Ki altènativ pou goch la fas ak fenomèn ensekirite jounen jodi a ? Se kesyon sa k ap mennen n nan egzèsis refleksyon sila a. An reyalite nou te dwe reponn deja ak preyokipasyon ki souvan ap mande èske gen yon goch ann Ayiti, si non poukisa oubyen si wi kòman konprann li. Men se va pou yon lòt moman.
Soulve kesyon sa sou fenomèn ensekirite a jwenn pètinans li nan 2 nivo. Premye a se paske l rete yon evidans sosyete a ap viv depi kèk tan yon kriz sistemik ki anbrase alafwa ekonomi, politik, dinamik sosyal ak kiltirèl yo. Nou ka rapid vit enimere kèk pwen ki eksprime kriz sa tankou pwoblèm politiko-ekonomik ak sosyo-espasyal epi kiltirèl yo kote timoun kou jenn pa bann pa pakèt ap entegre baz ganng yo, deplasman nan peyi a ki toujou ap vin pi difisil chak jou, migrasyon fòse nan katye popilè yo ak nan vil pwovens yo, etablisman yon ekonomi kriminèl sou peyi a, vyolans ki pran fòm vyòl, vòl ak boule kay, destriksyon batiman piblik kou prive, lamizè ak lavi chè k ap sakaje mas yo, sesasyon prèske tout fèt popilè yo (kanaval ki fèt raman, fèt chanpèt, bal mizikal, rara) san bliye mas yo ki depi kèk tan pèdi tout dwa ekspresyon politik yo[1].
Dezyèm nivo pètinans lan se paske akote kriz sistemik la, nou genyen yon veritab pàn altènativ nou ta ka kalifye tankou yon kriz altènativ. Ankenn sektè nan lavi nasyonal la pa ka pwopoze yon solisyon efikas pou pote soulajman nan kondisyon malouk n ap viv yo. Sitiyasyon sila a pa ekate goch la.Anpil dezakò nan mitan òganizasyon pwogresis yo pou konnen kòman y ap abòde konjonkti a, ki ta ka vle di tou kòman yo konprann li ak ki solisyon y ap pote pou depase l. Se nan sans sa nou panse li nesesè pou seye poze pwoblèm nan, ka sekirite ap sèvi n pretèks. N ap soulve 3 pwen pou pèmèt nou chita refleksyon sila a. Nan yon premye moman n ap pote yon refleksyon sou fenomèn ensekirite a pandan n ap fè yon analoji ant 1492 ak jounen jodi a, yon fason pou nou gade lojik k ap mennen oubyen ki kale ensekirite a epi sibaltènizasyon enstitisyon kou Leta jounen jodi a. Nan yon dezyèm moman, se ap yon analiz sou pwopozizyon ladwat yo ak limit yo genyen. Nan yon twazyèm moman pou nou fini, n ap fè yon kou dyagnostik sou goch la, gade kòman li abòde pwoblèm nan, rezon ki fè yon tèl konpòtmann, limit sa genyen epi ki posib ouvè pòt pou nouvo pwopozisyon.
Ki altènativ pou goch la fas ak fenomèn ensekirite jounen jodi a?


Kòman konprann fenomèn ensekirite a jounen jodi a?
Diksyonè Larousse (2021: 1057)di sekirite se yon mo ki jwenn orijin li nan lang laten « securitas, securitus » ki ta vle di « sûr » epi ki defini tankou sitiyasyon kote yon moun santi li an konfyans, rasire, san danje oubyen san malè ki pandye sou tèt li.Ensekirite a bò kote pa l takaenvès la. Anfèt, si n pati ak definisyon sila a,kit nou pran l nan sans premye li, sa vle di sou dimansyon santiman an ; oubyentou nou ta gade l nan aspè objektif li ki vle di kondisyon ki reyini (nan nivo lamanjay, anviwònmantal, koulè po, sante, ekonomi, elt) pou chita sekirite a, nou ka diistorikman premye moman pwoblèm sekirite a poze nan espas isi a ak pou moun ki t ap viv ladan l yo se apati 5 desanm 1492. Yon dat ki senbolize lanfè, apokalips pou endijèn yo. Ki vle di donk ki ranmase doub dimansyon sekirite a ni nan nivo sibjektif li ak ni nan nivo objektif li[2]. Pouki patipri istorik sa ?
