[…] le peuple frappe instamment à la porte de l'intégration sociale et nationale. Nul ne peut prétendre la lui maintenir fermée plus longtemps encore par la négation de ses droits fondamentaux du citoyen.
Michel Hector
Ki aktè k ap mennen konjonkti a epi ak ki enterè ?

La crise sociale haïtienne qui actualise le projet de liberté des esclaves et marrons de Saint-Domingue, est galvaudée sous prétexte de crise électorale où des agents politiques locaux de l’Internationale Communautaire se chamaillent pour détenir le privilège de gestion politique des intérêts du capital.
JeanAnil Louis-Juste
Li rete yon evidans depi apre goudougoudou 12 janvye 2010 la, Ayiti ap konnen yon gwo kriz sosyal ak politik ki mete sosyete a tèt anba epi ki zatiyèt tout kalte moun. Chak aktè, suivan kote li kanpe, pote konpreyansyon oubyen entèpretasyon pa l. Chak aktè tou ap chache fason pa l pou ofri « altènativ » nan « enterè » l. Nan sans sa, yon bon pati nan gwoup pwogresis yo nan mouvman sosyal la pa rete bra kwaze yo menm tou. Atik sase yon ti kout egzèsis pou dyagnostike lekti yo ak pratik politik yo.
"Kowalisyon kòm zouti patisipasyon politik", se anba tèm sa pandan 2 jou (25 ak 26 jiyè 2025) inivèsite popilè a te fèt ane sa nan Pòtoprens. N ap raple inivèsite popilè n ap pale a se inisyativ divès gwoup pwogresis (SOFA, SAKS, ICKL, PAPDA, PAJ, ITECA) nan mouvman sosyal ayisyenan ki gen yon ventèn lane depi y ap fè l kote òganizasyon sa yo ap reflechi ansanm sou konjonkti a, twoke lide sou jan yo konprann li, fason y ap angaje yo epi ki pèspektiv y ap bay ak pwoblèm mas y ap konnen yo[1]. Kidonk se espas kote gwoup sa yo ap panse aksyon politik yo epi kòman pou yo mennen aksyon sa yo yon mannyè ki pi efikas pou rive nan transfòmasyon sosyal total kapital la. Na va gentan tounen sou lide sa pi devan. Tèm nou site pi wo a, li enskri nan yon tèm jeneral ki se « Konstriksyon yon Leta granmoun ak pwogresis an Ayiti : patisipasyon politik mouvman sosyal ak popilè yo » ki lonje sou 3 lane (2024, 2025 ak 2026). Tankou ane pase, kidonk 2024, refleksyon yo te pote sou "Pwojè politik ak patisipasyon elektoral".
Jan nou di l la, atik sa se pou yon kout je sou konjonkti a, anje k ap desinen yo, konpreyansyon k ap pote sou li ak pèspektiv yo, patikilyeman bò kote gwoup pwogresis yo. Pou nou ateri, n ap repran yon ti kout kadraj sou konjonkti. Apresa n ap manyen anje k ap desinen depi 15 dènye lane sa yo ak pèspektiv k ap degaje yo pandan n ap mobilize jan kriz yo manyen nan listwa peyi a suivan lekti istoryen Michel Hector. Pou nou fini n ap gade lekti gwoup pwogresis yo. Nan dènye pwen sa jou patisipasyon nou nan inivèsite popilè a ap sèvi n sipò analiz.Nou twouve reflechi sou sa se yon egzèsis ki gen plas li paske nan sosyete kote gen lese frape ant dominan ak domine yo ki se rezilta kontradiksyon nan mitan klas, ras, gason/fanm oubyen tout makonnen ansanm, li fondamantal pou nou pa kite entèlijans nou dòmi sou pratik politik yo ak desizyon k ap pran yo. Nou dwe toujou kesyone pou konnen nan ki direksyon y ap mennen nou ak nan enterè ki kategori sosyal desizyon sa yo pran.

