Entènasyonal Kominotè ak Modènite Moun

Entènasyonal Kominotè ak Modènite Moun

Gran Puisans yo toujou antann yo sou Ayiti (1825, 1915, 2003-2004, 2010, 2024). Menm si kèk fwa gen youn ki vin dominan.


Georges Eddy Lucien[1]

Ankenn moun pa oblije chire pil silabè pou l konnen kriz n ap viv nan peyi a gen de (2) tèt ki bwè nan yon sèl sous: youn se konsekans politik baryè lib la ki fè enstitisyon Bretton Woods yo (FMI, BM, OMC) kidnape ekonomi peyi a, privatize antrepriz piblik yo, retire Leta nan asistans sosyal, blayi koripsyon nan administrasyon piblik la, sa ki lage popilasyon an nan gwo kalamite ak ensètitid. Yon lòt se pwopyetè mwayen pwodiksyon lòt bò dlo k ap fabrike zam, boujwazi isit menm achte pou gen kontwòl politik ak pou fè lajan. Rezilta: manman pitit mare vant. Lekòl, inivèsite, lasante, lwazi depafini nèt paske pa gen bidjè nan ministè pou yo; delenkan pouse tankou djondjon nan tout rakwen peyi d’Ayiti. Nou ka jis pran egzanp laj jenn fanm kou jenn gason nou wè bò lari ak sou rezo sosyal ki gen gwo zam fannfwa nan men yo. Anpil se timoun, adolesan oubyen sila ki fenk nan ventèn. Se yon endis pou montre oryantasyon politik ekonomik peyi a 50 dènye lane sa yo ki gen makfabrik politik baryè lib la lage jenerasyon apre yo nan tout sa k pa bon[2]. Kidonk fenomèn ensekirite ki dechennen an tete nan rasyonalite modènite kapital la k ap priyorize pwofi sou lavi moun ak sou anviwónman an jan sa koumanse depi 1492.
Òganizasyon k ap fè politik kapital la nan nivo entènasyonal (Nasyonzini) kou rejyonal (OEA)[3], manyen efè kriz la san chache konnen vrè kòz yo. Oubyen lè yo pretann y ap pale sou kòz yo, yo jis di se ganng ame k ap fè deblozay, se enstitisyon nan aparèy Leta a ki pa p fonksyone, se ayisyen ki paka dirije tèt yo oubyen se konstitisyon ki pou chanje ak eleksyon ki pou ta fèt. Yo pa di ni kisa ki fè Leta an kriz, yo pa di nonplis sa k fè jenn yo se pa sou ban lekòl yo ye olye yo lage nan briganday, menmjan yo pa di ki kote sous zam nan ye ak pouki rezon fenomèn ganngsterizasyon an pran pik li nan moman batay nan mitan klas yo kare nan peyi a[4]. Si kèk fwa yo pase sou pwen sa yo, ankenn mezi pa pran tou pou frennen katastwòf la oubyen satisfè revandikasyon mas popilè yo[5]. Men tou kòman pou yo ta ale nan rasin pwoblèm nan lè sa t ap mare pye yo nan lonje dwèt sou pratik politik yo ki pa inosan nan kale kriz la? Kòman ankò yo t ap ka pote solisyon si sa t ap rete depaman ak vizyon politik zonbifikasyon an epi siyen defèt kapital la, pou di yon lòt jan siyen liberasyon travayè kont libète pwopyetè ?Se kesyon ki gen tout sans pou n ta poze.
Nan atik sa, nou bay tèt nou misyon mete limyè sou fason Jean Anil Louis-Juste (pwofesè yo sasinen 12 janvye 2010 kèk kadè anvan goudougoudou a) konprann ak dekri mekanis dominasyon enperyalis la sou peyi yo rele peyi soudevlope yo. Kidonk nou tou trase limit nou, sa ki vle di nou pa gen pretansyon manyen tout panse otè a, men pito konsantre n sou yon aspè lakay li ki se teyorizasyon pratik Entènasyonal Kominotè a. Yon griy teyorik nou jije pètinan anpil pou