Atelye teyat kòkòday pran lari nan yon espektak pou di non ak movèz pratik nan komin Tirivyè Latibonit

Atelye teyat kòkòday pran lari nan yon espektak pou di non ak movèz pratik nan komin Tirivyè Latibonit

Lèzonyon, lèzonyon, lèzonyon "qui me voir marcher",
C’est le ci, c’est le ci, c’est le ça
Madmwazèl Maginya vire "votre face "
Lèzonyon, lèzonyon, lèzonyon
"Qui me voir marcher"
C’est le ci, c’est le ci, c’est le ça,
Mesye Bertrand vire "votre face » (bis)

Non timoun sètfwasi se pa kè kontan yo genyen, ni se pa blag y ap bay restavèk bondje blan yo ki swaf dlo nan je yo, bri a kouri, pawòl la gaye, se mizè lapopilas ap pase, Malaba ak yon gwoup jèn ap dekrete nan komin Tirivyè Latibonit. Yon soufrans dan griyen, yon lapenn demezire otorite yo nan tèt leta a lage sou ti bout tè papa Desalin nan. Toupatou se dèy, se kè kase, dezòmè dizui novanm demilven ki sot pase a, atelye teyat kòkòday mobilize atravè yon espektak lari kote se mo yo ki pran lavwa ochapit pou di non, non ak lavi chè, non ak kadav tribòbabò, non ak lenjistis.

Atelye teyat kòkòday pran lari nan yon espektak pou di non ak movèz pratik nan komin Tirivyè Latibonit

Mezanmi se pa fab, sa fè lontan komin Tirivyè paka leve tèt gad desten l nan je, timoun yo lage debwabalan, nanpwen pwoteksyon pou pèsonn, tèt ledikasyon an kase, se rimolin san lenjistis la sèlman k ap koule sou tout kò vil la. Menmjan powèt Douglas Zamor alyas Dou’z di nan yon powèm ki nan rekèy ki re "Revolisyon men goch" la : « tan pou m pa ayisyen, m ta pito pi gwo powèm ki plante nan tè a », jèn sila yo ki yo menm kwè tè a se kò yo, e nanm yo dwe abite l, rèv yo dwe dekore l pasipala.

Espektak sa mesyedam, li te koumanse sou plas solidarite a douvan legliz Sen Jewòm nan, pase nan ri louvèti, monte nan kafou Kopekpwa, al tonbe nan ri Wayal, pase douvan palè 365 pòt la, yo resoti nan ri Louvèti ankò epi yo met tèt monte nan Fò Krètapyewo. Se la menm espektak la te bout. Bèl evènman sila te gen pou komedyen prensipal li : Gregory Florestal alyas malaba pitit plim ; Jozama J.Siméon ; Mercy Wadenson alyas Nègafrika ; Fedler Joseph ; Darelus Enel ; Menard Dootchy ; Normeus John Kembely ; Madéus Marc-Arthur ; Merilus Merites. Tout popilasyon an te kontan gwo zak sa ki te poze a. Jès sa te mete kontantman sou lèv yo anba tout kalamite politik patripòch la ap fè yo pase, selon pwofesè Adly ki se yon gwo bout tonton valè, youn nan mapou komin Tirivyè genyen ladanl e popilasyon an fè kredi, patikilyèman jenès rivatibosyèn nan, espektak sa pa inosan, li ekspresyon yon lapè san mezire, yon lespwa ki vle ret kanpe doubout nan kè moun tirivyè.

Pou Guy Registre Junior limenm nan powèm entèdi:

« Apata piti
Apata piti
Ti peyi a ka bèl »

Share

Franzley Valbrun 7

Poète, ekriven

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • malaba pitit plim

    November 25, 2020 - 11:44:02 PM

    lanmen djanm zanmitay. n ap kontinye vanse.

  • Fedler

    December 02, 2020 - 01:08:53 AM

    Bon travay