba pitit plim

    February 08, 2020 - 12:41:13 AM

    Ewa zanmitay mwen yo