ride n konprann rapò peyi Nò yo genyen ak peyi Sid yo, an patikilye Lèzetazini genyen ak Ayiti. Yon seri rapò kolonyal ki kontribye nan kreye/renouvle kriz sosyal yo nan peyi sa yo tout pandan y ap lejitime enjerans lan. Se ta ka sa nou deziye sou non estrateji ponpye piwomàn nan, ki vle di estrateji mete dife apresa pou pase pou sila k ap vin touye dife sa. Nan tout jefò posib, atik la ap seye fè yon dodomeya nan vizyon mèt afè a pou bay sila ki enterese yo gou ak enterè pou kole sere ak refleksyon l nan egzèsis analiz ak refleksyon sou reyalite politik Ayiti ak lòt peyi Sid yo.
Definisyon ak deskripsyon pratik fonksyónmanEntènasyonalkominotè a
Pou seye konprann dinamik dominansyon gran aktè kapitalis mondyal la nan faz neyoliberal li sou peyi Sid yo, espesyalman sou Ayiti, Jean Anil Louis-Juste chita sa li rele Entènasyonal Kominotè a, yon griy teyorik kritik pou devwale enterè ak kout zèl kat kapital mondyal la ki kache anba etikèt papa bon kè kominote entènasyonal la. Nou repran pawòl li lè li di: « Koperasyon entènasyonal jounen jodi a, li pran fòm yon anpi k ap domine yon fason envizib, peyi yo di soudevlope yo »[6]. Konsa, pansè a byen chita nesesite jefò teyorik sa lè li fè konnen: « Kominote entènasyonal la se yon defòmasyon Entènasyonal Kominotè a, pou l ka byen chita dominasyon kapital la […] »[7].
Nan definisyon l ap bay ak Entènasyonal Kominotè a, Louis-Juste souliye li « makònen ansanm òganizasyon ak enstitisyon nasyonal ak entènasyonal yo k ap fè politik kapital mondyalize a sou fòm espekilasyon finansyè. Nou jwenn ladan l enstitisyon tankou Nasyonzini ak ONG isit ak lòtbò dlo yo, k ap batay kont asosyasyon volontè travayè yo, minorite yo, fanm yo, endyen yo, elt. »[8]. Entènasyonal Kominotè a nan konsepsyon janiliste la, li gen ladan l tou aktè entènasyonal yo yon bò, ak aktè lokal yo yon lòt bò, sa langaj popilè a souvan rele koutye entènasyonal yo. Pi lwen, toujou nan menm sousi definisyon ak klarifikasyon an, Louis-Juste di :
Entènasyonal Kominotè a makònen enstititsyon entènasyonal yo ak gouvènman peyi richman endistriyalize yo k ap oryante koperasyon pou devlopman nan mond lan. Nan nivo lokal, yo peye yon seri fonksyonè bèl lajan nan òganizasyon koutye yo rele OPD oubyen ONG. Entènasyonal Kominotè a itilize zam devlopman pou batay kont devlopman zam repwodiksyon sosyal la kòm pwojè moun. Nan sans sa, Entènasyonal Kominotè a vin yon òganizasyon konplèks kapital la jounen jodi a ki globalize sou metabolism neyoliberalis la[9].
Nan dezyèm definisyon sa, li ajoute avèk plis presizyon gouvènman peyi endistriyalize yo k ap blayi devlopman nan mond lan epi ki itilize fonksyonè nan peyi domine yo ki nan tout kalte estrikti yo peye gwo lajan pou fè djòb la pou yo. Pansè a tou pa bliye kontekstyalize emèjans Entènasyonal Kominotè a ki se aprè dezyèm Gè Enperyalis yo, kidonk moman yo rele an franse « Trente Glorieuses » yo ak moman kapitalis la nan faz neyoliberal li. Nan moman sa yo, nou jwenn paradigm devlopman an ki vin veritab zam pou ideyoloji pwogrè a chita enterè kapital la nan espas Sid yo.

