Ganngsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la (Pati II)

2. Wòl ganng yo nan dinamik ekonomi kriminèl la
Gwoup ganng yo, akote aksyon san fwa ni lwa y ap poze nan sosyete a, se yon seri gwoup byen òganize epi ki genyen yon lojik klè ki anime yo ki se akimilasyon anndan sistèm kapitalis mondyal la. Jan yo rive òganize tèt yo kòm gwoup epi diferan aktivite yo mennen tankou trafik ògàn, kidnapin, vòl lakay moun ak sezi machandiz, pòs peyaj sou wout yo, ransone ti machann ak gwo antrepriz, dwòg ak komès zam, montre klè kou dlo kòk se yon seri gwoup k ap brase gwo lajan, men lajan nan vyolans ak sou lavi kretyen vivan. Pratik sa yo vize kase tout mwayen desan ayisyen te konn chache lavi, pou bay jarèt ak yon ekonomi ak dominans kriminèl.
Jounen jodi a Pòtoprens disfonksyonèl. Vyolans lan ap kraze tout pwojè lavi ki ta vle boujonnen. Mas popilè yo oblije ap kouri kite espas yo konn fè degaje ekonomik ak viv lavi yo. Klas mwayèn nan menm li paka respire. Majorite enstitisyon piblik kou prive fèmen. Pòtoprens ki te espas santralizasyon administratif apre lokipasyon meriken an prèske disparèt oubyen gentan pa la ankò nan yon sèten nivo. Ane 80, 90 se te espas piblik yo ki t ap disparèt sou efè politik neyoliberal yo. Jounen jodi a ni espas prive, ni tirès piblik ki te rete yo sanse disfonksyonèl. Si disfonksyònman n ap gade a parèt evidan, men tou se ekspresyon yon lòt fòm fonksyònman. Disfonksyònman yon seri aktivite se pou fonksyònman yon seri lòt aktivite ki gen rapò ak yon ekonomi kriminèl. Yon tip ekonomi ki chita sou vyolans. Vyolans lan nan ka sa vin yon mwayen fondamantal nan akimilasyon kapital la. Kidonk entèlijans siperyè k ap mennen politik sosyo-espasyal yo nan mond lan ap redefini pwojè espas Ayiti a pou fè l tounen yon mache pètinan pou emèjans aktivite kriminèl yo. Nan nouvo dinamik sa, gen yon seri aktè k ap byen pase : mafya transnasyonal yo, yon franch nan boujwazi lokal la, politisyen tradisyonèl ak gwoup kriminèl yo kou patikilye san kè.
N ap presize, avèk apwòch sa nou genyen sou aktivite ganng yo ap mennen yo, nou voye jete byen lwen lide ki fè kwè ekononomi nasyonal la se gwo so sèlman l ap pran depi kèk tan. Nou avanse pito se yon tip ekonomi k ap pèdi pye pou bay plas ak yon lòt modèl ekonomi ki baze sou vyolans epi k ap pi byen chita tèt li tanzantan. Pou nou rive konprann modèl transfòmasyon sa, li enpòtan pou nou fè sa gwo save yo rele ripti epistemik ak lekti tradisyonèl sou ekonomi an. Sa ki vle di yon ripti ak konsepsyon liberal yo genyen k ap gade ekonomi an sèlman nan rapò echanj rasyonèl yo san yo pa gade rapò sosyal anndan sosyete yo.
Nan yon refleksyon ki pote tit La mafia comme expression endogène de l’accumulation du capital (2006), Carlo Vercellone ak Didier Lebert fè konnen jan fondatè ekonomi modèn yo panse ekonomi an, sa kreye gwo obstak pou ta reflechi sou jan vyolans lan ineran ak fòm akimilasyon anndan sistèm kapitalis la. Pou 2 ekonomis sa yo, pansè fondatè yo plis nan yon vizyon pozitivis sou ekonomi an ki fè kwè se yon syans pafè ki gen yon men envizib k ap dirije l nan yon lòd pafè. Konsa yo pase sou silans tout vyolans ki anndan sistèm kapitalis la, menm jan tou sa pa enterese yo pou gade kòman klas sosyal yo kreye anndan sosyete yo ak kòman divizyon sosyal travay la emèje. Pou n di yon lòt fason, yo pa gade kòman yon bò gen yon seri moun ki genyen tout mwayen pwodiksyon yo, epi yon lòt bò yon lòt kategori se sèlman fòs kouray yo yo genyen pou yo vann.