5 desanm 1492, kolon ewopeyen ki ateri Ayiti Kiskeya nan lide pou chache richès(yon pwojè yo te vle kache sou kesyon sivilizasyon)[3], poze 2 zak ki ta ka mande atansyon nan listwa. Youn, sou konsepsyon kolektivis espasyal la yo enstore yon konsepsyon prive. Kidonk espas ki te sèvi pou Taïnos, Ciboneys, Arawak ak tout lòt pèp otoktòn yo viv lavi yo pezibman nan tout dimansyon tèm nan, vin tounen pwopriyete prive ti gwoup kapitalis avantirye ewopeyen sou zòd wayote Lespay pou fè pwofi. Lòt la se negasyon lavi moun isi a ki eksprime nan enstorasyonlatèrè kòm mwayen kontwòl sou abitan yo pou chita yon mòd pwodiksyon kapitalis esklavajis. Mòd apwopriyasyon espasyal sa, tretman ki te bay ak abitan yo, si eka tanporèl la dans, men lojik ki te anime aksyon kolon yo genanpil resanblans pou nou menm ak evènman n ap viv nan konjonkti jounen jodi yo. N ap eksplike n.
Modènite a pa sispann kale malè pou ayisyen. 5 desanm 1492,menm jan malè te anvayi endijèn yo, se menm jan tou malè anvayi moun nan katye popilè yo ak nan kèk vil pwovens nan tan n ap viv la. Nan je nou, si moman yo diferan, men pratik sa yo pote menm mak fabrik ki se kontinye sa pwofesè Jean Casimir ki repran Baron de Vastey rele fabrikasyonmalere[4] a. Yon bon jou, san konnen pouki bi, pouki rezon, kisa yo fè ki mal, abitan Kiskeya te wè zòt debake sou yo di yo pa moun epi reklame tout avwa yo. Se konsa tou jounen jodi,ganng ak zam fè pratikman menm bagay lapou moun Tirivyè, Lyankou, Ponsonde, kabarè, Solino, kafoufèy, Gresye, Gantye Dèma 30 pou nou site sa yo sèlman. Abitan jounen jodi yo ki te chè mèt chè mètrès espas yo, ki te gen kay yo, ki t ap viv lavi yo malgre tou san èd pèsonn, pral oblije kite lakay ak tout bagay pou yon kote ensèten paske gwoup kriminèl deklare yo lagè epi di yo pa gen dwa ankò. Zak sila blese lavi jouk nan zo : mache ki te konn pèmèt malere ak malerèz yo chache lavi fèmen, sikilasyon an redui epi fòk ou gen lajan pou pase kèk kote lè w jwenn chans lan, maladi, lamizè ak malsite ap ogmante nan kan refijye yo. Malè mete pye sou kou lavi.
Youn nan patikilarite konjonkti a (ki fè kanmen resanblans li ak 1492), se paske tou 2 moman sa yo rete rezilta yon seri evènman k ap brase bil sosyete kapitalis yo. Ant XV, XVI ak XVIIe syèk yo, fòmasyon sosyal ewopeyèn yo an boulatcha. Kontradiksyon ant sa maksis yo rele rapò pwodiksyon yo ak fòs pwodiktiv yo pral mete an kesyon mòd pwodiksyon feyodal la pou kale dezòmè yon mòd pwodiksyon ki pote non kapitalis. Nouvo mòd pwodiksyon sa gen mak fabrik radikalizasyon rapò klas yo ki vin dezòmè 2 klas nan yon lit san kanpe ki se klas travayè yo ak klas boujwazi a. Klas dominant lan, boujwazi a, pote karakteristik fondamantal yon gwoup moun k ap chache richès san ankenn kesyon ni sou kòman ak pa ki mwayen y ap jwenn li. Ki vle di donk san ankenn preyokipasyon sou moralite aksyon yo.Konsa 1492 yo debake isi a, redui tout moun sou teritwa sa ann esklavaj epi fè silans sou pratik lavi yo, pase yo, konesans yo, ak tout lòt bagay ki gen pou wè ak sa ki fè yo moun. Jounen jodi, toujou akoz kriz anndan sistèm kapitalis la-yon kriz ki genyen 2 nivo, kriz pwodiksyon nan ameman militè yo ak kriz nan mitan klas yo-[5], kapitalis isit kou lòt bò dlo mete ansanm pou vann zam lagè toupatou nan peyi a patikilyèman nan Pòtoprens ak nan Latibonit, epi pwodui yon fenomèn ensekirite san parèy. Rezilta? Moun ap mouri pa bann pa pakèt, y ap kouri kite lakay yo epi gen yon apwopriyasyon prive ki fèt sou espas malere ak malerèz yo pou reponn ak nesesite yon ekonomi kriminèl. Fenomèn sa layite kòl nan mond lan men chita pi byen nan kèk rejyon ann Afrik kou Karayib la. Se anmwey sekou popilasyon sa yo ap rele. Pou Ayiti, depi 2018 li pran vitès siperyè l. An reyalite, li soulaje sistèm kapitalis la nan 2 nivo. Premye a se paske li kase mobilizasyon popilè yo. Kidonk li pèmèt sistèm koripsyon, eksplwatasyon, aplikasyon politik neyoliberal, depandans politik ak ekonomik kontinye rete menm pratik k ap mennen sosyete a depi digdantan an. Dezyèm nan li palye ak kriz pwodiksyon zam nan. Ayiti kou divès lòt espas tounen kote pou antreprenè devèse machandiz zam ki « pase mòd ». Leta ayisyen, nan divès nivo sèvi konplis nan kreye dinamik sila a. Alòs nou konprann ensekirite pou pèp kongolè a, pèp karayib yo ak pou ayisyen tounen sekirite pou kapital mondyal la, ayè kou jodi.