De mo twa pawòl sou konjonkti a
Kontrèman akdiskou medya yo tankou "veye kote w ap mete pye w", oubyen konbyen zòn yè, jodi "bandi" pran pandan y ap touye je sou pwofi klas dominant yo ap fè nan dinamik ekonomi kriminèlla jan sosyològ James Darbouze[2] mansyone l la, nan je pa n nou konprann konjonkti a tankou yon kriz sistemik jeneralize[3] nan sans Michel Hector. Konsa pou rezime l n ap chita sou kontradiksyon fondamantal sa ki se : yon bò volonte san limit mas popilè yo manifeste depi peryòd 2010 yo pou di yo bouke ak modèl sosyete miwo miba a, malfini ak enjis la ki chita sou esklizyon majorite a(se sa souvan kèk moun deziye sou non chavire chodyè a), yon lòt bò angajman ak estraeji tout kalte gwoup dominan yo (oligak isit kou entènasyonal kominotè a) apdeplwaye pou kenbe l nan jan li ye a. Konsa, vyolans lan nan ouvè mache poumete zam fann fwa nan men pakèt jenn fanm ak jenn gason politik sosyal ak ekonomik Leta a rannvilnerab nan katye popilè yo ak nan vil pwovens yo tounen yon mwayen efikas pou kase elan popilè a epi bloke ansanm revandikasyon y ap pote yo. Leta antipopilè nan estrikti li ki phtkize[4] depi apre tranbleman tè a, se prensipal kanal pou chita pwojè sila a. Lekti sa se pa pou fè karikati, men pito pou nou konstui linèt pou gide n nan obsèvasyon ak konpreyansyon nou menm kòm moun k ap viv kriz la.
Pou eksprime volonte chanje sistèm sa nan nivo mobilizasyon-ki se youn nan karakteristik gwo kriz anndan peyi a suivan Hector (2006)[5]-mas yo poze anpil aksyon ki pran divès fòm nan divès moman. Tankou yo fè sitin, òganize mach, siyen petisyon, fè grèv ak sansibilizasyon sou rezo sosyal yo, fè presyon sou aparèy jidisyè yo pou mande kont, fè manifestasyon, lòk, elt. Nou ka sonje manifestasyon kont enjerans entènasyonal la nan zafè politik peyi a patikilyèman nan eleksyon 2010 ak 2016 yo, epi nan sipòte politisyen antipopilè yo (Michel Joseph Martely, Jovenel Moïse, Ariel Henri, pou nou site moun sa yo sèlman);bann ak pakèt manifestasyon tou pou revandike bon jan kondisyon lavi nan batay kont lavi chè, ogmantasyon pri gaz, bidjè ane fiskal 2016-2017 la yo te rele bidjè kriminèl tèlman li pat kadre ak bezwen pa yo, kont salè minimòm nan ki te twò ba; manifestatsyon, sitin, mach kont ensekirite, koripsyon (mobilizasyon kont gagòt sou lajan petwokaribe ak CIRH la), elt. Tout aksyon sa yo tradui rejè sistèm sosyo-politik peze souse sa ki pa gen lòt pwojè planifye move lavi pou mas moun defavorize yo.
Anje kriz la ak estrateji gwoup dominan yo pou eskive l
Nan listwa mouvman sosyal yo nan peyi a, gen yon denominatè komen nou jwenn : chak fwa gwo moman kriz yo, klas dominant yo toujou devlope tout estrateji pou kontwole mouvman revandikatifmas yo olye yo ba yo satisfaksyon. Estrateji sa yo depann de kontèks chak kriz. Tankou nan peryòd XIXè syèk la soti nan mouvman Goman (1807-1820), pase nan mouvman Akawo (1843-1848) pou tonbe nan mouvman kako yo avèk Salnav (1867-1870), akote koripsyon, malis nan rale kèk grenn militan avanse nan ofri yo ti privilèj (nou jwenn pratik sa depi mouvman Akawo a si n refere n ak Hector ki fè konnen kèk nan moun ki te nan antouraj lidè a te jwenn gwo pòs nan divès gouvènman epòk la) ak represyon, alyans nan mitan oligachi lokal la toujou pèmèt yo kase vag mobilizasyon popilè yo.
Pou peryòd XXè ak XXIè syèk la, menmsi koripsyon, malis ak represyon an toujou la, men oligachi lokal la pa janm rive vrèman pwopoze yon sòti kriz sou lidèchip li[6]. Konsa entèvansyon militè etranjè tounen depi lè sa yon zo ki koke nan gòj nou. Eklatman kriz kòmansman XXè syèk la debouche sou okipasyon blan meriken 28 jiyè 1915. Nan fen menm syèk la, apre mouvman 86 yo, nou jwenn pou yon lòt fwa entèvansyon menm puisans sa. Fwa sa se pou « rekanpe demokrasi » a apre koudeta ansyen tonton makout yo 30 septanm 91 nan konplisite ak ajan sekrè Etazini kont mouvman Lavalas la. Jis apenn yon deseni apre, 2004, nou retounen jwennyon dezyèm koudeta kont prezidan Jean Bertrand Aristideki lage peyi a nan gwo kawo politik. Nouvo entèvansyon etranjè sou lidèchip peyi Brezil ki te gen Lula kòm prezidan nan moman an, te di li gen misyon pou "etabli lapè". Sofke, yon ventèn lane apre, Ayiti tonbe pirèd nan vyolans. Jen 2024 la se dènye dat entèvansyon etranjè, ki fwa sa vini pou "konbat ensekirite" . Se toujou Etazini men ki bay peyi Kenya manèt la.