Pou Carlo Vercellone ak Didier Lebert, limit apwòch sa genyen li fèmen je sou listwa. Li anpeche tou nou gade pètinans rapò sosyal yo anndan chanjman k ap fèt nan soyete yo ; vyolans lan nan sans sa vin refoule nan pwosesis akimilasyon kapital la pou bay plas ak yon ideyal ekonomi ki chita sou echanj rasyonèl ant endividi yo. Konsa chak fwa vyolans lan parèt, altènativ la pa lòt se retabli otorite Leta pou remedye ak « dezòd » la. Sa ki ta ka vle di, kote ki gen vyolans, se ta yon vyolasyon flagran lwa mache a, se ta yon disfonksyònman lwa ekonomik yo. Carlo Vercellone ak Didier Lebert panse gen nesesite pou nou ta rive depase modèl lekti sa ki trè dominan. Konsa nou ta va sispann gade vyolans lan kòm vyolasyon lwa mache a. Men pito konsidere l kòm mwayen andojèn nan akimilasyon sistèm kapitalis la. Ki pètinans griy lekti sa genyen sou sa k ap pase nan peyi a ?
An nou mete nou dakò gwoup ganng oubyen milis yo tounen yon konstant nan sosyoloji politik kontanporèn peyi a. Yo toujou yon zouti kle pou pouvwa anplas yo kraze tout dinamik demokratik yo epi mete pouvwa alabri tout kontestasyon popilè yo. Tonton makout yo se ta ka egzanp ki pi pètinan nan nivo sa. Gwoup milis sa François Duvalier pral fòme an paralèl ak lame a nan dat 29 fevriye 1959, pral pèmèt li chita yon pouvwa diktatoryal sanginè pandan 29 lane anndan peyi a. Tonbe rejim nan an 1986 suit ak batay mas yo pat pote ripti ak pratik sila a. Pou prèv, apre koudeta 30 septanm 1991 lan ki ta pral voye nan kanpe lwen prezidan Jean Bertrand Aristide, yon nouvo gwoup milis ki bay tèt li non Front Révolutionnaire Armé pour le Progrès d’Haiti (FRAPH) sou lidèchip Emmanuel Constant avèk sipò CIA pral kreye nan sousi pou mate tout revandikasyon popilè yo epi perenize rèy makoutis la. Si Aristide tounen an 1994 li kraze lame a epi metrize ajan FRAPH yo, men li menm tou nan yon ti tan apre pral itilize menm metòd la pou fè fas ak nouvo pwotestasyon kont pouvwa a. Nan elan popilis li, eritye 86 la pral krache sou tout batay pou tranzisyon demokratik yo nan enstitiye enfòmèlman yon seri gwoup ki pote non chimè ki devwe ak tout pratik kriminèl pouvwa a epi opoze ak tout pwotestasyon popilè yo. Chimè yo tou ta pral devlope kèk pratik tankou kidnapin prensipalman nan katye popilè nan kapital la. Kidonk nou wè rejim Lavalas la avèk ansyen Pè a pote nan li menm rasyonalite kanpe milis pou mate mobilizasyon popilè yo lè li santi pouvwa li menase.
Apati 2011, gwoup milis yo pran yon nouvo ekstansyon anndan peyi a. Avènman rejim Tèt kale a sou pouvwa ki inogire rèy bandi legal yo, se pral yon moman pwopis pou deplòtònman milisyen tout kote. Yo pote menm eritaj rejim anvan yo ki se kontwole mouvman sosyal la. Men tou, nan kontinite sa yo chita yon ripti : yo tounen yon seri gwoup òganize avèk yon seri objektif presi ki se sèvi mwayen pou pèmèt akimilasyon kapital la. Anfèt, administrasyon Martelly a pral fasilite devplòtònman gwoup paramilitè yo nan divès fason. Nan rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini yo te pibliye 15 septanm 2023 a, li mansyone vini prezidan Martelley sou pouvwa a fè genyen yon nouvo lèl boujwa ki akapare prensipal pò peyi a. Pami boujwa sa yo nou jwenn siwo-libanè Reynold Deeb ki, toujou suivan rapò ekspè yo, te plase moun dirèkteman nan dwàn yo pou ede l kontoune pwosesis legal yo. Menm M. Deeb sa Kanada te sanksyone, konn patisipe nan finanse ganng pou pwoteje antrepriz li, pou pèmèt li antre ak machandiz san kontwòl epi pèmèt tou machandiz sa yo pase sou teritwa ganng yo kontwole yo. Akote livre pò yo ak patizan lèl boujwa li yo, sa ki pral kontribye nan demiltiplikasyon trafik ilisit yo tankou enpòtasyon zam ak dwòg, Michel Martelly pral patisipe dirèkteman nan kreye oubyen sipòte kèk baz. Prezidan bandi legal la kreye epi finanse baz 257, yon baz ki te kriyèl anpil nan fè yon seri aksyon tankou asasina, vòl, kidnapin ak trafik dwòg epi ki te gen wòl fondamantal anpeche manifestasyon fèt nan komin Petyon-Vil. Genyen kèk chèf gang (Arnel Joseph, Ti lapli, elt.) ki souvan afime yo te gen bon rapò ak prezidan an ki te konn apwovizyone yo an lajan ak zam.