Limit pwopozisyon ladwat yo
Piwo a nou wè ensekirite ki vle di sitiyasyon malè, pou moun isit li jwenn orijin li nan kriz sosyete ewopeyèn yo ki kale mondyalizasyon sistèm kapitalis la. Sa ki akouche malè pou endijèn yo depi rankont ak modènite kolonyal la 5 desanm 1492. Nou konprann tou ensekirite jounen jodi a bwè nan menm sous sila a. Lide sa fè nou di alòs, tout pwopozisyon k ap fèt nan moman an ta dwe vize koupe fache ak lojik k ap ponn ensekirite a. Pou nou di yon lòt jan, li ta dwe kontradiktwa ak rasyonallite kapitalis la menm jan ak pwopozisyon mawon yo 14 dawout 1791 lan. Se avèk linèt sa n ap gade altènativ k ap mete an plas yo nan konjonkti a pou nou ka rive gade goch la.
Menm si nou pa p gade yo nan yon lòd kwonolojik, men nou ka di nan divès pwopozisyon sou pwoblèm sekirite a, nou ka enimere 2 kipi dominan. Genyen pwopozisyon Leta a gouvènman Ariel Henry a te soulve nan konsèy minis 5 oktòb 2022 a. Sa enperyalis meriken an pral ranmase epi sipòte l devan Nasyonzini. Genyen tou pwopozisyon k ap klewonnen anba chal jounen jodi a, ki se amnisti a. Kisa pwopozisyon sa yo ye menm ?
Amnisti, yon lawonte pou viktim yo
Amnisti se pawòl gwoup kriminèl yo. Van sa kòmanse soufle reyèlman nan lopinyon piblik depi atak ganng 29 fevriye 2024 yo apre kowalisyon kriminèl Viv ansanm, kèk politisyen (Claude Joseph, Jean Charles Moïse, pou nou site sa yo sèlman) ak Guy Philippe ki se yon ansyen prizonye pou dwòg nan peyi Lèzetazini ta pral boulvèse reyalite sosyo-politik peyi a. Aksyon divès aktè sa yo te pote ta pral anmenmtan fè yo rive kraze prizon Kwadèboukè ak Penitansye Nasyonal, boule estad Sylvio Cator ki se yon patrimwàn nasyonal, vandalize Bibliyotèk Nasyonal ak Petit Frère Saint-Martial, kraze divès komisarya, sasinen polisye ak sivil epi fòse Ariel Henry kite pouvwa ki ta pral akouche Konsèy Tranzisyon Pwovizwa a. Diskou a ap metamòfoze depi kèk jou an diskou lapè, sa ki rann li plis potab pou kèk moun ki te nan rale moulen.
Amnisti se pawòl tou kèk entèlektyèl, jounalis ak politisyen pote. Nan dat 21 me 2024 la, nan yon atik li soti sou New York Times, jounalis Maria Abi-habib pandan l t ap analize monte an puisans ganng yo ann Ayiti,te fè konnen ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ta va ap chache enfliyanse konstriksyon KPT, epi mande tou amnisti pou ganng yo ak kèk wo fonksyonè nan Leta a ki te patisipe nan divès krim finansye nan dènye moman yo, kidonk ki te akize kòm konwonpi[6].
