Mario Cadet, yon jèn gason ki konsakre vi l nan ansèyman kreyòl

Mario Cadet, yon jèn gason ki konsakre vi l nan ansèyman kreyòl

Depi nan lane 2000, chak 21 fevriye yo selebre lang matènèl toupatou nan monn lan. Pou ane sa, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) deside fete l anba tèm:" Lang manman se zouti devlopman lespri timoun". Nan menm lespri sa Kafounews ap prezante w Mario Cadet, yon jenn gason ki gen anviwon dizan depi l ap anseye KREYÒL nan peyi a.

Sa ki bay lavi plis gou, se ladiferans. Se sengilarite chak moun. Nan sans sa a, w ap jwenn gen moun ki deside viv pou tèt yo sèlman, koze moun, koze peyi pa gade yo. Genyen lòt tou ki prèske bliye tèt pa yo. Pi gwo sousi yo se patisipe nan amelyorasyon lavi nan kominote yo. Mario Cadet nan dènye kategori a. Yon nonm ki deside dedye lavi l ak ansèyman lang manman nou an: kreyòl. Yon chwa li fè, daprè sa li esplike, yon mannyè pou patisipe nan fè moun konprann lang lan nan dimansyon li epi ede moun aprann pi byen.

Je Mario Cadet louvri nan peyi Dayiti ou ki te 13 sektanm 1989 la nan lokalite Lamontay nan Jakmèl. Dezyèm pitit paran li yo, manman l te abandone li a kat (4) mwa, sa ki fè se grann patènèl li, Lucia Cadet, ki fè levasyon l. Misye fè klas primè li yo nan lekòl nasyonal Edèze Gousse nan zòn natal li. Klas segondè li yo fèt nan lise Henry Christophe nan Kafou. Pasyone pou koze aprann moun, aprè bakaloreya li nan lane 2011, Cadet rantre tèt dwat nan inivèsite "Episcopale d'Haïti" pou li al aprann syans levasyon (science de l'éducation). Se nan menm ane sa tou li kòmanse anseye kreyòl. Dwòl konyensidans, li kòmanse fè kou kreyòl nan yon lekòl ki genyen yon non kreyòl: Kolèj Ayisyen Frè n.

Jodi a, Mario Cadet marye epi genyen yon pitit gason. Sa ki pa anpeche l kontinye viv pasyon l. Pou kounya li ap bay sèvis li nan plizyè lekòl nan Kafou ak nan kapital tankou Lycée Louis Joseph Janvier, École Ascension de Thor, Frère Anatole, Saint Léonard ak École Normale Betsaléël de Carrefour. Pi gwo satisfaksyon direktè pedagojik "École Ascension de Thor" a se lè li wè yon elèv li te patisipe nan fòmasyon ap briye. "Sa toujou fè m kontan lè m kwaze yon ansyen elèv mwen ki ap briye epi ki ranmesi m paske m te patisipe nan fòmasyon l. Se ti mòso lajwa sa yo ki banm fòs pou m kontinye", li di pawòl sa yo avèk anpil emosyon nan vwa li.

Tankou sa ye pou tout chanpyon, bagay yo pa t toujou fasil pou mèt Cadet (Se konsa elèv li yo rele l). Li esplike se pa t fasil ditou pou li te rive kenbe konpa fè kou lekòl epi ale nan fakilte a. Anplis "ene m yo pa t toujou byen wè m. Mwen sonje youn ki te fin ban mwen yon kou, men m li menm nan t ap taye zèb anba pye m ankò". Pikan sa yo sou chimen manm legliz Guadaloupe a pa t sifi pou te fè l bay kraze yon kite sa. Poudayè li dekri tèt li tankou yon moun ki pa konn bay vag: "Chak obstak, chak eprèv mwen rankontre sou chimen m se luil yo mete nan mote m pou m avanse. Chak mwen tonbe, mwen leve, gade sa ki jete m nan, epi avanse".

Mario Cadet pa vle rete nan zòn konfò li, li gen anpil pwojè pou ane ki ap vini la yo. Yon gwo konkou epelasyon mo kreyòl pou elèv ak yon gwo kòlòk k ap reyini pwofesè kreyòl nan kat (4) kwen peyi a se kèk ladan yo.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Mario

    February 21, 2021 - 06:29:30 PM

    Bravo Gabinho

  • Mackenzy LOUIS-JEUNE

    February 21, 2021 - 09:42:16 PM

    Mèsi anpil Gabynho, yon lòt fwa ankò w ap fè m viv listwa ak pasyon yon zanmi, yon frè, yon koleg ak yo konpè. Si w pat konn sa m ap di w li, Mario se yon bon konseye tou.

    Mario CADET, yon bon grenn, yon bel nanm.
    Bon travay kanmarad, Tchenbe très, pa moli.

  • Davart

    February 22, 2021 - 12:33:58 AM

    Misye se limyè! Mèt Caadet ap fè yon travay San pri nan peyi a.Chapo pou Li!