Dezyèm ak twazyèm vèsyon PHTK pral pouse aksyon sa yo nan radikalite yo. Jan nou wè l pi wo a, se sou Jovenel Moïse gwoup ganng yo donnen plis epi rive federe yo an sendika. Sou Ariel Henry, Leta bay baryè lib nèt. Mesye yo fè sa yo vle, yo kontwole plis teritwa toujou nan yon nivo kote minis kominikasyon ki te an menm tan minis jistis gouvennman te deklare anpil zòn teritwa pèdi. Rale mennen vini sa se pa pou fè bèl fraz ni ekstrapolasyon, se pou gade pètinans gwoup ganng yo nan pwosesis akimilasyon yo sou rejim PHTK a. Se gade kòman rejim politik sa sistematize mòd fonksyònman sila a. Nou soulve pi wo a kòman administrativman an 2011 Leta a, nan konplisite ak yon franch nan boujwazi a, ap fasilite trafik ilisit nan peyi a. Nou wè youn nan dispozitif prensipal ki itilize pou sa se plase kèk ajan enpòtan nan dwàn yo. Nou bay egzanp Reynold Deeb kòm ka tipik ki se yon gwo tèt nan boujwazi ayisyèn nan ki itilize ganng yo nan divès nivo pou kapab fè plis pwofi. Youn nan fason toujou ekspè yo rapòte Deeb fè lajan, se itilize ganng yo nan moman peyi lòk la. Nan moman sa, puiske pwodui yo te chè akoz pwoblèm sikilasyon nan peyi a, M. Deeb pral soudwaye kèk politisyen ki apre peye chèf ganng yo pou kase mobilizasyon yo yon fason pou li enpòte plis pwodui epi vann pou fè plis pwofi.
Rapò senbyoz sa nou soulve ant ganng yo ak boujwazi epi politisyen anndan peyi a, montre nou ganng yo se yon pyès enpòtan pou gwo chabrak rantre lajan nan move kondisyon pandan yo paralize tout lòt aktivite kote mas popilè yo te konn chache lavi. Prensipalman aktivite tankou kòmès ant diferan vil yo ak kòmès anba lavil. Nivo kontwòl ganng yo sou Pòtoprens, ki te 80% an 2023 sa ki plis kounya, fòse divès mache nan kapital la fèmen. Mache sa yo se te prensipal espas pou timachann yo chache lavi : Kwabosal, Salomon, mache Kokiyo nan Nazon, mache nan plèn yo tankou mache Kwadèmisyon, elt. Se ra mache k ap fonksyone nan moman ki sou wo Dèlma, Kanapevè, sou Lali ak kèk lòt kote ankò. Men prensipal mache referans yo pa la. Gen lòt mache tou nan yon seri vil pwovens ki pèdi tout vigè yo paske yo paka fè relè ak Pòtoprens ni vil pwovens yo. Se egzanp pou kabarè, Ponsonde oubyen gran Sid la ki bloke, sa fè manje ki sot nan jaden rete ap gaspiye. Sa ki kraze kòmès ale vini madan sara yo. Sa ki kontinye tou nan rann pi difisil kondisyon lavi mas yo. Nou souliye mache yo, men « ekonomi enfòmèl » la pa vrèman bezwen espas espesyal pou li fonksyone. Tout lari, tout kwen nan katye popilè yo se ti machann ki t ap degaje. Kidonk rann espas sa yo envivab se kase sistematikman tout mannyè degaje lavi yo.
Si wout yo enpratikab epi mache sa yo fèmen, enstitisyonalizasyon ganng yo an paralèl mete kanpe yon lòt mache ki bay jarèt ak yon nouvo mòd ekonomi ki se ekonomi kriminèl la ki brase divès fason. Kidnapin nan se youn nan premye mayon nan chenn ekonomi kriminèl la. Si li fè yon ti bese kounya akoz gwoup ganng yo gen lòt mwayen pi efikas pou yo rantre lajan, anvan ant janvye 2022 ak jwen 2023 li sanble te nan pik li. Te genyen anviwon 2 441 ka kidnapin ki te anrejistre plis sa ki pat deklare avèk montan ki ale ant 7 000 ak 500 000 dola ameriken. Nou dwe souliye, lajan sa yo se yon seri lajan k ap soti nan men yon gwoup moun pou ale nan men yon lòt gwoup. Kidonk kidnapin nan tounen yon mwayen biznis pou plen pòch yon kategori pandan yon lòt kategori ap apovri san limit.