Si pawòl amnisti a sonnen fò konsa, men kisa l ye an vrè? Epi, poukisa ganng fanmi e alye tankou Martelly sansib pou li konsa ? Diksyonè franse Larousse di nou mo a soti nan lanng grèkamnestia, ki vle di bliye oubyen padone. Li se yon konsèp jiridik ki ta siyifi lè lajistis deside fèmen je sou pèn yon ansanm moun ta dwe sibi apre zak yo te komèt nan yon sosyete[7]. Alòs nou wè pouki gwoup kriminèl, politisyen ak jounalis konwonpi yo ap batay pou chita pozisyon sa konsa. Amnisti pou yo se pase sou silans krim finansye, vyòl, vòl, kidnapin, boule kay, sasinay. Brèf, se bliye tout zak kriminèl yo poze epi anplis krache sou memwa ak diyite viktim yo. Nan ti analiz li t ap fè sou kesyon an, Déus Déronethpat ezite voye byen lwen lide sila a. Konsa li te di :
amnistye gwoup ame yo, se kreye yon dezespwa total pou Ayiti. E se kreye yon move presedan pou tout rejyon an. […] si jodi a nou amnistye yo (gwoup ame yo), nou di pitit nou yo al nan ganng. Mw kwè ke amnisti se yon lòt eleman ki pou montre nou, nou alèz avèk enpinite. Alòske nou dwe kondane enpinite. Lè nou pale de reyensèsyon sosyal, nou pale de yon pwosesis ki anndan yon sistèm de jistis. E reyensèsyon avèk amnisti se lannuit ak lajouen[8].
Pou ansyen depite Marigo a, nan sans sa, amnisti se yon veritab malè pandye pou sosyete a. Ki gen anje ni pou rejyon an, ni pou valè n ap pwone nan sosyete a oubyenegzanp n ap bay timoun k ap leve yo, ni tou pou batay nou dwe mennen kont enpinite ki se yon veritab kansè pou peyi a. Toujou nan menm lide a, Patrick Laurent te deklare nan emisyon Coup D’œil :
Pa genyen nan okennmoman amnisti pou krim de « droit commun ». Yon nèg ki fè kidnapin, yon nèg ki touye moun, vòlè bagay moun, ki te vyole moun. Yon moun ki asasinen moun, ki se yon krim de « droits communs », menmsi ou te vin konvèti tèt ou an konbatan, an revolisyonè, krim sa yo, « en aucun sens » yo pa, ou pa p ka amnistyeyo paske se krim de « droit commun ». Se pa t yon krim politik. E ou pa p genyen amnisti. E pa gen ankenn moun sou latè, ann Ayiti si w vle, « dans le cadre de » legislasyon nou an ki ka kòmande yon amnisti pou yon krim de « droit commun ». « Donc ce qui signifie »li ta twò fasil pa egzanp, yon moun ki fè tout krim ou, epi l di bon kounya se politik m ap fè apati « de ce moment » tout zak mwen komèt se yon zak politik. E menm lè w t ap fè politik, se pa tout zak ou kòmèt ke w ka konsidere l kòm zak politik. Men twazyèmman, se pa paske w ap fè politik pou w konprann yon ak ki otomatikman yon ak politik ebyen otomatikman yo sipoze ba w amnisti pou sa. Non non non[9].
Alòs, non sèlman avoka ap demistifye jwèt mètdam kriminèl yo ki ta vle fè aksyon yo pase pou sa yo pa ye, sa ki vle di aksyon kriminèl yo pase pou aksyon politik, men tou li afime menm si yon moun ta ap fè politik li pa gen dwa fè tout aksyon l yo pase kòm zak politik. Sa ki t ap twò fasil, daprè mèt Laurent. Ajoute sou sa, avèk deklarasyon sila a, nou konprann non sèlman amnisti se yon zak kont moral piblik, men tou nan kontèks n ap viv la, jan sa sot montre a, li pa gen plas li sou plan jiridik. Kidonk leve frape kò atè sa pou koze amnisti an se gwo jwèt mètdam bouwo yo, se paske se pou yo l ap bon e pou yo menm sèl. Sa ap pèmèt yo jwi tout byen ak richès yo piye san rann kont ak pèsonn pandan malere ak malerèz, tifi kou tigason, granmoun ap retounen antre pi mal nan malsite san konte lawonte k ap kouvri yo nan tout lavi yo, tankou pou sa ki te sibi tout kalte vyolans patikilyèman vyòl, sa ki te pèdi zanmi, manman, papa, pitit, sa ki te viktim yon fason oubyen ton lòt, elt.