Kontèks n ap viv la, anvan nou gade estrateji oligachi lokal laak entènasyonal kominotè[7] a, nou dwe di se yon kriz an 3 moman pou nou menm. Premye a se soti 2010 rive 2017, dezyèm nan se 2018 rive 2022, ak twazyèm nan 2022pou rive jounen jodi a. Premye moman ki soti sou pouvwa Martely a rive sou Jovenel Moïse, nou sitou jwenn yon seri mobilizasyon pasifik nan mouvman popilè yo. Men avèk deteryorasyon kondisyon lavi mas yo ak divès mezi antipopilè rejim anplas la, mobilizasyon yo radikalize depi 2018 pou chita yon nouvo mwayen pwotestasyon ki se barikad sistematik espas sikilasyon piblik yo yon moun tankou Magalie Civil (2020) konsidere tankou nouvo fòm pwotestasyon nanrepètwa mouvman popilè nan peyi a. Se konsa nou jwenn mouvman peyilòk 6, 7 ak 8 jiyè 2018 ki pwolonje 2019, ak premye mouvman bwa kale septanm 2022 a. 2 mouvman sa yo eklate non yon kontèks kriz jeneralize epi yon vag mobilizasyon popilè. Depi apre gwo mobilizasyon 2022 a, mouvman yo chanje faz. Puiske kesyon sosyal la vini plis nesesite pou kontrekare atak ganng yo, mas yo nan pòtoprens ak nan vil pwovens yo plis òganize yo pou defann teritwa yo. Konsa mouvman yo kite lari a kòm espas pwotestasyon, yo konsantre nan teritwa yo ak objektif defann katye yo.Men yo gen gwo feblès tou, paske yo manke yon konsyans politik avanse ki ta ka marande defann teritwa ak yon veritab batay ideyolojik ak politik ki fè soti klè dimansyon klas ak anti-enperyalis la. Mank sa ki te deja jwenn yon mouvman popilè sektarize depi nan mobilizasyon anvan yo sitou kont ensekirite a, fè nou pa jwenn yon makonnay nan òganizasyon batay yo pou defann katye yo.Nou dwe souliye tou òganizasyon pwogresis yo plis vize Leta a olye yo fè chwa angaje yo bò kote mas yo nan kontèks kriz sa, pa san konsekans tou sou nivo ideyolojik ak efikasite mouvman yo (Dutty Boukman, 2025).
Pou nou tounen sou kesyon estrateji kontwòl klas dominant yo, pou peryòd n ap viv la nou jwenn mawonnay yon pakèt zouti tradisyonèl (represyon, malis, koripsyon), nou jwenn tou entèvansyon fòs etranjè ak yon nouvo zouti puisan ki se pwopagann.
Nou deja wè, vyolans ki pran fòm ganngterizasyon nan dènye moman sa yo pa yon fenomèn nouvo nan rapò Leta ann Ayiti ak mas popilè yo. Okontrè li se yon zouti kominikasyon estriktirèl pou antite sa adrese kesyon gwoup ki pi defavorize yo ap poze l. Yon konpòtman ki montre nati antipopilè li epi tradui enkapasite l pou pote satisfaksyon ak revandikasyon pèp ayisyen. Jean Anil Louis-Juste, nan atik Akawo, Goman, Desalin : twa lidè disparèt, yon projè parèt(2008) nan menm lide sa fè konnen : « se nan represyon ak trayizon grandonachi a rive kraze mouvman sa yo (mouvman popilè yo). Sistèm boujwagrandon an rive repwodui tèt li pou kont li, jouk nan premye lane lawont la, sa vle di an 1915 ». Depi anvan sa nan analiz li t ap fè sou kòz ki mennen masak Jan rabèl la nan lane 1987 n ap komemore 38è anivèsè ane sa, pansè maksis desalinyen an te fè konnen : « 23 jiyè 1987, se pa premye fwa Leta fè masak sou peyizan ayisyen k ap reklame dwa yo. Nou sonje Machatè, Milo, Danti, Atchevo (Lestè), elatriye » (Louis-Juste, 1997 : 94). N ap raple, toujou nan lide Louis-Juste, peyizan Jan Rabèl yo t ap pote revandikasyon sila yo : sistèm irigasyon pou wouze jaden yo, sant sante. Yo t ap denonse grandon yo ki pran tout tè Leta nan zòn nan, prezans toton makout nan administrasyon piblik la, pèman taks san ankenn sèvis piblik an retou, elt. Alòs puiske revandikasyon sa yo te an kontradiksyon ak enterè boujwa grandon nan komin nan, yo te pito itilize represyon olye yo reponn ak yo.