Detounman machin piblik kou prive rete yon lòt mwayen efikas tou ganng yo itilize pou akimile. Puiske yo kontwole tout aks woutye yo, yo kapab detounen tout kalte machin k ap pote machandiz ak pwodui ki gen valè oubyen moun. Konsa mèt machin yo ak machandiz yo oblije peye gwo lajan ameriken, ant 1 000 ak 3 000 dola ameriken pou kapab rekipere yo. Men depi kèk tan, yo genyen yon nouvo estrateji ki fè koze detounman machin nan sanble kalme. Sekrè tou nèf sa yo pa negosye l, se sa ki fè peyi a ka tèt anba, men yo toujou asire aktivite sa mache, ki se sikilasyon ki fèt sou kontwòl yo. Mesye yo tèlman sansib ak sa, depi yon bagay tankou cha lapolis, yon fason oubyèn yon lòt, ta menase biznis la yo andyable. Yo tire tout kote ak detèminasyon pou chase fòs legal yo. Se konsa yo enstitisyonalize dwa pasaj yo kit sou machin tranpò pasaje oubyen machandiz. Lè konsa antant ant chofè yo ak mèt machandiz yo deja fèt depi anlè. Pasaje yo jis genyen pou yo peye chofè yo dirèkteman pou chofè yo menm bay lajan an atè a. Se yon pratik ki enstitisyonalize kèk tan. Nou ka sonje sikilasyon fòmilè sou rezo sosyal yo pou chofè enskri chak mwa. Sa fèt tout kote ganng yo kontwole yo: Kanaran, Matisan, Mòn Kabrit, Latibonit. Sa ki plis egzajere a, sou yon menm wout, dabitid genyen plizyè pòs peyaj paske se plizyè gwoup k ap opere.
Genyen yon lòt aktivite ki trè enpòtan nan ekonomi kriminèl la nan peyi a, se mache zam nan. Ekspè nasyonzini yo fè konnen demand lan vin anpil dènye moman yo, sa ki ogmante pri zam yo. Se yon mache ki gen anpil antre ekonomik ann Ayiti. Tankou, yon zam ki vann kèk santèn dola ameriken nan peyi Etazini, li koute ant 5 ak 8 mil dola sou mache ayisyen an. Zam sa yo soti prensipalman Etazini pou rantre dirèkteman nan peyi a. Genyen tou ki soti nan Sid Amerik la yo antre tout jan: mwayen tèrès, lanmè oubyen avyon.
Kòmès dwòg la fè pati mwayen ganng yo rive akimile tou. Toujou daprè ekspè yo, Ayiti ap layite nan yon gwo rezo trafik dwòg nan rejyon an. Peyi a sèvi koneksyon ant yon seri lòt peyi nan Karayib la ak nan Sid Amerik la pou trafik ilisit. Rezo a ta gen ladan l Kolonbi, Repiblik Dominikèn, Jamayik, Pòto Riko, Bayamas. Gen plizyè fason kòmès sa fèt ann Ayiti pou gwoup ekspè yo. Se pratikman tout depatman nan peyi a tou ki konsène. Genyen kèk fwa se lage ti avyon lage kagezon dwòg yo sou kèk kote tankou Latibonit, zòn Jakmèl ak Okay. Gen kèk lòt lè tou se avyon ki desann yo menm nan yon seri pis ankachèt nan divès kote nan peyi a pote dwòg la. Avèk kontwòl ganng yo genyen sou wout nasyonal yo, sikilasyon pwodui sa vin pa gen twòp difikilte. Yo jwenn tou konplisite anpil gwo otorite nan Leta ak polisye sou wout yo.
Nan dènye moman sa yo, sanble ganng yo gen yon nouvo mache. Souvan sou rezo sosyal yo gen non yon moun ki disparèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Sou radyo yo menm, patikilyèman nan emisyon Premye Okazyon sou Radio Caraïbes, se chak maten yon pwòch ap vin kriye li genyen yon fanmi ki soti ki pa antre. Malgre plent nan komisarya, rechèch nan mòg ak nan lopital, yo konn pa janm rive jwenn moun sa yo. Gen kèk ka ki rete anblematik tankou Reginald Estimé ki se twazyèm elèv ki disparèt nan lise Lasalin depi avril 2024. Combite pour la Paix et le Développement (CPD) soti yon rapò enkyetan nan sans sa kote li resanse 19 ka disparisyon pou sèlman mwa novanm 2024 la. Ogmantasyon fenomèn sa fè òganizasyon an panse ak yon nouvo mache kriminalite ki ka trafik ògàn. Nan dènye masak nan Waf Jeremi an, anpil pawòl fè konnen yo jwenn moun ki sasinen yo san yon seri ògan nan kò yo. Sa ki boule ak sa yo lage rès kò yo nan lanmè. Sa ki ta ka bay kèk soupson toujou sou mache ògàn nan. Nou paka bliye pratik boule kadav la ki sistematize byen lontan. Akote rimè sipèstisyon ki sou li, li mande tou pou ta fouye pou konnen si sa pa gen lyezon ak trafik la tou.

V-Wòl ganng yo nan debarase sant vil Pòtoprens lan ak nan kraze pwodiksyon nasyonal la nan Latibonit
Toujou genyen 2 konsepsyon antagonik k ap travèse espas yo. Yon bò yon konsepsyon kolektivis ; Yon lòt bò yon konsepsyon endividyalis. Premye a wè espas la kote pou moun abite, viv nan diyite epi nan amoni ak lanati. Dezyèm nan pou li menm espas la se pwopriyete prive kèk endividi epi se mwayen pou yon ti ponyen fè pwofi san ankenn konsiderasyon ni pou majorite a ni pou byennèt anviwònan ak tout sa ki ladan l. Se dezyèm konsepsyon sa ki vin dominan depi kèk tan nan mond lan avèk triyonf mòd pwodiksyon kapitalis la.
Yo anpil otè ki mete yo dakò istorikman sou afimasyon sistèm kapitalis la nan kontinan ewopeyen an. Yo sitiye l ant XVè ak XVIIè syèk yo, dat ki make ekspwopriyasyon brital peyizan anglè yo sou desizyon palman an. Menm si se yon desizyon ki parèt etatik, evènman sa ki pote non « mouvement des enclosures » sitou make moman tranzisyon nan mòd pwodiksyon kontinan ewopeyen an k ap soti nan yon mòd pwodiksyon feyodal pou tonbe nan yon lòt mòd pwodiksyon boujwaz ki dezòmè vin dominan. Avèk aksyon sa, boujwazi a ki se nouvo klas dominant lan, akapare tè mas peyizan yo, kraze espas yo te abite pou kapab fè elvaj mouton pou kòmès lenn, yon kòmès ki te rapòte anpil nan moman an. Anfèt sa ki enterese nou nan relate dewoulman fenomèn sa, se lojik pwofi ak pwopriyete endividyèl ki travèse aksyon anndan sistèm kapitalis la ki triyonfe sou konsepsyon espas la kòm kote moun viv lavi yo.
Kapitalis la se yon sistèm ak konkèt. Toujou gen nesesite pou apwopriye nouvo espas pou etann dominasyon ak eksplwatasyon klas boujwaz yo nan lide pou kreye nouvo mache pou fè plis pwofi. Se menm lojik sa ki pral mennen vini kolon sou bout tè isi a apati 1492. Sou pwopriyete kolektivis, yo chita pwopriyete prive. Yo kase tout dinamik lavi pezib otoktòn yo t ap mennen, yo kraze, yo brize, yo piye epi tabli kolonizasyon nan espas la nan pwofi klas pa yo. 1791, moun yo t al dèyè nan kontinan Afrik la pou travay pou yo, di se twòp atò. Sou banyè filozofi libète byènnèt pou tout moun nan, yo enstitiye yon pwojè lavi paralèl. Men tousuit apre lendepandans lan, lwa kolon monte nan tèt oligak yo. Yo reklame yo se eritye blan je vèt, yo sasinen anperè a ki t ap revandike byennèt mas moun ki te soti ann Afrik yo. Yo pran tè a pou yo, tè ki gen jèvrin yo ki tounen youn nan mwayen pou yo fè pwofi. Mas popilè yo te oblije pran lamontay kote yo erije yon pwojè rezistans ki chita sou dwa grandèt majè ayisyen.
Apèn yon syèk apre, toujou nan menm lide pran espas la pou pwofi endividyèl la, kapitalis enperyalis yo sèmante yo pa p kite kote pou ayisyen rete, kote ki rele li chè mèt chè mètrès li pou li viv ak kè poze. Meriken debake, gwo zam nan men, yo ekspwopriye ti peyizan yo. Yo kase tout dinamik entèn espas yo. Yo chita yon estrikti sosyo-espasyal ki sèvi mache pou devèse pi byen pwodui lakay yo.
Pwojè sa pa kanpe. Li pran lòt fòm nan diferan moman. Nan dezyèm Tòm tèks li an ki rele Une modernization manqué: Port-au-Prince (1915-1956), pwofesè Georges Eddy Lucien (2014) fè konnen diferan pwojè ibanizasyon nan peyi a istorikman plis chita pou fè bèbèl, fè entènasyonal la plezi pou attire touris olye pou kreye vrèman espas pou ayisyen viv. Li bay egzanp pwojè konstriksyon vil Beladè ak ibanizasyon Pòtoprens nan dezyèm mwatye XXè syèk l sou prezidan Estimé. Ki vle di pwojè sa yo plis enskri nan kreye yon espas pou mache a, pou fè pwofi olye yo pèmèt moun abite. Lojik sa fè Leta souvan aplike yon seri mwayen fewòs nan politik sosyo-espasyal li genyen. Li souvan itilize vyolans pou deloje abitan yo lè l bezwen espas yo abite yo san ankenn politik relokalizasyon efikas. Sa ki vin debouche sou kriz epi kale plis katye prekè toujou. Pou egzanp, nan lane 1963, Francois Duvalier ki te vle deloje moun ki te abite Lasalin yo pou bay espas la ak yon boujwa bòdmè pou fè kòmès, li antre nan menm pwosesis vyolans lan. Listwa rapòte li te fè Madan Max Adolphe, gwo fiyèt lalo devan Letènèl, mete dife Lasalin pou kouri dèyè popilasyon an yon fason bou pèmèt biznismann bòdmè a kreye antrepriz. Jounen jodi a nou sanse ap viv menm sitiyasyon yo sou yon lòt fòm. Nan sousi pou chache pwofi, enperyalis la ak oligak lokal yo deklare ayisyen lagè. Se gang yo ki sèvi nouvo mwayen, trè efikas, pou travay sa. Pou rekanpe pwojè apwopriyasyon endividyèl espas yo, yo kouri dèyè tout moun nan katye popilè yo ak nan kèk vil pwovens. Kit Latibonit, kit Pòtoprens, se menm pwojè pou menm kòz la. Ann seye devlope kèk pwen pou chita pi byen refleksyon sila a.