Fòs miltinasyonal pou fè kisa ?
Si amnisti a paka jwenn chèz pou mete kò l, fòs Kenya ki se zèv Lèzetazini se dodine l ap dodine sou bout tè zansèt yo kite pou nou an depi plis pase 6 mwa. Men tou nou dwe di, pandan sòlda okipasyon an ap touche gwo lajan epi jwi tout privilèj sa mande, se atò bandi alèz. Moun sa yo vin toupisan. Kidonk se atò fanm ak tifi ap pèdi imanite yo tèlman y ap vyole yo ; se atò masak ap fèt ; se atò malere ak malerèz ap viv nan laperèz ak malsite ; se atò tou trafik ilisit ap fèt epi pòs peyaj ap tounen nòmsikilasyon. Malgre tout estrateji ki te mete pou fè sa pwofesè Georges Eddy Lucien[10] rele fabrikasyon konsantman pou jistifye fòs etranjè a, kit nan fè manipilasyon nan nivo medyatik oubyen nan akselere vyolans lan[11], reyalite a bay dekwa pou doute sou pwopagann otorite isit kou laba te fè kwè ak sa popilasyon ayisyèn nan ap viv nan kotidyen l. Pa egzanp, nan dènye mizajou ki fèt sou aktivite fòs la nan peyi a, Passion Info Plus, yon medya anliy deklare :
Militè jamayiken yo ak gwatemaltèk yo, depi lè yo rive ann Ayiti, yo refize patisipe nan operasyon ki vize demantle ganng yo, yon sous ki nan pwoksimite fòs la di nou. Si anvan lide a se te deplwaye ofisye lòt peyi pou vin batay bò kote kenyan yo pou mete ansanm pou batay kont ensekirite a, sou teren an done yo chanje akoz militè sa yo refize kategorikman pran pa nan entèvansyon yo. Ofisye sa yo deklare yo te voye yo nan peyi a pou sekirize batiman piblik yo, men se pat pou entèvni nan zòn ganng ame yo kontwole[12].
Pandan enfòmasyon sa ap sikile a, yon lòt medya anliy JOF rapòte yon lòt bò « Samdi 18 janvye 2025 la, ganng kokorat san ras fè yon masak sou popilasyon Gwomòn nan, anviwon 10 moun mouri, plizyè blese »[13]. Jounal la pousuiv pou l presize « Zak sa fèt nan moman gen yon petisyon k ap siyen pou anpeche Gracia Delva vin jwe nan fèt patwonal vil la pou non l ki site kòm moun ki gen relasyon ak ganng »[14]. Kidonk nou andwa mande ki vrè rezon ak objektif vini fòs etranjè a nan peyi a.
Nan youn nan dènye atik ki te soti sou dosye sa[15], tegen yon rale mennen vini ki te fèt pou montre kisa ki fè fòs la paka konbat ganng ann Ayiti. Konpòtman sa yo afiche nan konjonkti a li pa yon aza, men pito an koyerans ak nati yo. Alòs, MMSS paka altènativ ak pwoblèm sekirite nan peyi a. Kit amnisti oubyen entèvansyon fòs miltinasyonal, tout se pawòl van. Pyès paka pote solisyon ak sitiyasyon malouk ayisyen ap viv la. Okontrè, youn se pou gwoup kriminèl ak konplis yo vire libe libè nan larepiblik apre tout zak malonèt yo poze, epi jwi lavi ak lajan nan kriminalite. Lòt la se pou pèmèt puisans enperyalis tankou Tonton Sam kontinye egzèse enfliyans li isit, kenbe peyi a an otaj epi palye ak kriz sistèm kapitalis la. Kidonk yo tou 2 a se pou kenbe sistèm antipopilè a pi solid toujou pase jan l te ye anvan an. Ki vle di kontinye trennen mas yo nan malsite ak labou pirèd.