Avèk de (2) ekstrè sa yo, kòm rezime nou kapab di : Entènasyonal Kominotè a lakay Jean Anil

Louis-Juste, se ansanm estrateji kapital mondyal la ap mete atè nan faz neyoliberal li pou domine peyi Sid yo. Li gen ladan l diferan aktè tankou ONG ak enstitisyon nasyonal, entènasyonal kou rejyonal yo (OEA, CARICOM), gouvènman gwo peyi endistriyalize yo ak politisyen lokal yo. Veritab zam li se chita sou misyon pou lavi moun pou fè konprann l ap pote devlopman ak solidarite, tout pandan se travay li l ap fè kòm ajan kapital la. Nan sans sa, pou rive kreye dominasyon ak eksplwatasyon an avèk efikasite, Louis-Juste presize gen plizyè antite modènite esklav la mobilize epi chak antite sa yo gen pwòp wòl yo jwe nan misyon global la. Tankou, gen ladan yo se nan nivo politik yo aji, gen lòt tou se nan kesyon ekonomi, gen lòt ankò se aspè ideyolojik la y ap jere. An nou founi je gade bout tèks sa : « Entènasyonal Kominotè a gen pwòp ògàn ekonomik li (FMI, Bank Mondyal, OMC ak sikisal rejyonal yo), pwòp enstans politik li (G8, k ap pran plis manm) ak enstriman ideyolojik li (mwayen kominikasyon de mas yo, ONG, elt.) »[10]. Kidonk Entènasyonal Kominotè a se yon machin ki dechennen k ap koule swa ki gen divès pati ladan l epi k ap feraye nan mond lan sou tèt malere ak malerèz nan peyi Sid yo.
Nan menm lide sa, lè l ap gade ansanm sa ak plizyè eleman ki konekte anndan l ki rive chita efikasite li, nan deplòtonnman refleksyon l Louis-Juste rive konprann gen divès fason Entènasyonal Kominotè a fonksyone. Pou nou di yon lòt jan, pou maksis deslinyen an gen divès estrateji ideyoloji devlopmantis la mete atè pou l asire dominasyon l sou mas opime yo. Kèk fwa se vire lanvè kesyon sosyal la11. Sa ki vle di maske vrè nati pwoblèm yo, pase sou silans kriz fondalnatal la oubyen kriz estriktirèl la pou vini avèk yon seri kriz segondè/konjonktirèl. Nou ta ka pab di tou se vire lanvè konpreyansyon nou sou kòz ki kale kriz sosyal yo pou pote yon seri esplikasyon soupwèl k ap lejitime inegalite, dominasyon ak eksplwatasyon suivan enterè klas dominant yo epi k ap kenbe sistèm pezesouse a doubout. Esplikasyon sa yo, nan menm lojik sa, sispann pran fenomèn nan nan nannan l, oubyen sispann fouye zo nan kalalou nan listwa yon fason pou ta pote yon seri solisyon k ap koupe fache ak estrikti anplas la. Men yo pito pèmèt fè koub pou mawon reyalite a. Nan sans sa, tout demach modènite kapital la pou ta rezoud kriz yo rete san ankenn rezilta. Kriz la rete yon bagay k ap ale vini tout pandan l ap vin pi mal chak jou ki jou. An nou fè kout je sou metòd analiz Jean Anil Louis-Juste pwopoze pou sezi fenomèn yo tout pandan l ap denonse mannyè enperyalis la pwosede li menm. Ekstrè sa soti nan tèks « Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti » ki pibliye vandredi 8 dawout 2003, kidonk nan kontèks literati sou mouvman sosyal peyi a rele « kriz 2004 » la :
Nou ka entèprete kriz sosyal Ayiti an kòm yon kriz kote yo pa respekte lavi. Plizyè milye ayisyen ap mouri grangou chak jou ; gwoup ame ki asosye ak pouvwa ap piye, touye epi vyole nan sosyete a pandan inegalite, enjistis ak enpinite ap taye banda. Òganizasyon ki pa gòuvènman yo (ONG) denonse efè kondisyon inimen yo epi aji suivan sikonstans yo. Kòz yo rete san ankenn rapò ak pratik jesyon pwojè yo. Ann Ayiti, li difisil pou abòde kesyon relasyon kriz sosyal la ak Entènasyonal Kominotè a san w pa poze pwoblèm kesyon agrè a.[11]. Nan yon lòt travay ki t ap analize dokiman ki rele « Cadre de Coopération Intérimaire (CCI) » la an 2004, toujou nan menm sans lan li di: « Koupe dimansyon lavi moun rete veritab estrateji politik kapital la nan moman globalizasyon li. Chema konstriksyon CCI a reponn ak ak vizyon detay sa kont kesyon nasyonal ki anbrase pwoblematik anviwònman an, edikasyon, lasante ak travay epi ak granmounte pèp la »[12]. Alòs pou Louis-Juste, li klè kriz sosyal la se ekspresyon lese frape nan mitan klas sosyal yo ak nan rapò istorik depandans Ayiti kòm peyi Sid genyen ak peyi Nò yo patikilyèman ak Lèzetazini. Li enpòtan anpil nan ka sa pou li menm pou nou pran an konsiderasyon kesyon agrè a ki pral chita nouvo mwayen dominasyon grandonachi a apre sasinay papa nasyon an 17 oktòb 1806. Poutan nan lojik fonksyònman Entènasyonal Kominotè a, li inyore totalman aspè sa yo pou l jis konsantre l sou efè kriz la. Puiske kriz estriktirèl la pa manyen, metòd la manke adapte epi solisyon an lwen pou vini.
Toujou nan estrateji pou kouri kite kòz fondalnatal ki alabaz kriz yo nan kreye lòt kriz nan peyi Sid yo, Louis-Juste avanse pou l di : « Entènasyonal Kominotè a toujou kale batay etnik oubyen elektoral kote enterè li menase. Solisyon « dirab » la pran tan pou l vini, epi envansyon kriz konjonktirèl la rete taktik li adopte nan sikonstans lan »[13][14]. Akote kreyasyon konfli etnik yo, klas dominant yo gen lòt mekanis tou pou blofe moun sou sa ki vrè pwoblèm sosyete Sid yo. Tankou li konn mete aksan sou fo pwoblèm tankou eleksyon (demokrasi), devlopman, sekirite, elt. Nan sans sa, Louis-Juste pran kontèks apre 86 la kòm egzanp pou montre mannigèt Entènasyonal Kominotè a lè li di :
Plan demokratizasyon sosyete a rete ekivalan politik oryantasyon ekonomik sa a. Nan kondisyon sa yo, kesyon òganizasyon popilè yo poze yon pwoblèm reyèlman politik. Pratik sosyal eleksyon an vin kòm altènativ ak « kesyon sosyal » la. Nou sonje lete cho 1987 la kote modòd « Rache manyòk » te fonn pou bay « Rache manyòk nan eleksyon ». Se konsa tranzisyon demokratik la te vin objektif pou pousib nan kad kreyasyon nouvo ekilib sosyal la. Kriz sosyal la vin pase pou yon senp kriz politik[15]. Men tout lide demokrasi Entènasyonal Kominotè a rete yon demokrasi oksidantal ki sèlman gen karakteristik altènans pouvwa a, reyalizasyon eleksyon san ankenn patisipasyon reyèl mas popilè yo. Rapò pouvwa yo pote mak fabrik kolonyal, otoritè lè pwojè yo panse nan biwo Leta meriken apre pou jis vin plake ann Ayiti. Solisyon yo nan sans sa san ankenn lyen ak bezwen reyèl popilasyon lokal yo. Yo kreye toubiyon pou antere pi fon lespwa oprime yo, mete yo nan plis malsite pase jan yo te gentan ap viv la. Lè konsa pwofi kapital la fè dekabès sou zo bwa tèt malere[16]. Louis-Juste pa manke mete aksan sou sa lè li di :
Pou Entènasyonal Kominotè a, demokrasi rete zafè fonksyonè FMI, Bank Mondyal, OMC, elt., ki pa pase nan eleksyon, kad ministè finans yo, bank santral ak ONG yo, ki detèmine politik makwo ak mikwo-ekonomik ki afekte negativman lavi peyizan yo, ouvriye yo, etidyan yo, sektè enfòmèl la. Sibòdinasyon eli lokal yo rete karakteristik fondalnatal demokrasi kominotè a kote reyalizasyon eleksyon peryodik sèvi mannigèt pou twonpe vijilans mas yo. Demokrasi kominotè a manke pratike reprezantasyon, delegasyon oubyen konsiltasyon popilè ; li itilize pito ekspètiz kòm pratik biwokratik jesyon byen piblik yo. Poutèt sa, li santralize pouvwa a nan men ajan enperyalis yo nan lejitime fonksyon yo, nan mete eleksyon chak peryòd sifraj inivèsèl la. Rezilta konkrè lejitimasyon politik sa rete deteryorasyon kondisyon materyèl ak espirityèl majorite a[17]. Demokrasi kominotè a se lennmi demokrasi reyèl la ki genyen mas yo kòm veritab aktè politik nan menm fondman ak pratik mawon 1791 yo. Lè resi gen jefò ki fèt bò kote aktè lokal yo pou bay nesans ak yon rejim politik ki gen tikal lejitimite popilè, puiske sa menase enterè modènite lib la, Louis-Juste fè konnen Entènasyonal Kominotè a pa manke aji vit vit pou kase prese prese dinamik sa. Aksyon li nan sans sa se batay pou remete kanpe « demokrasi enperyal » la[18]. Objektif la, yon bò, se pase sou silans responsablite istorik li nan kriz yo yon fason pou jwenn posiblite pote yon seri solisyon pèpè. Sa k ap pèmèt li toujou rete aktè konsekan nan politik entèn peyi domine yo, ki vle di pou l toujou gen posiblite lejitime enjerans lan. Se lojik teyori ponpye piwomàn nan. Epi yon lòt bò, se kontwole sibjektivite politik mas oprime yo, pou toujou anpeche yo granmoun tèt yo, angaje yo pou koupe fache ak kapital la pou viv byennèt lib la nan kò ak nan lespri yo. Travay sa fèt nan gwo moman ajitasyon politik yo, moman nou deziye sou non kriz yo kote mas popilè yo frape pye yo atè epi temwanye bon volonte pou koupe fache ak lòd anplas la.
Louis-Juste ki di :
Entènasyonal Kominotè a fè presyon sou ajan politik lokal yo pou fòse yo aksepte solisyon politik kolaborasyon entè-koutye yo, depi posiblite revèy konsyans popilè a parèt tèt li. Nan sans sa, Entènasyonal Kominotè a pran kriz sosyal ayisyen an kòm mwayen batay kont tout retou pwojè libète zansèt nou yo ; Entènasyonal Kominotè a aji kont tout aktyalizasyon Entènasyonal Kominis la kòm enstriman batay politik ak ideyolojik pou reyalizasyon libète, egalite ak solidarite nan peyi Chal Belè, Petinwèl, Sansousi, […][19].
Toujou pou sa ki konsène kontwòl sibjektivite a, Louis-Juste fè konnen gen de (2) fason Entènasyonal kominotè a rive fè sa. Youn se itilize mwayen manipilasyon. Lè sa ONG, pati politik, legliz, medya, pou nou site sa yo sèlman, tounen yon seri ajan esansyèl pou chita pwojè a. Lòt fason an se itilizasyon vyolans lan (entèvansyon militè, koudeta, itilizasyon milis lokal, elt.) lè mwayen dous yo pa sifi. Pou elabore lide sa, Louis-Juste pran egzanp kontèks apre diktati Divalye yo nan peyi a pou l di :
Depi 1986, Entènasyonal Kominotè ap pran plis jarèt ann Ayiti. Pwogram Ajisteman Estriktirèl (PAS) te vrèman kòmanse sou ministè Lesly Délatour ; kèk òganizasyon ouvriye, peyizan, etidyan, sektè enfòmèl la, elt., te opoze ak politik baryè lib la. Yon seri militè te entèvni pou restore lòd la, paske pati politik yo, ONG ak legliz yo pat kapab kreye sibjektivite ki dwe akonpaye dekolaj privatizasyon antrepriz piblik yo, liberalizasyon kòmès lòtbò dlo a, rediksyon bidjè sosyal piblik la, koupe salè yo, elt[20].
Moman 1986 la li enpòtan anpil nan istwa kontanporèn peyi a, paske li eksprime kontradiksyon ant pwojè mas popilè yo ki gen orijin nan mouvman mawon pou vini vrè aktè sou sèn politik la, ak volonte modènite kolonyal la ki aktyalize nan enterè oligachi lokal la pou kenbe sistèm zonbi an vivan. Kidonk nou kapab di, si nou repran Michel Hector (2006), 1986 se yon moman kriz jeneralize. Lide sa jwenn sans li lè nou konsidere, lakay Janil, moman kriz yo se moman Entènasyonal Kominotè a toujou plis pwofite pou l batay pou enpoze vizyon l. Pou n pi klè, se moman pou l renouvle pwojè dominasyon kapital la sou pratik lavi oprime yo : « Se nan gwo kriz yo Entènasyonal Kominotè a chwazi pi souvan, pou maske kriz sosyal li kontribye nan kreye ann Ayiti »[21]. Gen yon lòt moman istorik Louis-Juste pran ki se kriz 2004 la, ki ta pral mennen dezyèm koudeta prezidan Aristide. Toujou nan atik Crise Sociale et Internationale Communautaireen Haïti a li di : « Kriz sosyal Ayiti a ki aktyalize pwojè libète esklav mawon Sendomenng yo voye jete sou pretèks kriz elektoral, kote ajan politik lokal Entènasyonal Kominotè a ap batay pou kilès k ap jwenn privilèj jesyon politik enterè kapital la »[22]. Konsènan koze devlopman an ki se veritab zam modènite kapital la, jan nou te wè l piwo a, Louis-Juste fè konnen li pa gen lòt sans pou Entènasyonal Kominotè sinon yon mank teknoloji :
Nou kapab rezime pratik devlopman an ak vilgarizasyon nouvo teknik pwodiksyon byen ak sèvis (agrikòl, medikal, legal, sosyal, elt.). Konsa, adopsyon teknoloji modèn sa yo di ki apwopriye yo, yo louvri yon seri nouvo mache sou kontwòl kapital la. Devlopman kominotè a pa lòt bagay sinon ekspansyon kapital la sou fòm kominotè, sa ki vle di sou kachèt enterè prive marye ak enterè tout yon kominote23.
Pou devwale jwèt sa, Louis-Juste di devlopman nan sans sa li la pou kache vrè kontradiksyon sosyal nan peyi Sid yo pou vini avèk lòt entèpretasyon kriz la epi pwopoze solisyon soupwèl [23]. Pou nou rive konprann devlopman an kòm nouvo paradigm pou abòde pwoblèm sosyal yo, toujou nan panse Louis-Juste, nou dwe tounen nan kontèks apre 2èm Gè Enperyalis la kote Peyi Nò yo pral konnen yon bèl moman yo deziye sou non « Trente Glorieuses ». Nan moman sa a, yo pwofite endistriyale. Men nan ane 70 yo, akoz nouvo kriz ki pral frape yo, neyoliberalis la vin sèvi pwopozisyon yon fason pou rezoud kriz sila a. Lide a se anvayi peyi Sid yo ak teknoloji ki pase mòd, relokalize antrepriz delokalize yo yon fason pou globalize mache a, pwofite de mendèv peyi Sid yo epi itilize teritwa yo pou mete zòn franch yon fason pou kontinye grandi libète pwopyete kont libètè travayè. Depi lè sa, « Diktati kominotè mache a domine mond lan »[24].