Latibonit se zòn nan peyi a ki bay plis manje. Gen yon zanmi, nan diskisyon nou konn genyen, toujou ap raple koze sa : si paradoksal sa ka parèt, pandan Latibonit se la peyi a plis kiltive diri, se menm zòn sa tou endistri Bongù ki se yon antrepriz miltinasyonal ki nan diri, enstale. Se menm zòn sa tou bandi kale pa pil pa makonn. Sa ki anpeche malere/malerèz kontinye plante. Nou dwe raple nan nouvèl òd mondyal la, depi ane 80 yo Leta ayisyen sou lòd enperyalis meriken deklare pwodiksyon nasyonal la lagè. François Duvalier anvan li mouri pase kontra ak Leta meriken pou bay oryantasyon yon tip ekonomi soutretans ak Ayiti. 1983, pou fè kontinite ak desizyon papa a, Jean Claude Duvalier sasinen tout kochon kreyòl yo, epi lage peyizan yo de bra pandye.
Nan ka Pòtoprens lan, apre tranbleman tè 2010 la, prezidan René Garcia Préval pran yon dekrè nan dat 2 septanm 2010 pou deklare Anba Lavil la itilite piblik. Soti Rue des Césars, pase rue St Honoré, tonbe Rue Capois, tout dwe rapid vit debarase. Kidonk popilasyon an oblije kite espas sa yo suivan desizyon Leta a. 2 lane apre, prezidan Michel Marthelly pral remobilize epi aktyalize desizyon sa nan pwojè rekonstriksyon CIRH la. Dwòl koyensidans, nan moman la sa ki siprann tout moun, pandan operasyon ganng yo nan zòn anba lavil la ap fè ravaj, se yon retou brital ak desizyon sila a. Nan yon kominike ki pibliye nan dat 24 jiyè 2024 la, gouvènman an atravè Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon mande tout moun pou kite zòn anba Lavil la nan yon delè ki pa depase 8 jou, ki vle di pou pi ta nan dat ki te 31 jiyè 2024 la. Se yon mezi ki antre nan kad aplikasyon arete 2012 la. Detèmine pou fè abitan yo kite espas yo pa nenpòt mwayen, nan nenpòt moman, Leta pral pibliye yon lòt arete 7 dawout 2024 la nan menm lide sa. Nan dat 23 dawout 2024 la, Ministè Ekonomi ak Finans atravè Direksyon Jeneral Enpo soti nòt pou mande tout moun ki nan zòn ki deklare itilite piblik yo, tankou zòn Avnenue Christophes, Rue Capois, Rue Saint-Cyr ak Ducoste pou pase depoze kopi ki di yo se pwopriyetè espas y ap viv la. Dat limit pou sa fèt se 11 septanb 2024, sinon Leta ap aji jan sa mande a, presize nòt la.
Pandan arete sa yo ap soti, popilasyon an ap kouri kite lakay li anba bal epi chache abri sou plas piblik ak nan kèk batiman nan tout move kondisyon pou dòmi. Sa ki montre se delokalizasyon ki enterese Leta men se pa chache reloje avèk desans moun yo. Ki vle di se pran espas pou bay kapitalis lokal kou entènasyonal fè biznis olye kreye kote pou ayisyen rete. Alòs, nan sans sa nou ka rive konprann ganng yo se yon mwayen ki vin trè efikas pou aplikasyon politik delojman Leta a. Si nan moman òdinè desizyon sa yo te ka fè gwo lese frape nan sosyete a tankou apre 12 janvye, menm reyaktive mouvman popilè yo, avèk ganng yo k ap opere a, sa vin fasil pou chita pwojè rekonstriksyon bòdmè a ki nan moman anvan yo te jwenn rezistans mas popilè yo. Yon pwojè ki plis nan lojik mache mondyal la, ki vle di se kreye yon espas pou mache a jan nou di l la, san gade lavi mas yo. Se yon fòm apwopriyasyon prive espas la sou pwojè lavi kolektivis la. Se tout yon kontinite nan pwojè modènite kolonyal la ki te toujou ap priyorize gran plantasyon pou kapital la sou lavi moun.