Suzy Castor (1988)se yon lòt pami pansè ki dyagnostike vyolans Leta a kont revandikasyon mas yo. Nan travay li sou lokipasyon meriken an 1915-1934, istoryèn nan fè konnen depi lè blan yo debake a yo te fè fas kare ak yon gwo difikilte ki te sèvi obstak pou pwojè okipasyon an. Mas yo ak kèk entèlektyèl ta pral chita yon rezistans sistematik (ame ak pasifik) depi premye jou aterisaj fòs etranje a ki pral dire pandan tout tan yo te pase nan peyi a. Konsa, pou kase rezistans sa a ki sitou atikile anba kesyon dezokipasyon peyi a, fòs militè etranjè yo pral itilize divès mwayen (trayizon, koripsyon), men represyon an te rete pi efikas. Tankou yo kraze nan san grèv etidyan nan Damyen yo, yo fè menm jan tou pou grèv peyizan Machatèki te leve kont enpo sou alkòl ak tabak prezidan Borno te fòse peyizan yo peye, elt. Pou l montre nivo vyolans okipan yo te anplwaye pou fè sa yo rele premye kanpay pasifikasyon an, Castor repran Bellegarde pou l fè konnen : « Cette première campagne de "pacification", surtout dans le Nord, fut extrêmement brutale. Ce fut une campagne de terreur et de massacre", […] Dans plusieurs cas, ce furent de véritables génocides »[8] (Castor, 1988 : 132).
N ap redi l, vyolans lan oubyen tèrè a nan ka sa pa yon fenomèn nouvo ki dekri rapò Leta genyen sou lobedyans klas dominant yo fas ak revandikasyon mas popilè yo. Pou n di yon lòt fason, teyoris etatique la oubyen itilizasyon tèrè kòm mòd gouvènans ki enstitiye depi 2011 lan (Darbouze, 2019), li se mak fabrik Leta a menmsi li plis sistematize pou l pran fòm ganngsterizasyon avèk rejim PHTK a.Peryòd sa se youn nan divès lòt moman manifestasyon pratik sa. Pandan n ap refere n ak Michel Hector (Ibidem), n ap di represyon an se yon zouti ki toujou la men ki plis prezan nan moman gwo kriz nan sosyete a tankou epòk 1843-1848, 1867-1870, 1908-1915, 1986-1994 ak jounen jodi a jan nou kapab konstate l.
Konsènan pwopagann nanli menm, Martely/Lamothe bay tòl wouj, kanaval toupatou, peye anpil « ekpspè » fè manti nan radyo, pwomèt kouran sou do biznis prive konbèlann, ak enpoze ti pwogram tankou timanman cheri, cash for work, gouvènman lakay ou, etl. Jovenel Moise kote pa l kontinye nan menm lide a. Pou listwa, li eli nan menm dinamik pwopagann sa, kote li di l ap pwodui bannann pou mache lokal la ak pou ekspòte, poutan se te dikou manipilasyon pou eleksyon. Pwojè sa disparèt san ankenn esplikasyon. Se te yon prezidan pwomès : kouran 24/24, manje, sekirite, batay kont koripsyon, karavàn chanjman ki pote chanjman sèlman nan pòch alye l nan klas dominant yo, elt. Ariel Henri kote pa l li pat fè mye. Nou sonje tankou pou ogmante pri gaz la, li te deklare se pou l bay sekirite epi fè mas yo rive jwenn sèvis sosyal. Men kèk lane apre, Leta retire kò l nèt nan sibvansyon gaz la, gwoup ame yo kontwole plis teritwa nan nivo kote se yo ki fè premye minis la kite pouvwa nan kòmansman ane 2024 la. Lavi chè, grangou ak pil lòt pwoblèm sosyal yo menm se pa pale. Fas ak reyalite a ki montre aklè pwomès sa yo paka kenbe, rejim nan pa fè lòt bagay sinon bay lòt moun pote chay echèk li (Aurélien, 2021).