Yon ti dyagnostik sou goch la
Goch la ann Ayiti depi kèk tan bay gwo lapenn sou efikasite l pou ouvè pòt sou orizon paralèl ak sistèm kapitalis la. Ou ta ka di gen yon prezans fantomatik nan mouvman sosyal la. Li pa ni gen yon ankraj popilè ni prezan nan ankenn mouvans politik ki ta ka ba l fòs pou pran pouvwa a. Konsta sa pa kite kèk moun endiferan. Se konsa Ilionor Louis nan refleksyon li pote sou goch la fè konnen « Pa gen ankenn koneksyon òganik ant dirijan lagoch yo ak katye popilè yo epi ti sa ki rete nan peyizànri a » (Loui, 2023 : 4). Pi lwen li fè konnen « Genyen yon twou-ing (fose) ki separe anpil militan Lagoch ak popilasyon katye popilè yo » (Ibidem).Sosyològ la vanse plizyè koz pou li ki esplike twou-ing sa. Tankou divizyon goch la an plizyè kouch suivan etid militan oubyen dirijan yo, kalite ak kantite relasyon yo genyen, orijin sosyal yo, elt.; Yon lòt bò li soulve konplèks klas la ki anpeche militan yo angaje yo pourache sistèm nan jouk nan rasin li. Konsa yo pito ap chache repwodui epi asire tèt yo nan pitit yo ak fanmi yo, jwi privilèj sistèm inegalitè a kit nan nivo edikasyon, sante, lamanjay, elt.; epi, li mansyone tou fenomèn ONGizasyon an ki fè dirijan kou militant ap kouri dèyè ti pwojè olye yo antre nan veritab batay klas la nan peyi a. N ap fè yon ti tan sou dènye eleman sa paske li parèt fondamantal pou nou.
Nan refleksyon l ap fè pou seye konprann dinamik sistèm kapitalis la, Janil Lwijis (2009) rive konprann dèyè tout manti k ap bay sou koze devlopman, dwa moun ak sa k ap di yo pa gouvènman, elt.,ONG se zouti kle oubyennouvo mekanis sistèm kapitalis itilize pou l dominepeyi Sid yo. Pou militan maksis desalinyen an, òganizasyon sa yo osnon enstitisyon sa yo se prensipal mwayen pou kapital la « kontwole kè ak lespri klas moun k ap viv pwoblèm sosyal yo » (Lwijis, 2009 : 9). Akote kontwòl yo genyen sou sibjektivite endividi yo, pwofesè a fè jonnen yo kenbe mouvman sosyal la nan gòj. Yo kontwole òganizasyon lagoch yo, anpeche yo batay bò kote mas yo nan veritablitklas yo pou mennen nan transfòmasyon radikal sosyete a. okontrè yo fè gwoup pwogresis yo tounen gwoup k ap kouri dèyè ti pwojè. Kidonk yo vire yo tounen jan yo vle, epi mennen yo nan direksyon yo vle. Sa ki esplike alyenasyon goch la, kote li absan kit se bò kote peyizànri, ouvriye, nan katye popilè, bò kote ti machann yo, sou kesyon anviwònman oubyen nan kèk lòt kesyon sosyal tankou fenomèn ensekirite a.
Ki altènativ pou goch la?
Ensekirite a rete yon veritab dilèm pou goch la. Jan yo poze pwoblèm nan revele veritab fay metodolojik ki temwanye klèman gwo feblès yosuivan divès rezon nou sot site pi wo a. Yo plis wè l kòm yon senp pwoblèm politik. Konsa yo poze l apati Leta, sa ki ba yo kòm sèl altènativ pran pouvwa a. Men tou puiske yo manke yon fòs pou sa, sa lage yo nan dyaloge ak yon seri estrikti politik ladwat ki patisipe jouk nan zo nan kreyepwoblèm nan tankou PHTK. Sa fè tou yo rantre anba vant CARICOM ak enperyalis meriken an. Sa montre aklè pa gen ankenn demakasyon ant goch la ak ladwat sou jan yo panse konjonkti a ak altènativ y ap chache ak pwoblèm n ap konnen yo.
Gen 2 moman nou dwe mobilize pou nou rive konprann trajektwa goch la nan konjonkti a. Se 30 dawout 2021 ak, 3 avril 2024. 30 dawout 2021 se dat ki make siyati akò Montana. Pou rapèl akò sa te siyen suit ak sasinay prezidan Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021 an. Nan kontèks kriz sa, divès estrikti politik ki rasanble plizyè gwoup pwogresis, ta pral mete tèt yo ansanm pou wè kijan y ap bay altènativ ak sa yo rele kriz jeneralize a. Anplis, altènativ yo t ap panse a te gen pretansyon pou bay yon solisyon ayisyen, ki vle di yon solisyon ki pa sou enfliyans bòt enperyalis. Youn nan estrateji estrikti politik ki siyen akò sa se te toujou di y ap itilize pou pran pouvwa a se mwayen konsètasyon. Konsa, yo pat janm rive anbrase mobilizasyon ki t ap fèt pou mande Ariel Henry bay talon l. Se konsa tou yo pat janm kapab rive pran kontwòl tranzisyon an sou lidèchip yo paske jan sosyoloji politik peyi a temwanye sa, se rapò fòs ki bay pouvwa a.