VI-Nesesite pou yon pwojè politik popilè
Pou nou plis ouvè refleksyon sou kontèks n ap viv la, n ap di (se yon rapèl) travay sa se pwodui yon konsta nan konjonkti n ap viv la: fòs lòd yo poko janm ka rive mete yon estòp nan ofansif gwoup kriminèl yo nan peyi a. Lame sanble pa janm souke kò l. Operasyon lapolis yo se echèk sou echèk. Kanta pou fòs miltinasyonal la li menm, malgre tout envestisman tan, enèji ak manipilasyon ki te fèt pou jistifye entèvansyon an, yo poko fè ankenn demonstrasyon pou montre kisa objektif yo ye vrèman. An paralèl ak pasivite oubyen mank efikasite fòs lòd sa yo, nou wè jiskounye a se inisyativ otodefans ki sou lidèchip mas popilè yo sèlman ki konvenkan. Nou genyen 2 egzanp pètinan nan sans sa ki se 2 mouvman bwa kale yo an avril 2023 ak novanm 2024.
An efè, ti egzèsis sa montre nou gen yon rapò senbyoz ant Leta, boujwazi lokal la, kominote entènasyonal la ak ganng yo. Sa ki vle di, ni lame a, ni enstitisyon polis la, ankò mwens fòs miltinasyonal la ki soti anndan vant kominote entènasyonal la sou banyè puisans enperyalis tankou Lèzetazini pa p janm kapab pote solisyon ak pwoblèm sekirite a paske yo tout la se fòs represif pou kase revandikasyon mas popilè yo. Kidonk yo tout la gen misyon mete men ansanm pou kontrekare pwojè LIBÈTE BYENNÈT pèp ayisyen toujou reve a. Pwofesè Jean Anil Louis-Juste (ibidem), nan analiz li t ap fè an 2004 sou MINUSTAH, te deklare se mas yo ki gen enterè nan dechouke lokipasyon paske se yo menm k ap sibi veksasyon. Nan menm sans la n ap di, se toujou menm mas ya jounen jodi a ki gen enterè nan dechouke ganng paske se yo menm k ap sivi veksasyon ak kalamite chak jou.
Menm jan esklav yo te toujou konnen yo paka mande Leta kolonyal fransè pou ba yo sekirite, ayisyen jodi dwe soti nan Lalin. Yo dwe konnen se yo menm ki pou pran responsabilite yo jan zansèt yo te fè l nan Sendomeng lan. Leta neyokolonyal paka panse sekirite pou pèp. Se pèp la ki pou chache souverènte politik li, chache rekipere teritwa li pèdi yo li menm pou li kapab viv vrèman tankou moun suivan pwojè mawon 1791 yo. Leta ki anba pye kapitalis meriken, ki se veritab machann ensekirite k ap vann zam tout kote nan mond lan patikilyèman nan rejyon Karayib la, ap toujou limite nan aksyon l. Kidonk « Se yon lòt rèl Viv lib osnon mouri ki pou pouse n nan bouske lavi lakay » (Louis-Juste, ibidem).
Fen
24 desanm 2024
•••••••••••••••••••••
Referans bibliyografik
Liv
Anglade, G. (1982). Atlas Critique d’Haïti. http://classiques.uqac.ca/
Casimir, J. (2009). Haiti et ses Élites. L’interminable dialogue de sourds. Éditions de l’Université d’État d’Haiti.
Civil, M. (2020). Une analyse sociologique du phénomène peyilòk en Haiti. [Mémoire master, Université d’Ottawa].
Hector, M. & Hurbon, L. (2009). Genèse de l’État (1804-1859). Éditions Presses nationales d’Haiti.
Lafleur, J. (2022). La Ville dans les luttes sociales en Haïti : le cycle métropolitain des mouvements sociaux (2017-2021). [Mémoire license, Université d’État d’Haïti].
Lucien, G. E. (2014). Une modernisation manquée. Port-au-Prince (1915-1956). Tome II. Éditions de l’Université d’État d’Haïti.
Marx, K., (1867) Le Capital, Livre I-Section VIII, L’accumulation primitive.
Perchellet, S. (2010). Construire ou reconstruire Haïti? » CADTM. http://www.cadtm.org/Construire-ou-reconstruire-Haiti,6647
Thomas, F. (2020). Soulèvements populaires. Points de vue du Sud. Alternatives Sud. https://doi.org/10.4000/lectures.50689.
Atik
Bélizaire, R. (2006,14 fevriye). Quand le ministre des finances s’interesse brusquement au social, AlterPresse.
Cyprien, G. (2005, 29 septanm). Réalités de l’énergie pétrolière en Haïti et suggestions. Le Nouvelliste.