Nou jwenn tou entèvansyon fòs etranjè sou nonMission Multinationale d’Appui à la Sécurité (MMAS) ki di objektif li se bay solisyon ak fenomèn ensekirite a. Men nou konnen, jan nou mansyone l pi wo a, se yon kontinite nan estrateji pou kenbe lòd anplas la ki pa vle di lòt bagay sinon kenbe sistèm miwo miba a epi mete mas yo sou kote sèn politik la pandan y ap pase anba pye vrè revandikasyon l yo. Konsa nou wè, pwoblèm sekirite a ki sitou kòmanse 2018 yo nan kontèks radikalizasyon mobilizasyon popilè yo, se atò li pran jarèt malgre prezans fòs etranjè a [9]. Louis-Juste (2003) fè konnen entènasyonal kominotè a toujou sèvi ak moman kriz anndan peyi a pou renouvle tèt li. Mannèv li se kache vrè kontradiksyon sosyal yo, jan nou kalifye l pi wo a ki se kontradiksyon ant pwojè klas dominant yo ak enterè mas popilèyo ki temwanye volonte pou chavire chodyè a, pandan l ap pwopoze yon seri solisyon refòmis ki gen sèl objektif ranfòse sistèm dominasyon ak eksplwatasyon an epi kase souverènte politik peyi a.Hector (Ibidem) di l nan fason pa l lè l fè konnen depi kòmansman syèk pase a, se entènasyonal la ki pote apezman nan kriz yo chak fwa oligachi lokal la pa an mezi fè sa. Jisteman pou peryòd n ap viv la (2010 rive kounye a), chire pit ki gen nan mitan oligachi lokal la depi kèk tan ki ta pral mennen nan sasinay prezidan Jovenel Moïse, pral tounen gwo difikilte pou yo antann yo sou altènativ ak kriz la. Yo pral gen gwo divizyon nan mitan yo apre evènman 7 jiyè 2021 an pou bay yon bò « jovnelis » yo ak yon lòt bò « mikis » yo, 2 gwoup ki pral itilize gwoup ganng yo (G-9 ak G-pèp) pou konnen kiyès k ap gen kontwòl pouvwa a. Puiske yo pa t janm ka rive antann yo, entènasyonal kominotè a pwofite pou pran kontwòl sitiyasyon an epinome yon gouvènman yon sèl tèt avèk Ariel Henri kòm premye minis. Apre chwa sa, olye pou bagay yo amelyore, kriz la anvlimen pirèd. Fwa sa nou jwenn gwoup ganng yo fòme yon kowalisyon sou non « Viv ansanm » ki ba yo plis fòs pou teworize mas yo epi konstui tèt yo kòm veritab aktè politik nan konjonkti a. Nou te di l, yo te mete premye minis la nan kanpe lwen jiskaske entènasyonal kominotè a yon lòt fwa atravè CARICOM pral pwopoze yon nouvo gouvènman tranzisyon avèk 9 prezidan. Se sou Konsèy prezidansyèl sa nou jwenn aterisaj fòs militè etranjè a nan mwa jen 2024 la. KPT a, nan akò ki mete l sou pouvwa a, li gen misyon l ki konstui ajanda politik li. Laurent Saint-Cyr, nan diskou envestiti li 7 dawout pase a, fè rapèl la ki se : konbat ensekirite, fè referandòm ak òganize eleksyon. Si nou ka kesyone verasite premye objektif la, kanta pou dezyèm nan ak twazyèm nan nou remake gen yon rasanblaj enèji pou rann yo reyèl menmsi echeyans anvan fen manda a ki se 7 fevriye 2026 la pote anpil dout.
Lekti politik ak chwa kèk gwoup pwogresis nan konjonkti a
Pou rete koyeran ak tematik refleksyon ane sa ki se « Kowalisyon kòm zouti patisipasyon politik », nan jounen 25 jiyè nou te prezan nan inivèsite popilè a te genyen 2 lide fondamantal ki t ap brase nan prezantasyon entèvenan ak diskisyon yo. Youn natirèlman se te enpòtans ak pètinans sa nou rele kowalisyon oubyen alyans lan, patikilyèman alyans elektoral ki vle di alyans pou ale nan eleksyon. Lòt la se kòman ale nan eleksyon an, oubyen pou n di yon lòt fason, ki pi bon estrateji pou nou mete an plas pouale a.