Jou ap pase, premye minis Ariel Henry ap koupe rache, popilasyon an ap soufri epi kriz la ap pran lòt dimansyon. Akò Montana li menm bò kote pa l ap pèdi pye, kidonk l ap vin mwens lejitim. Nan fen mwa fevriye 2024 la, gwoup ganng yo ki vin toupisan mele ak kèk politisyen te deside pase nan yon lòt nivo. Yo kraze yo brize jiskaske yo pral fòsepremye minis la kite pouvwa a. Nan dat 3 avril 2024 la, yon nouvo akò sou lidèchip CARICOM, Lèzetazini ak OEA te siyen pou kale yon tranzisyon ak yon konsèy elektoral 9 tèt. Akò Montana a te pami moun sa yo ki ta pral chita KPT a. Kidonk divès estrikti nan goch latou. Nan sans sa nou ka fè 2 remak. Youn se pèt nan nivo prensip Akò Montana ki nan yon premye moman te di chwal batay li se chache yon solisyon ayisyen ak kriz la, alòske kèk tan apre yo pral siyen pou chita yon konsèy tranzisyon entènasyonal la patikilyèman Lèzetazini mete. Yon lòt se goch la li menm ki pase anba pye yon seri prensip fondamantal tankou patisipe nan yon pouvwa k ap sipòte okipasyon militè. Youn nan konsekans chwa politik sa genyen sou goch la se sou jan yo pral poze pwoblèm sekirite a. Yo panse l pa anlè, sa kondisyone lekti yo epi anpeche yo wè altènativ pa anba mas yo ap pote tankou mouvman otodefans k ap fèt yo: mouvman avril 2023 ak mouvman 19 novanm 2024 la kont ensekirite a. Poutan, angajman gwoup pwogresis yo ta ka pote an kalite ak efikasitepou mouvman yo tankou nan fè fòmasyon politik, ede popilasyon an konprann pi byen konjonkti a, chache sipò bò kote lòt pèp k ap reziste fas ak enperyalis la epi entèkonekte divès espas k ap reziste nan Pòtoprens tankou Solino, Kafoufèy, Kanapevè ak lòt mouvman nan divès lòt kote nan peyi a : Sodo, Kabarè, Latibonit, Akayè, Mibalè, elt. Aksyon sa yo ta va pote anpil tou pou goch la anretou nan ba li yon veritab ankraj nan mitan mas yo. Yon moman ki ta ka kòmanse fè lavi souri pou malere.
Èske li twò ta ? Petèt non.
Otè: Dutty Boukman
...................................
1 Nan atik Gannsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la, Simon fè anpil elaborasyon sou pwen sa yo.
2 Jeneralman, nan literati k ap poze pwoblèm sekirite a nan listwa peyi oksidantal yo, yo konn pati ak kèk moman tankou avènman modènite a avèk refleksyon kontraktyalis yo (Rousseau, Hobbes, elt) ki senbolize pou yo menm ripti ak peryòd mwayenaj la, ki vle di tou moman sitwayen yo sispann panse lavi yo nan yon lòt mond pou definitivman panse l isiba a. Kidonk konsepsyon sa pral kale nesesite tou pou siyen yon kontra sosyal pou viv ansanm. Yon lòt moman se apre kriz 1929 la kote konsèp sekirite sosyal la pral emèje. Yon twazyèm moman se ane 70 yo nan kontèks menas ekolojik yo, sa ki pral akouche kòmansman refleksyon sou sekirite anviwònmantal. Nou bay referans Les trois ages de la sécurité, Philippe Portier, 01 janvye 2011. Kontrèman ak konsepsyon sa, nou menm nou prefere gade kesyon an apati peryòd esklavajis la, kontinye l an 1806, 1825, 1915, sou rèy Divalye yo, 1994, 2004, 2010 ak jounen jodi a. Chwa sa se pou gade fenomèn nan an relasyon ak dinamik mondyalizasyon sistèm kapitalis la epi enpak sistematik li sou lòt pèp ak lòt sivilizasyon ki pa sivilizasyon oksidantal yo.
