Defile pasyans

Defile pasyans

Prete m pawòl ou pou m bale regrè
Pou m jet on nen nan figi demen m
Pou m bay lespri m koulè bonè
Kale m chans mwen
Pou m tanmen toufe swaf nan sous ou
Reveye zetwal ki pedi nan somèy dezespwa
Pou m wè
Si tout bon vre
souf pedi vrè koulè l lè prezans vwayaje
Se nomal pou rèv avèg
Pou fènwè fè m wè tout jou bèbè
Pou m boukante vwa w ak fyèl
Pou rivyè letènite desann nan je m
Lè m pa jwenn swè w
pou m triye sans k ap koule
mande pasaj pou lanmou djayi
Desann swaf andjable nan mitan kanaran
Lè nen nan koma pou sant gouyad plezi
Chak jou tan fè m filalang ak tout boulin
Nan tann repons sou repons
Nan janbe difikilte pou m pran jòf
Lamizè glonfe m ak konsyans
M bouke satiyèt foli wè konsyans koud
Kite m tann paysans mwen
Vle pa vle
Van ap jwenn lòd
Pou depoze wi w nan pla men m


•▪︎• Jean Louis Delince

Konsènan otè a

Etidyan nan Fakilte Lengwistik Aplike epi apranti jounalis, Jean Louis Delince fèt nan komin Kafou nan dat 3 novanm 1998.

Share

La Rédaction 238

Kafounews

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Felime

    March 19, 2023 - 11:56:57 AM

    Pa mal

  • Don Billy

    March 28, 2023 - 05:27:51 PM

    good job (:

  • Villadine ANDRÉ

    May 28, 2024 - 05:01:05 PM

    Good job ! ????????????