Darly Renois fèt Jeremi, yon komin nan depatman grandans peyi Dayiti nan lane 1980. Sikològ, ekriven-powèt, Darly pibliye twa (3) rekèy pwezi: Retay Mo; Miyèt Mòso epi Vantrèz.
Darly pa janm rate okazyon pou lonje dwèt li sou Leta sanginè k ap toupizi pèp ayisyen an nan zèv li yo.
Vil yo kanpe sèk gwo jounen yo make soufrans yo nan pla men yo pou dekore tribilasyon lavi
Leta menm dezabiye lespwa nou
Nou pòtre yon gwògmann nan veye pwoletè
Lalin fè wout kwochi ak rèv nou depi kèk tan
Vil yo pann tèt yo
Pou bay legen avèk mechanste leta
Ekstrè Miyèt Mòso
.....
Vil la lage debra balan
Vil lan vid
Vil lan toudi
Vil la pòtre yon potovi yon vivi dan griyen
Vil lan pran kriz gwo midi
Vil lan manje pwòp zong li
Vil lan pati dèyè grangou
Vil lan wouke
Se pa tann dat lanbisyon pran kanntè
ap mabouya nan lespri l
Vil lan o!
Vil lan s on leta plizyè mò
Anba limyè a g on rèl
lavi bay legen
Ekstrè Vantrèz
Nan ribrik sila a ki parèt chak dimanch, Gabynho boukante lapawòl ak fondatè Koz'Art Magazin nan sou pakou l, kwazman l ak literati, bibliyotèk ideyal li...
Entèvyou
Darly Renois: Yon powèt se yon moun ki pa tande tankou tout moun bri silans yo

Gabynho: Darly Renois, ou se powèt-ekriven, editè epi animatè kiltirèl. Ki lòt bagay nou ta dwe konnen sou ou?
Darly Renois: Jan w di l la Gabynho sa fè kèk lanne n ap satiyèt kèk branch nan literati a pou nou wè ki mannyè nou ka jwe patisyon pa nou nan bay plis jèvrin ak lakilti sitou nan domèn sa ou konnen byen an ki se literati. Darly Renois se yon moun ki kwè nan pouvwa mo yo. n
Nou rete kwè mo yo, pawòl yo, depi yo byen chita y ap rive kreye amoni pou chanje lavi moun, pou mete limyè sou reyalite nou, pou konstwi memwa kolektif nou. Pou koze editè a, nou eseye manyen l se vre men sa fè kèk lane nou kite l repoze pandan n ap fòme tèt nou plis toujou pou n ka pi byen manyen pasyon sa san nou pa blese l . Nan pa twò lontan n ap vini ak kèk pwojè kòm editè. Nou sitou manyen yon bann lòt bagay nan koze atizay lan menm ke nou pa souvan pratike yo tankou penti, serigrafi, kaligrafi, grafis dizaynè . Nou te tanmen yon etid sikoloji tou nan fakilte syans moun ak yon etid filozofi kay pè Jesuite yo nan St Ignace.

G: Ou renmen prezante tèt ou kòm yon powèt kreyòl...
DR: Wi, se yon reyalite menm ke mwen ekri an franse tou. Toudayè mwen gen yon rekèy m ap travay ki ta sipoze soti pa twò lontan ki ap an franse san konte patisipasyon m nan kèk rekèy ki soti nan peyi lafrans ak kèk lòt ekriven. Men janm toujou di l kreyòl se matrisnatal mwen, yon zanmitay ki paka desoude ak mwen pou jan nou mare sosis nou byen di. Pa sèlman paske kreyòl se lang manman nou men tou kreyòl la gen yon richès ke okenn lòt lang pa genyen. Watadi lang kreyòl se poto nan zafè kreyativite literè. Se lang kreyòl la ki pèmèt mwen eksprime ak plis pwofondè sa mwen santi, sa m ap viv. Se ak li tou m rive jwenn moun pa m yo, san tradiksyon, san okenn lòt filtè. Pou mwen, pwezire nan lang kreyòl se pa sèlman yon chwa, men yon nesesite.