3 Nan Discours sur le colonialisme, Césaire te pran pou misyon demaske diskou kolon yo ki ap chache kache sou tout bèl pawòl konkèt la. Ki di se sivilizasyon y ap pote, modènizasyon, se echanj alòske se kolonizasyon, jenosid, etnosid ak tout lòt zakinimen ki egziste. Konsa powèt matinikè a di sivilizasyon oksidantal la, atravè zak sa yo, se yon sivilizasyon ki malad sou plan moral ak etik. Kidonk li endefandab epi li se yon malè pou pwòp tèt li ak pou limanite toutantye
.
4 Pierre Jameson Beaucejour fè yon rale sou entegrasyon konsèp sa nan panse sosyal ayisyèn nan nan atik ki pote non Intégration du concept « Malere/malheureux » dans la pensée sociale haïtienne, 28 mas 2022.
5 Wasly Simon, ibidem.
6 Abi-habid, M. (2024, 21 me). Haiti’s gangs Grow Stronger as Kenyan-Led Force Prepares to Deploy. www.nytimes.com/2024/05/21/word/americas/haiti-gangs-weapons.html
7www.larousse.fr/dictionnaires/francais/amnisties/2963
8 Antoine Info TV. (14 mas 2024). https://youtu.be/yzCQlbz8c5w?si=OfTrOhib1nj38pLE
9 Coup D’œil. (2024, 8 avril). Pa gen amnisti pou moun ki konvèti tèt li an konbatan politik. https://youtu.be/9vjWOcAN6z8?si=JR0OO8gHRXtt285m
10 Pwofesè a nan divès analiz l ap fè toujou ap gade dinamik sa bò kote aktè entènasyonal ak Leta k ap chache lejitime fòs la.
11 Nan youn nan priz pawòl li, pwofesè Camille Charlmers souliye koyensidans ant diskisyon sou dosye Ayiti a nan Nasyonzini ak ogmantasyon vyolans lan toujou nan moman sa yo.
12 « Les militaires jamaïcains et ceux du Guatemala, depuis leur arrivée en Haïti, refusent de participer aux opérations visant à démanteler les gangs, nous confie une source auprès de la force multinationale. S’il était prévu de déployer des officiers d’autres pays pour combattre aux côtés des kenyans pour consolider la lutte contre l’insécurité, sur le terrain la donne change à cause du refus catégorique de ces militaires de prendre part aux interventions. Ces officiers déclarent avoir été déployés en Haïti pour sécuriser les bâtiments publics, mais pas pour intervenir dans les zones contrôlés par les bandes armées » Passion Info Plus, 17 janvye 2025.
13 JOF, 19 janvye 2025.
14 Ibidem.
15 Simon, ibidem.
.....................................
Kèk referans :
Abi-habid, M. (2024, 21 me). Haiti’s gangs Grow Stronger as Kenyan-Led Force Prepares to Deploy. www.nytimes.com/2024/05/21/word/americas/haiti-gangs-weapons.htmlAntoine Info TV. (14 mas 2024).https://youtu.be/yzCQlbz8c5w?si=OfTrOhib1nj38pLE
Beaucejour, P. J. (2022, 28 mas). Intégration du concept « Malere/malheureux » dans la pensée sociale haïtienne. Nouveaux cahiers du socialisme.
Coup D’œil. (2024, 8 avril). Pa gen amnisti pou moun ki konvèti tèt li an konbatan politik. https://youtu.be/9vjWOcAN6z8?si=JR0OO8gHRXtt285m
JOF, 19 janvye 2025.
Larousse, 2021.
Louis, I. (2023, septanm). Goch, kote mato wkote sèpèt w?
……… (2024, 22 jen). Goch, ranmase karaktè w?
Lwijis, J. (2009). ONG : ki gouvènman ou ye ?.Asosyasyon Inivèsitè ak inivèsitèz Desalinyen.
Passion Info Plus, 17 janvye 2025.
Portier, P. (2011, 01 janvye). Les trois ages de la sécurité. https://doi.org/10.3917/deba.127.0085
Simon W. (2025, 17 janvye). Ganngsteriasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la. KafouNews.
……… (2025, 19 janvye). Ganngsteriasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la. KafouNews.
La Rédaction 249
Kafounews
0 Commentaires