Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, yon inisyativ wòdpòte k ap fè pwomosyon pou lang ak kilti kreyòl.

Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, yon inisyativ wòdpòte k ap fè pwomosyon pou lang ak kilti kreyòl.

Sòti 4 pou rive 8 desanm k ap vini la, "Pawòl kreyòl" ak Fondasyon Maurice Sixto ap òganize premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan peyi Dayiti.

"Pawòl Kreyòl", emisyon ki pale sou literati sou lobedyans powèt ak defansè lang kreyòl, Anivince Jean Baptiste, ap òganize an patenarya ak Fondasyon Maurice Sixto, soti 4 pou rive 8 desanm 2019, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. Aktivite sila a k ap konnen premye edisyon l nan fen ane a, fèt nan lide pou bay literati ki fèt nan lang kreyòl (kèlkeswa kreyòl li ye a), plis jarèt, plis vizibilite ak plis valorizasyon epi enskri l tou nan yon dinamik pou fè pwomosyon pou lang sila a.

Festival la ap genyen pou fèt anndan plizyè vil anndan peyi a : Pòtoprens, Tigwav, Gonayiv, Pòdpè, Jakmèl epi ap genyen plizyè lòt aktivite anndan l tankou fòmasyon sou teknik tradiksyon fransè kreyòl, ; ekpozisyon ak vant zèv ki ponn nan lang kreyòl la ; atelye lekti ak ekriti ; fòmasyon sou kritik literè ; reprezantasyon teyatral zèv otè ayisyen yo pou n pale sou sa yo sèlman. Bò kote envitè donè a ki se Manno Ejèn, prezidan donè 1e edisyon an Clotaire Saint Natus ak reprezantan peyi envite a, Cuba, Hilario Batista Felix, plizyè pèsonalite, otè ak ekriven ayisyen dwe reponn prezan nan aktivite sila a. Pami yo nou ka site Lyonel Trouillot, Anderson Dovilas, BIC, Fritz Deshommes, Gary Victor, Iléus Papillon, Jessica Nazaire, Douglas Zamor, Dominique Batraville, Michel Soukar ... li menm ki se prensipal moun ki te vini ak lide emisyon literè ki pote non "Pawòl Kreyòl".

Kesyone sou kisa Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la charye dèyè l ki gen pou wè ak objektif epi kisa ki mennen kokenchenn lide sa a, Anivince Jean Baptiste, prezidan festival la te reponn pou di lide sa a vini nan sousi pou ranfòse idantite lengwistik pèp kreyolofòn yo epi gen plizyè objektif tankou : fè konnen plas ak enpòtans Ayiti nan avni lang kreyòl nan lemonn ; kreye yon espas espesyal pou pwodiksyon literè kreyòl kreyòl ayisyen an ; viv kreyòl lòt espas kreyolofòn ak fè popilasyon an dekouvri otè ak zèv ki donnen nan jaden literati kreyòl la.
N ap raple komite pou jere kesyon festival la yon komite kat (4) manm ki genyen Clotaire Saint-Natus, Anivince Jean Baptiste, Marie Joseph Pierre ki jwe wòl kòdonatris ak Jessica Nazaire, sekretè, ap travay san pran souf pou ofri yon aktivite wololoy.

Kidonk, randevou a kase soti 4 pou rive 18 desanm kote tout anmoure lang kreyòl, tout sila yo ki vle konnen lang sa a pi plis ak pi byen pral gen posibilite dekouvri tout richès li. Chapo ba pou emisyon literè pawòl kreyòl.

Share

Seïde Stevenson Louis Laurent 6

Étudiant finissant en Service Social à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Laisser un commentaire

0 Commentaires