Pòtokrim

Pòtokrim

Rafal peta
Kri ak soupi k makonnen
Se rèl Pòtoprens
K ap travèse mòn
Nan bri van
Pòtoprens antòtye
Pye sou kou l
L ap toufonnen
Plent li ap pilonnen
Riyèl li yo ap benyen nan fatra
Tray pou Pòtay Leyogàn
Leta sangwen vann
Pou degouden
Kòm debri


Kanmarad
Nan Pòtoprens
Nou pa moun ankò
Nou s on bann kadav
Kadav epav
K ap flannen
Se tann n ap tann
Kochon ak chyen
Chante vèy
San kleren


Kanmarad fout
Nan Pòtoprens
Pa gen tan ankò
Tout tan
Se move tan
Tan madichon
Pichon K ap filange rèv
Pou antere demen
Tan san
San sans
K ap maspinen sans
Leta
Pou rebatize vil la Pòtokrim



•▪︎• Jerry Stanley BASTIEN

Konsènan otè a

Jerry Stanley Bastien se etidyan finisan nan Sosyoloji nan Inivèsite Leta Ayisyen an.

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires