Lèt pou ou Sanmba

Lèt pou ou Sanmba

Mèkredi 6 Me 2020, Pòtoprens Ayiti



Konpè Konsèy



Ewa Sanmba !

Alapapòt, mwen p ap mande w kouman w ye, piske m konnen lavi tchuipe nou deja anba vit li. San plim nou kontinye ap koule anven nan rigòl sinik labalèn lajounen kou lannuit. Antouka m ekri w ti lèt sa jodi a, pou mwen di w sa ki te pase nan tobout la se mwen ak ou ki konsène, kwa madoulè lesklavaj la se sou do nou li tonbe. Castra mwen lonmen non w menm pa vle detounen w ! Mezanmi fòk nou pa bliye kanmarad la janbe, men nan « Rèl » la li te di nou : tout sa n paka pote se pou n kapote l. Enben ki sa k fè n pè la, ki sa k fè n pè mande simityè kont, bon kadav nou gentan anba grif li deja, tanndat zonbi nou ap bourike nan jaden konpè solèy ? Ayayay sanmba, sa fè m lapenn lè m wè kijan jou yo jouke nan bwadchenn ! Sa panike m lè fristrasyon nou yo ap nouri facebook chak jou, koulya di tèt nou kot egzistans nou ye nou menm ? Èske se sou rezo yo jan li kontinye ap fèt la ? Èske se nan jistifye move zak sistèm mondyal la ak anndan kay nou, enkonsyamman nan ekri yo ? Èske se nan ret kache dèyè plim nou osinon sou beton an kòm espas pratik tout gwo batay serye ? Franchman m pa anvi tèt mwen , lè se sant manti ki abite kuiy mwen, m pa anvi mwen menm ditou lè lavi pran pran kontravansyon pon sonde, m pa anvi rele tèt mwen powèt lè Gran ri paka ri ankò, lè Site Bondje se paradi lanmò, lè Site solèy se labatwa pou fatra ak bal mawon sakrifye rèv.

Ti lèt sa se pou m di w ak tout boulin, jan Desalin mwen anvi moute m dri pou m dekrete lapèmanans. Dayè ki desten tyovi yo, lè tout plim yo ret konfine pou mo ? Ki desten makaya si chak nanm ap manniganse pou sove pwòp tèt yo ? Anh… se pou sa ou bezwen yo rele w powèt la, gade monchè ale w vouzan tande, lanmmèd twa fwa pa jou. Bon tande ! men se kisa ki konfinman an menm ? Pa di m se sa m wè a la ! Trip zetwal yo pandje, y ap vale van, ou ta di se frèt kach bann rara latibonit. Mwen sa m panse, konfine se batay anpèmanas baka pou ideyal Desalin nan reyalize, se goumen pou n konstui yon leta ki pa nou. sinon kòb taks nou yo ap toujou kontinye fè kanpay pou mizè anba jijon Kowona.

Kidonk, pa di m amègde w non sanmba, alòs kite m di w, mwen pa gen lide demanti Galile ki di latè se yon wonn, men latè pa nou an, li pa wonn vre, li kare paske reyalite a se kare goumen manch long.

Ochan pou bwa kayiman ! Ochan pou vètyè ! Ochan pou zansèt yo ! Ochan sanmba !

Share

Franzley Valbrun 7

Poète, ekriven

Laisser un commentaire

6 Commentaires

  • Andremann Pierre

    May 10, 2020 - 12:45:17 PM

    Bel teks!

  • Malaba pitit plim

    May 11, 2020 - 03:19:38 PM

    Ewa kanmarad!

  • Chaïm Doré

    May 11, 2020 - 05:41:45 PM

    Bon travay Powèt!

  • Richardson Auguste

    May 11, 2020 - 06:28:41 PM

    Mwen twouve tèks la kòdjòm anpil nan sans li chaje pwezi epi li abòde yon sijè serye

  • Kember Flo Sage

    May 12, 2020 - 05:08:52 AM

    Atchaba zanmitay

  • Jonathan MÉUS

    May 13, 2020 - 12:52:58 PM

    Bon bagay zantray!!