Pou nou di rapidman, jan nou wè l la, inivèsite popilè a se espas refleksyon pou gwoup sa yo panse pratik politik yo ki soti nan lekti yo sou konjonkti a. Ki ta ka vle, jan sa te eksprime depi siyati akò Montana 30 dawout 2021 an, se ta mete ansanm yon fason jeneral men patikilyeman mete ansanm pou ale nan eleksyon ki ta mennen n sou chimen soti kriz la, kidonk pote amelyorasyon pou mas popilè yo.
Pou n trete kesyon kowalisyon an, n ap kòmanse ak lide youn nan entèvenan yo ki te avanse pou di kesyon eleksyon, sifraj inivèsèl dirèk la se yon gwo bout tonton gany istorik. Ankenn fòs politik ki serye, toujou entèvenan k ap pale, paka inyore espas sa ki se yon veritab espas batay ak lit pou pouvwa. Li nyanse pou di li rekonèt toujou gen mannèv k ap fèt pou kontoune sifraj inivèsèl dirèk la, ki vle di pou ekate majorite a kòm aktè nan pwosesis sa.
Lide sa si l parèt vrè, men li manke gade kontèks sosyal ak istorik yo. Li plis sanble reyalite peyi Nò yo. Nou ta ka mande entèvenan an, nan kisa eleksyon nan yon seri peyi Tyè-Mond ki gen yon souverènte politik limite tankou Ayiti, reflete vrè desizyon mas popilè yo ? Kesyon sa plis pètinan toujou lè n sonje pou sa ki gen pou wè ak eleksyon nan peyi a dènye tan sa yo, pa vrèman gen yon patisipasyon popilè youn, epi se kandida entènasyonal la ki ap pase nenpòt jan sa ye. Gen yon lòt konsiderasyon nou ka fè tou lè n konnen se gwoup ame yo k ap fè lalwa, ki kontwole teritwa yo, nan ka sa li klè popilasyon an pa p janm ka granmoun nan vòt li yo. Sanble eleman sa yo pat enterese entèvenan pou l gade, men bon nou konprann se yon fason pou l jistifye chwa ak pratik politik li.
Menm entèvenan sa te bat bravo lakontantman pou kowalisyon Monntana a li jije ki te pwomèt anpil men ki ta pral pran koutba jou CARICOM pran mayèt politik la epi fè envitasyon pou negosyasyon pou yon nouvo tranzisyon nan peyiJamayik. Li pat rete la, li te di kanmenm se te yon viktwa lè yo envite Monntana nan tranzisyon an. Lide sa yo gen anpil enkoyerans, nou pa p vrèman rete sou yo.
pou lide kowalisyon an, yon lòt entèvenanki te yon aktè kle nan eksperyans Montana a te fè konnen kowalisyon se sèl chans nou menm kòm pèp. Li te pran egzanp 1804 pou li menm ki te posib gras ak kowalisyon ansanm kaptif yo pou kase chenn lesklavaj la. Li te kontinye pou wete chapo l devan akò 30 dawout la pou li menm ki te louwab nan entansyon l men malerezman ki pral pèdi sans li depiapre eleksyon pou deziye prezidan akò a kote nouvo eli a vin sèl kòk chante epi tou fèmen je sou estrikti a. Men li admèt tou (entèvenan pi wo a te kore lide sa) depi nan pwosesis konstriksyon an, akò a te gentan ap pran baf : youn akoz kontradiksyon anndan yo paske te genyen yon seri aktè ki te nan dinamik la men ki t ap konbat li an menm tan, yon lòt paskesektè prive a te di li pa wè tèt li nan bagay sa kidonk li pa p antre ladan l, yon lòt ankò paske entènasyonal kominotè a pat vle l. Pou yo menm eksperyans la pa t ap mennen okenn kote. Nou dwe di, pou entèvenan yo, akò Monntana te gen objektif prensipal li pou bay yon « solisyon ayisyen ak kriz la », konsa li te siyen kont enjerans enperyalis la nan zafè politik peyi a. Li te vle tou soti nan doub fas PHTK ak opozisyon an.