G: Di nou non, kilè, kibò, kòman ou kwaze ak literati?
DR: Darly Renois fèt Jeremi, yon vil ki pote lamayòl nan zafè literati sitou nan sa ki gen pou wè ak pwezi. Se pa san rezon ki fè yo mete palto "Cité des Poètes", sou li. Se yon lakou kote literati ak listwa mare rèd nan lavi chak moun. Tou piti m te gen chans suiv antèman Emile Roumer youn nan gran powèt vil Jeremi ofri. M raple l jou sa ak ti lespri ke m te genyen an m te di matant mwen fò m vin powèt tankou mesye sa. Se depi lè sa a, tou piti m pral koumanse renmen literati sanm potko gen bon konprann sa l ye vrèman. Chita anba bouch granmoun k ap tire kont, tande moun k ap di pwezi oubyen k ap chate nan fèt anba tonèl se te pasyon m. Vin jwenn lè m koumanse tande moun k ap pale de Jeremi ki se site powèt yo m kòmanse santi m kontan m fèt nan yon vil kote Marabou de Mon coeur pran nesans , kote Les dix Hommes noirs pran nesans kote gwoup Tontonm pran nesans ak anpil lòt bèl kreyativite ki pral fè m pa lache sou sèman m te fè jou antèman Emile Roumer a. Pi vit m te pral kòmanse frekante kèk espas k ap pale de literati se pi vit m te pral kòmanse takinenn fèy kaye lekòl mwen pou m pote kèk pwezi menm ke pafwa m te konn ap mande sa m ap ekri konsa.

G: Nou ka mete nou dakò, yon ekriven se pa yon loray kale. Se (ka) rezilta yon pakou, yon seri rankont... kijan, oumenm, ou fè vin ekriven-powèt?
DR: Jan m sot di talè a frekantasyon m nan kèk espas k ap pale literati, prezans mwen nan kèk konferans ak yon bann ekriven ki te gen gwo gagann nan domèn lan sitou lè yo soti lòt kote vin pale literati nan vil jeremi m te toujou la. Lè m vin antre pòtoprens m te souvan konn al nan vandredi literè se te nan espas sa m te pwal kwaze ak Tivens ak Ileus Papillon avan sa m te gen chwans kwazi Inema Jeudi kote nou te konn souvan pale ak pataje kèk konesans nan sa nou koumanse aprann ak konprann. Men youn nan bagay ki te pral fè m vin enterese plis se lò m te pral kwaze ak Andre Fouad pandan mwen te ak Jean Jean Roosevelt nan lakou bibliyotèk la pleiade. Andre te pral apresye sa m ekri e di m vanse pa lage. Epi lè m vin ap edidye Sikoloji nan fakilte Syans Moun mwen te vin youn an aktè k ap fè teyat ak Sèk Gramsci sa te vin motive m plis toujou. Gen kèk lòt frekantasyon ankò ki fè n pa dekouraje men sa m di w deja yo sifi pou n pale de kèk rankont ki fè nou vin plis enterese anbrase domèn lan.

G: Powèt, sa vle di kisa pou ou?
DR: Pou mwen, yon powèt se moun ki diferan de lòt moun nan fason li tande bri silans yo, nan fason dekouvri sans mo yo menm lè yo poko ekri. Nan fason li donte mo yo ak ba yo enèji pou donnen lavi. Se moun ki mache sou liy lanmò ak lavi, sou liy rèv ak reyalite, epi ki konnen kijan pou di sa yo wè. Powèt, se pa sèlman moun ki mete mo sou papye, men se moun ki santi mond lan pi fon pase sa je ka wè.

G: Darly, fè nou vizite bibliyotèk ou...
DR: Onètman nan moman sa Darly pa gen yon bibliyotèk ki rich kòm dabitid menm jan lè l te nan peyi l Ayiti. Povrete sila rive sitou akoz deplasman nou pou al viv nan lòt peyi. Men kanmenm nou ka di gen kèk liv kèk otè Ayisyen nou asire n ki disponib nan bibliyotèk nou tankou Zèv Jacques Stephen Alexis, Louis Joseph Janvier, Manno Ejèn, Gary Daniel, Jacques Adler Jean Pierre, Anderson Dovilas, Jean Emmanuel Jacquet, Milerva Roumer, James Francisque, André Fouad, Georges Castera, Syto Cavé, Lionel Trouilot, Gary Victor, Kettly Mars, Andreman Pierre, Ricardo Boucher, Inema Jeudi san konte kèk lòt zèv ki pa ni woman ni pwezi ni rekèy nouvèl. Aprè sa nou gen kèk klasik literati nan vèsyon nimerik ekriven lòt peyi ki ede nou grandi nanm nou nan domèn literati a.
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 114
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
0 Commentaires