Entènasyonal Kominotè ak Modènite Moun

Konklizyon

Boutofen, nou wè kisa ki Entènasyonal Kominotè a, ki se yon griy teyorik pou analize pratik politik kolonyal kominote entènasyonal la nan peyi domine yo, nan objektif pou kenbe byen vivan dominasyon kapital la. Nou montre gen divès estrikti li gen ladan l epi yo chak la gen domèn aksyon yo. Tankou genyen se koze ekonomik y ap jere, gen lòt se kesyon politik, gen lòt ankò se aspè ideyolojik la ki enterese yo. Men yo tout enskri nan pwojè global ideyoloji pwogrè a. Nou wè tou mekanis kontwòl li ki se detounen bon jan konpreyansyon mas yo sou kòz kriz yo pou l toujou lejitime enjerans lan; kèk fwa tou se kale kriz konjonktirèl ki ka konfli etnik oubyen tou kriz elektoral ; oubyen ankò se poze pwoblèm demokrasi ak devlopman. An rezime se vire lanvè kesyon sosyal la.
Apre alevini sa pou devlwale mannigèt Entènasyonal Kominotè a, natirèlman preyokipasyon an ta dwe : kòman kounye a angaje n pou depase dominasyon modènite kapital la ? Menmsi l parèt nayif, kesyon an ta gen tout sans li lè nou konnen lakay Louis-Juste konensans lan pa la ni pou fè bèbèl ni pou kontinye zonbifye mas popilè yo, men pito pou sèvi nan transfòmasyon total kapital la nan byennèt kolektivite lib la[25]. Toutfwa nou dwe admèt nou pa p jwenn solisyon pwoblèm sosyal yo kou yon fòmil matematik, men se toujou atravè òganizasyon, angajman, batay marye ak refleksyon ki gen nannan. Sou maryaj konplèks sa, Louis-Juste di : « Se pratik ki akouche lide, lide fè pratik grandi »[26]. Oubyen tou : « Se refleksyon pwofonde ak aksyon radikal ki pou fè lespri endividyalite solidè a reprann souf nan sosyete nou »28. Kidonk gen bon jan linèt pou idantifye dezagreman yo pa p janm lave men siye atè. Okontrè se deja gwo avanse sou chimen liberasyon an. Konprann lojik Entènasyonal Kominotè a nan sans sa, se yon zouti wòdpòt pou sènen estrateji ponpye piwomàn mòdènite esklav la. Petèt nan yon lòt papye na va louvri deba sou pèspektiv politik maksis desalinyen an.
Ewa !

Barthélemy, Y. (2008). Haïti et la Mondialisation néolibérale : une nouvelle dépendance coloniale (1970-2008). AsosyasyonInivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn.
Bélizaire, R. (s.d.). Néolibéralisme et politique commerciale extérieure d’Haïti : le poids des institutions et des puissances du Nord.
Blondy, A. Pompier Pyromane.
Hector, M. (2006). Crises et mouvements populaires en Haïti. 2e Édition. Presses Nationales d’Haïti.
Louis-Juste, J. A. (2002, 3 novanm). L’étudiant haïtien : un prince auto-dominé.
http://www.alterpresse.org/spip.php?article264
…………………… (2003, 8 dawout). Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti. http://www.alterpresse.org/spip.php?article643
…………………… (2003, 29 septanm). Comprendre l’hégémonie de l’Internationale
Communautaire en Haïti. http://www.alterpresse.org/spip.php?article749
………………….. (2003, 15 oktòb). Université et Citoyenneté en Haïti. http://www.alterpresse.org/spip.php?article798
…………………. (2004, 12 dawout). Haïti : Éclipse socio-politique de la paysannerie ou Présence politique subalterne des paysans ? http://www.alterpresse.org/spip.php?article1566
…………………. (2004, 8 septanm). L’Internationale Communautaire et l’État haïtien à travers le CCI : La Question Nationale. http://www.alterpresse.org/spip.php?article1655
………………….. (2005, 21 fevriye). La praxis de la solidarité : Base pour une philosophie haïtienne de l’éducation. http://www.alterpresse.org/spip.php?article2244
……………………. (2009). Pou nou sonje 14 Dawout 1791: Lavi kominotè nan modènite moun.
Perchelet, S. (2010). Haïti construire ou reconstruire Haïti ?. CAMDT.http://www.camdt.org/Construire-ou-reconstruire-Haiti,6647
Simon, W. (2025, 17 janvye; 25 dawout).Ganngsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la.KafouNews.
OEA. (2025, 20 dawout). Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien régional et international.