Egzanp 1804 entèvenan an te pran pou kore lide l sou kowalisyon an enteresan, men menm entèvenan sa fèmen je l sou 17 oktòb 1806. An reyalite li ta dwe mande tèt li pouki apèn 2 lane apre lendepandans lan ki te soti nan kongrè Akayè a, nou jwenn oligak yo mete ansanm yo sasinen Jak 1e. Men nou tout konnen l, se paske anperè a te opoze ak lide pou yo pase anba pye lide revolisyon an ki se koupe fache ak sistèm bourik travay bay chwal galonnen an. Oligak sa yo te vle apwopriye tout tè nasyon an pandan yo pa kite anyen pou majorite a. Sa ki vle di, tousuit apre revolisyon an reflèks klas ak ras la gentan pran jarèt lè elit kreyòl (gwo jenero nwa ak ti gwoup milat) yo te twouve li lejitim pou se yo menm ki jwenn richès yo epi rekonekte ekonomi peyi a ak dinamik kapital mondyal la. Sa fè nou konprann gen 2 vizyon ki te travèse 1804 la ki se 2 pwojè sosyete lèt ak sitwo : youn chita sou jwisans ak privilèj yon ti gwoup, yon lòt ki se lavi pou tout moun. Nou jwenn dezyèm lide a nan filozofi libète byennèt ki gen non vanyan l « Tout Moun se Moun ». Kounye a kòman kanpe yon kowalisyon politik nan mitan kontradiksyon sa ? Kòman pale oligak yo de lide « pa gen moun pase moun » pandan pratik lavi yo chita sou prejije klas ak ras, eksplwatasyon, dominasyon, pou site sa yo sèlman ? Listwa montre n pa manke kowalisyon nan mouvman sosyal la nan peyi a. Men se toujou kowalisyon oligachi lokal la ak entènasyonal kominotè a kont mas popilè yo. N ap prete yon lòt fwa lide Hector (Ibidem) ki fè konnen kowalisyon te toujou youn nan zouti pou klas dominant yo bay solisyon ak kriz yo, ki vle di mwayen pou metrize mouvman popilè yo.
Diskou mete ansanm nan nou jwenn li souvan fwa nan kontèks kriz yo, lè klas dominant yo santi enterè yo menase. Konsa, li toujou sèvi malis pou kouri fè koub sou diskou chavire chodyè a, ki vle di konstui yon sosyete sou lidèchip mas yo. Pou jistifye lide sa, yo souvan apiye sou idantite nan mansyone « ayisyen » oubyen « nou tout se ayisyen »nou dwe mete tèt ansanm.Men yon tèt ansanm ki siyifi soumisyon, pwofi, eksplatasyon yo kòm klas. Ayisyen an nan sans sa vin yon konsèp mitik, vid, ki rete nan nyaj san konprann fòmasyon sosyal la, san voye je sou listwa ki oblije n pran an kont kontradiksyon nan vizyon mond ki travèse peyi a epi ki toujou ap toke kòn jouk jounen jodi a menmsi mannèv pa sispann mete pou makiye l. Lide mete ansanm tout ayisyen an sanble kou 2 gout dlo ak objektif prensipal youn nan entèvenan yo te soulve pou Monntana a ki se « bay yon solisyon ayisyen ak kriz la ». Menm entèvenan sa tou te rekonèt sektè prive a te boude inisyativ la paske li di li pa wè tèt li nan yon bagay konsa. Pouki rezon ?, nou ta renmen entèvenan pote limyè pou nou.

Pou yon kole zepòl nan enterè mas popilè yo
Pou nou fini, n ap di kowalisyon se yon bèl lide. Men li pa posib si nou fèmen je sou dimansyon klas ak ras yo nan peyi a. Rapò sa yo menm se vrè obstak pou yon kowalisyon sensè ak pwodiktif. Epi nou wè l, nou pa manke jwenn kowalisyon, men se kowalisyon klas dominant yo pou woule nan farin mas yo epi mennen yo labatwa. Youn nan egzanp ki pi pre nou se 2004 ki jis pote plis pwofi pou yon franch nan boujwazi a ak ti privilèj pou politisyen sèvitè yo. Yon entèvenan te mansyone 3 egzanp kowalisyon elektoral (Gérard Gourgue 87, Aristide 90 ak Préval 2006) ki kite yon gou anmè pou gwoup pwogresis yo. Eksperyans sa yo montre sa pat bay lòt rezilta sinon itilizasyon mas yo pou bay pouvwa a ak oligachi a. Lè n chita sou eksperyans sa yo, nou konprann kounye ali reteyon vrè kowalisyon ant mas yo yo menm pou kale yon pwojè sosyete san fòs kote, k ap renouvle lide Libète byennètkongrè Bwakayiman an. Konsa n ap rebay fòs ak konsèp pèp ayisyen an ki ap rezilta kont tout pratik dominasyon ak eksplwatasyon, k ap chita sou valè Tout Moun se Moun, pa gen moun pase moun nan.
