Herlande Delia lanse antrepriz li, Landy Collection.

Herlande Delia lanse antrepriz li, Landy Collection.

Nan yon anbyans wòdpòt, pa gen kote pou pike zepeng, Herlande DELIA lanse antrepriz li, Landy Collection, samdi 27 jiyè ki sot pase la a, nan lokal Mojahland Club ki chita kòl nan Fontamara.

Sitiyasyon yo malouk. Rèv anpil jèn se pou yo ta janbe ale kote dlo a koule pi fre. Plis teritwa ap pèdi chak jou ki pase. Se nan mitan tout latroublay sa yo, Herlande Delia li menm chwazi kanpe biznis li, Landy Collection, yon antrepriz ki espesyalize l nan fè atizay lokal tankou rad, bous, valiz, zanno elatriye.

Malgre farinay lapli, fanmi, zanmi ak tout sila yo ki pote enterè sou koze atizay lokal te reponn plètil nan kokennchenn inisyativ sila a. Tranble espas la ak vwa yo epi bat men yo, se konsa yo te pataje satisfaksyon yo nan salye chak prezantasyon chak nouvo stil rad.

Jenn stilis la pa t kache kontantman l pou lansman sila a li estime ki se yon siksè. “ M pa t atann ak tout moun sa a. M te sezi. E m wete chapo m byen ba pou m montre rekonesans mwen.”

Bat men, fè bri, rete sou liy pou fè foto souvni pa t sèl aksyon ki te pwouve kòman Landy Collection te rive sou tizè bèl rad lokal yo. Aprè aktivite a, Herlande fè nou konnen li kòmanse resevwa plizyè kòmand, keseswa pou zanno oswa rad. Se youn nan divès objektik lansman an ki kòmanse pran dann.

Gen moun pasyon yo vini depi nan timoun yo. Gen lòt se enfliyans zanmi oswa fanmi. Pou Herlande li diferan. Dayè, ale pase de (2) zan nan etidye wotkouti pa t premye chwa karyè pwofesyonèl li, menmsi li te konn patisipe nan kèk aktivite ki konekte ak lamòd deja. “Rèv mwen se te pou m vin enfimyè. Men jan m m te wè peyi a ap degringole a, m te di l t ap twòp tan pou m ta ka itil tèt mwen aprè tout lane etid sa t ap mande. Alòs, pou mwens tan m t al etidye kouti. Epi jou ap pase, m kòmanse donnen yon lanmou lajman laj pou metye a.’’

Si se mwayen ekonomik ki fè anpil moun ale nan pèpè, Herlande, atravè Landy Collection, bay tèt li objektif pou pèmèt tout kouch jwenn bèl rad kalite pou yo mete.

Gran frè Herlande li menm, Dj Best, te pataje jan l fyè de ti sè li ki rive reyalize gwo eksplwa sila a nan lavi l. Nan kite l jere majorite eksperyans lan li menm sèl, Dj Best fè n konnen li te kontan admire degre detèminasyon dènye pitit manman l kapab charye.

“Pa kite latroublay sosyete tenyen rèv nou. Ekri lide yo. Gade yo tanzantan. Mache ak yo nan nivo nou kapab. Se nou ki pou met men nan pat la pou sa ale miyò.” Se konsa jenn stilis 23 lanne a ankouraje jenn nan pòy li yo rete djougan.

Share

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Jean Pierre

    August 08, 2024 - 04:04:05 PM

    Je suis si fière de Landy collection, je vous souhaite que du succès ✨

  • Mesidor Clardo

    August 08, 2024 - 05:42:41 PM

    Kontinye avanse pi bèl jou yo se devan yo ye!