1 Pawòl sa te pote nan dat 9 septanm 2025 nan kad entèvansyon jewograf la nan yon refleksyon nan Mikwopwogram sou Fòmasyon Sosyal Ayisyen an (MPFSA). Jou sa nou t ap gade enpak lokipasyon meriken an sou Ayiti. Lucien te avanse lide pou fè konnen, evènman sa se yon ripti anmenmtan yon kontinite. Paske si blan meriken yo ranplase puisans fransèz la ki te dominan nan politik li sou Ayiti nan moman 19èm syèk la, men tou li konsolide jan peyi sa yo wè Ayiti abityèlman tankou yon peyi ki fè yon derespektan nan listwa, kidonk ki merite peye pou sa tout tan li egziste.
2 Tèks sa yo ka ede n konprann kisa ki politik baryè lib la ak enpak li genyen sou peyi a : Yves Barthélemy, Haïti et la Mondialisation néolibérale : une nouvelle dépendance coloniale (1970-2008) ; Roland Bélizaire, Néolibéralisme et politique commerciale extérieure d’Haïti : le poids des institutions et des puissances du Nord ; Sophie Perchelet, Haïti construire ou reconstruire Haïti ?, 2010.
3 Pwochen travay nou ap panche sou Fèydewout OEA. N ap kouri dèyè mit k ap fè òganizasyon an pase pou yon estrikti san fòs kote epi ki gen bon volonte pou rezoud kriz nan peyi d’Ayiti.
4 Nou ka sonje gwoup ame yo pran fòs nan moman mobilizasyon popilè yo dechennen nan peyi a (2018-2022) espesyalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Pou plis detay founi je sou tèks Ganngsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la, Wasly Simon, KafouNews, 2025.
5 Travay sou plan OEA ap manyen aspè sa yo.
6 Jean Anil Louis-Juste, La praxis de la solidarité : Base pour une philosophie haïtienne de l’éducation http://www.alterpresse.org/spip.php?article2244, lendi 21 fevriye 2005
7 Jean Anil Louis-Juste, Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article643, vandredi 8 dawout 2003
8 Jean Anil Louis-Juste, Université et Citoyenneté en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article798, mercredi 15 octobre 2003
9 Jean Anil Louis-Juste, Haïti : Éclipse socio-politique de la paysannerie ou Présence politique subalterne des paysans ? http://www.alterpresse.org/spip.php?article1566, jedi 12 dawout 2004
10 Jean Anil Louis-Juste, Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article643, vandredi 8 dawout 2003 11 An franse, nou jwenn « falsifier ».
11 Ibidem.
12 Jean Anil Louis-Juste, L’Internationale Communautaire et l’État haïtien à travers le CCI : La Question Nationale http://www.alterpresse.org/spip.php?article1655, mèkredi 8 septembre 2004.
13 Jean Anil Louis-Juste, Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article643, vandredi 8 dawout 2003.
14 An franse, nou jwenn « falsifier ».
15 Ibidem.
16 Jean Anil Louis-Juste, L’Internationale Communautaire et l’État haïtien à travers le CCI : La Question Nationale http://www.alterpresse.org/spip.php?article1655 mercredi, 8 septanm 2004.
17 Jean Anil Louis-Juste, Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article643, vandredi 8 dawout 2003.
18 Demokrasi enperyal la pou Louis-Juste, « se rejim politik ki chita kò l apre entèvansyon dirèk Waschinton oubyen Nasyonzini, ki se prensipal ògàn Entènasyonal Kominotè a nan yon peyi Tyè-mond. Li vize restore kapital la ki menase nan yon kwen sou planèt la », Comprendre l’hégémonie de l’Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article749, lendi 29 septanm 2003
19 Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article643 vendredi 8 août 2003
20 Ibidem.
21 Jean Anil Louis-Juste, Comprendre l’hégémonie de l’Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article749, lendi 29 septanm 2003
22 Jean Anil Louis-Juste, Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti http://www.alterpresse.org/spip.php?article643, vandredi 8 dawout 2003 23 Ibidem.
23 Ibidem.
24 Ibidem.
25 Jean Anil Louis-Juste pa janm rate okazyon pou l kritike modèl konesans biwokratik ki dominan nan panse epistemoloji oksidantal la k ap gonfle tèt etidyan, entèlektyèl nou yo, ki anvayi yo ak prejije epi anpeche yo louvri je sou lavi mas popilè yo. Kòm egzanp, nou ka jis founi je gade « L’étudiant haïtien : un prince auto-dominé », yon atik ki soti nan dat dimanch 3 novanm 2002.
26 Jean Anil Louis-Juste, Akawo, Goman, Desalin : twa lidè disparèt, yon pwojè parè, 9 jiyè 2008. 28 Jean Anil Louis-Juste, Pou nou sonje 14 Daout 1791: Lavi kominotè nan modènite moun, 2009.

Share

Wasly SIMON 4

Etidyan memoran nan depatman sosyoloji, Fakilte Syanzimèn (Inivèsite Leta d’Ayiti)

Laisser un commentaire

0 Commentaires