Pou yon kole zepòl nan enterè mas popilè yo.
Ewa
________________
Bibliyografi
Aurélien, K. (2021). Propagande et légitimité politique en Haïti. Cahiers de Psychologie politique,38. https://doi.org/10.34745/numerev_1407
Boukman, D. (2025). Ki altènativ pou goch la fas ak fenomèn ensekirite a ? KafouNews.
Castor. S. (1988). L’occupation américaine d’Haïti. http :/classiques.uqac.ca/
Civil, M. (2020). Une lecture sociologique du phénomène peyilòk en Haïti. [Mémoire de maitrise, université d’Ottawa].
Darbouze, J. (2019). Le recours à la terreur plutôt que de rendre des comptes. AlterPresse.
Hector, M. (2006)Crises et mouvements populaires en Haïti. 2e Édition. Presses Nationales d’Haïti.
Louis-Juste, J. A. (1997). Masak Jan Rabèl. Defi ak pari. Presses de l’Imprimeur II.
………………... (2003, 8 aout). Crise sociale et international communautaire en Haïti. AlterPresse.
………………… (2008, 9 jiyè). Akawo, Goman, Desalin : twa lidè disparèt, yon pwojè parèt. AlterPresse.
Simon W. (2025, 17 janvye). Ganngsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la. KafouNews.
_______________
1Nou pati ak evidans depi nou di gwoup pwogresis nou fè referans ak gwoup k ap batay nan mitan mas yo pou yon transfòmasyon sosyal nan enterè yo.
2 Darbouze mansyone lide sa nan atik ki rele « Le recours à la terreur plutôt que de rendre des comptes » ki soti 2019. Ladan l otè a seye gade mannèv pouvwa anplas la ap mete pou kontoune vrè pwoblèm kriz la avèk baz revandikasyon nan moman yo ki te sitou lonje dwèt sou konplisite otorite Leta yo nan gagòt lajan petwokaribe a. Tèrè a nan sasinen popilasyon an te mòd gouvènans pou fè sa.
3 Kriz sistemik jeneralize a se yon konsèp lakay MichelHector pou kalifye sa li rele gwo kriz nan listwa peyi a (1843-1848, 1867-1870, 1908-1915, 1986-1994).
4 Depi eleksyon 2010 yo, rejim PHTK rive pran kontwòl Leta a. Yon rejim ki favorize gwoup boujwa alye l yo k ap fè pwofi nan trafik ilisit (zam, dwòg, koripsyon, pati nan kò moun, elt.).
5Mobilizasyon, deteryorasyon kondisyon lavi mas yo ak enkapasite pou Leta reponn ak demand popilè yo, se 3 prensipal karakteristik gwo kriz yo pou Hector (Ibidem).
6 Nou panse tou sa nesesè pou voye je gade dinamik mondyal sistèm kapitalis la, patikilyeman yon peyi tankou Lèzetazini ki depi nan fen XIXe syèk la k ap etann enfliyans li nan Amerik Latin nan ak Karayib la.
7 Se yon konsèp nou jwenn nan travay Jean Anil Louis-Juste pou panse rapò puisans enperyalis yo ak peyi sid yo, chèchè, pwofesè, militan ki te mouri sasinen 12 janvye 2010 kèk kadè anvan tranbleman tè a.
8Premye kanpay pasifikasyon sa, sitou nan Nò, te sovaj. Se te yon kanpay tèrè ak masak. Nan kèk ka, se te yon veritab jenosid.
9 Nan atik Ganngsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la, nou deja pote yon refleksyon pou di ni fòs lòd yo (lapolis, lame) ak fòs etranjè pa p pote solisyon ak pwobèm ganng yo paske yo tout antre nan menm pwojè ki se kenbe sistèm nan jan li ye a oubyen konbat mas popilè yo sou sèn politik ak nan desizyon ekonomik k ap pran nan peyi a.
Wasly SIMON 3
Etidyan memoran nan depatman sosyoloji, Fakilte Syanzimèn (Inivèsite Leta d’Ayiti)
0 Commentaires