Darbouze, J. (2022, 7 jen). Capitalisme du désastre, la formule de Dieu et notre avenir en Haiti. Alterpresse.
…………… (2019, 12 novanm). Ce que le massacre à La Saline nous apprend sur la société haitienne et la nature de la crise de l’État. AlterPresse.
Darnal, A. (2024, 30 navanm). Les États-Unis responsables du trafic d’armes dans les Antilles françaises ? Zist. www.zist.co/2024/11/30/les-etats-unis-responsables-du-trafic-d’armes-dans-les-antilles-francaises/
Gilbert, M. (2015, 29 oktòb). La guerre de basse intensité à Cité Soleil. AlterPresse.
Haiti Progrès. (2024, 22 novanm). 73% de trafic illégales d’armes à feu dans les Caraïbres proviennent des États-Unis. www.haitiprogres.com/new/2024/11/22/73-de-trafic-illegales-darmes-a-feu-dans-les -caraibes-proviennent-des-etats-unis/
Johnston, J. (2016, septanm). Ce que révelent les émails de Clinton sur l’élection de Marthelly en 2010. Le Nouvelliste.
Labossiere, E. (2014, 24 avril). Réforme du programme de subvention des produits pétroliers en Haïti. Le Nouvelliste.
Le Moniteur. (2024, vendredi 12 avril). Décret portant création du Conseil Présidentiel de Transition.
Louis, C. (2024, 14 oktòb). Le rapport d’enquete de la FJKL sur le massacre de Pont-Sondé critique les responsables de l’État. Le Nouvelliste.
Louis-Juste, J. A. (2008, 9 jiyè). Akawo, Goman, Desalin : twa lidè disparèt, yon pwojè parèt. AlterPresse.
…………………. (2009, jen). ONG : ki gouvènman ou ye ? Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyen.
Manigat, S. (2022, 20 oktòb). Haiti : renaitre ?, Capire.
Mbembe, A. (2006). Nécropolitique. Raisons politiques. 2006/1 no 21. Cair.info/revue-raisons-politiques-2006-1-page-29 ?!ang=fr.
Mérancourt, W. (2021, 20 septanm). Les armes des États-Unis alimentent l’insécurité en Haïti, Ayibopost. Ayibopost.com/les-armes-des-etas-unis-alimentent-linsecurite-en-haiti/
Pierre, F. (2024, 4 desanm). Disparitions des personnes à Port-au-Prince : CPD recquiert une visite du Groupe de travail des Nations-Unies sur les disparitions forcées ou volontaires.
Rezo Nòdwès. (2024, 25 janvye). Après 220 ans d’independance, le « conze » Jean Victor Généus soutient l’Occupation du territoire haitien au profit de Ariel Henry.
RHINEWS. (2020, 4 desanm). Echec de l’opération policière à Village de Dieu : Les bandits n’ont pas été délogés, aucune arrestation, aucune arme saisie.
Toussaint, E. Millet, D. (2006, 6 desanm). Le FMI et la BM imposent toujours le Consensus de Washington. CAMDT.
Vant Bèf Info, (2024, 4 dedanm) L’inquiétante hausse des disparitions selon CPD.
Velipost, 13 desanm 2024.
Vercellone, C & Lebert, D. (2006). La mafia comme expression endogène de l’accumulation du capital in Mafia et capitalisme. Économie appliquée : archives de l’institut de science économique appliquée. pp. 23-58. Halshs-oo263672
Videyo
Bélanger, J. F. (2024, jen). Radio Canada.
Bélizaire, R. (2024, 28 septanm). Léconomie haitienne en temps de crise. Le citoyen et la cité.
France 24, jen 2024.
Lucien, G. E. (2024, 20 desanm). Les rencontres du documentaire en Haiti. Ayibopost.
Rapò enstitisyonèl
Bureau Intégré des Nations Unies en Haiti (BINUH). (2024, Jiyè-septanm). Rapport trimestriel sur la situation des droits de l’homme en Haiti.
Conseil de Sécurité des Nations-Unies. (2023, 15 novanm).
Département des État-Américains. (2024, 25 jen). Déclaration du président Joe Biden sur le déploiment de la Mission Multinationale d’Appui à la Sécurité en Haiti.
Haiti PDNA, 2010.
Institut Haitien de Statistiques et d’Informatique (IHSI). Population totale, 18 ans et plus. (2015)
Mizik
Rousevelt, J. (2019). Mato
T vice. (2008). Grangou klowòks.
Djakout Mizik. (2008). Bri Sapat.
KEB. (2015) Yo pa inosan nan Pwennfèpa.
Etidyan memoran nan depatman sosyoloji, Fakilte Syanzimèn (Inivèsite Leta d’Ayiti)
Voir aussi
- Par Pierre Jameson Beaucejour
- Par Claudy DEBROSSE & Rolff Junior BONTEMPS
0 Commentaires