Tach solèy, yon kout beniswa Letènèl pou kò fanm

Tach solèy, yon kout beniswa Letènèl pou kò fanm

Machin tan pa janm pran pán. Li pa konn kanpe. Se file l ap file. Alòs menm si tan ap file, gen plizyè fason ou ka kenbe yon mòso. Nou ka site, pou yon ti limyè, fotografi ak videyografi. Men pi bèl mwayen ki egziste pou kenbe yon ti bout nan tan pandan l ap pase se lang powèt yo, pwezi. Se sèl mizikalite mo yo marande ak imaj byen dekoupe ki ka fòse tan vire gade dèyè, ki ka fè l sote sou yon pye epi vole sou lòt la. Pwezi se sèl maji ki ka bay tan pinisyon, fè l kanpe tann. Clément Benoît II se youn nan nèg ki pale lang sa byen. Nan youn nan liv pwezi li yo ki rele "Tach solèy", li montre klè kou dlo kòk lè pwezi ap taye banda, tan oblije kanpe pou gade l. Pwezi ki nan Rekèy sa chante kò fanm ki se pi gwo sous powèt yo al plen kannari powèm yo.

Lè lannuit
Pa pran sant kò w
Zandolit chagren
Sou tout branch bwa
Sen lui dinò
(Paj 10)

Nan kò w m peche zetwal
Pou m dekore
Jou ki san lanvè san landrèt
Jou m prale de pye devan
Kò w ap dènye dra blan m
(Paj 48)

Chak gout lank ki tonbe sou paj liv sa, s on temwanyaj vivan ki pou louvri je linivè sou mistè ki kache anba wòb.

Jòf
Anba wòb ou
Pafimen lespri m
Lari genyen w jalouzi
Santi bon w
Anfouraye m plen midi
(paj 38)

Ki lang ki pi bèl? Ki lang ki pi dous? Otè a reponn:
Lang ki pi dous
Se lang ou
K ap kouri
Sou tout kò m
(Paj 58)

Lang Benoît II s on batiman, yon machin pou fè bak nan tan an. Clément nan bouke flè sa a ( Tach Solèy), trase pòtrè yon lang ki gen kò, ki gen pwent, boutofen yon lang bousòl.

Pwent lang ou
Montre m
Wout Jerizalèm
Lapli pa lapli
Mwen konn
Wout la
(Paj 40)

Tach Solèy se yon Rekèy pwezi gwo potorik powèt sa ponn nan lane 2011. Se yon rekèy ki pa mete dlo nan bouch li pou chante, selebre kò fanm. Pwezi ki nan rekèy la koule dous dous nan zòrèy. Yon rekèy ki kite tout amatè pwezi djòl an farinay. Yon dènye pawòl tout jèn jan dwe konnen sou pwent dwèt yo sou konn "O non dipè" ak "Nòtrepè"... Se pa ti bèl pawòl non. Li pati konsa:

M renmen w kredi
M renmen w
lajan nan men
M renmen w
(Paj 63)



Source : kafoumag

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

4 Commentaires

  • Godson

    December 11, 2019 - 10:19:59 PM

    Bon travay gran frè!

  • Paynis

    February 11, 2021 - 02:15:02 AM

    Good job

  • Barnabas Laveau

    February 12, 2021 - 02:07:50 AM

    Good job kouz

  • Barnabas Laveau

    February 12, 2021 - 02:09:24 AM

    I’m so proud of you