Manman,
Anvanm koumanse, m ap wete chapo m byen ba devan kouraj ou, kalte fanm vanyan w ye a. M gen lontan m ap karese rèv sa ki se fè yon ti bat bouch avè w, se pa ni ayè ni jodi a.
Tout pandan m ap grandi, mwen te toujou anvi temwaye lanmou m pou ou. Men souvan, mwen pa konnen si se fason w te leve m, laperèz ak timidite te toujou anpeche m fè sa. Jounen jodi a, lavèy jou sosyete a onere manman, mwen pran kouraj mwen ak de bra pou m ekri w lèt sa, pou m esplike w kijan kafe m te ka koule ak ma si w pa t la kòm poto mitan nan lavi m. M ap pwofite okazyon sila a, menm si m p ap janm ka fin fè l ase, pou m di w mèsi pou tout sa w fè pou mwen e sitou pou jan w te aprann mwen satiyèt rèv mwen jiskaske pou kout eklari reyisit te ka simen lajwa andedan kè m.
Lavi pa te souvan gen bèl lè avè w akoz pitit. Li konn fè w fè laviwonn dede, vire w nan tout sans. Li pa bezwen konnen si solèy cho, si dlo desann, si peyi cho. Lè sa di anpil, Sa konn menm rive w kole zepòl avèl sitou lè l soti pou l kanpe ankwa pou l anpeche w touye vè nan vant tchovi ou yo. Chak fwa m sonje ak jefò w yo, sakrifis ou fè, kouray ou genyen pou w batay ak lavi sezisman toujou anvayi mwen : al vann anba katouch kwabosal, pafwa sa konn menm rive nèg ak zàm kase ponyèt ou yo pran tout sa w genyen, gendelè se lapli, gwo dlo nan lari pòtoprens ki bare w. Fèy lespwa w ap rantre pa janm fennen lè w soti paske w toujou di m :" depi m soti m ap rantre kanmè m menm si lè a endig". Bondye toujou fè w rantre. Malgre tout fason lavi a soufle move van sou ou, ou pa janm tonbe menm si w konn pliye pafwa.
Mòd fanm ou ye a se yon fanm kote chak jou lasosyete ta dwe ap bat bravo lakontantman pou ou. M p ap janm ka fin makònnen ak plim mwen pou m mete lanmou m sou moso papye pou ou. Avèw, solèy move lavi pa t ka anpeche lawouze ledikasyon m taye banda. Fanm ou ye a, se fanm lanjelis pa janm jwenn ap paweze menm jan depi douvanjou mete pye k ap gentan kite kabann nan. Bèl fanm nwa ki gen kòd lonbrik li ki antere Jakmèl, long cheve, batay ak lavi se makfabrik ou. Katye nou te rete yo pa t toujou bon. Ou te konn toujou di n ap soti moun ou vle n soti a. Ou pa fanm ki te konn pote wòb ou pou bèl twàl. Ou te toujou mete fanm nan fanm ou pou w te fè n suiv liy ou te vle a. Mèsi paske liy la te bon manman !
Leve kat ti lèzanj pa t fasil. M konsyan. Ou te toujou vle nou kenbe yon liy. Lè w santi n anvi fè wout ou pa renmen, nan fason pa w, menm jan ak anpil lòt grandèt ayisyen, ou drese nou. Sa ki te nòmal. Ou fè tout sa w te kapab pou nou : pote nou nan vant ou pandan nèf (9) mwa, lave, fè lamanjay, pase, al nan reyinyon lekòl, m pa kwè m ka fin site yo. Gen yon bagay chak fwa m sonje l se gwo kè kontan, dan m rete deyò, jan w te konn mete m chita pou w koupe cheve m.
M ka di m fin chape, pye m koumanse pèdi tè kounya. Sa pa t toujou bon pou ou, men liy ou te vle m kenbe a m ladann. M konte rete ladann : al lekòl, respekte tout moun, gwo kou piti, rich kou pòv, timoun kou granmoun, m toujou mache sou trèz pou m pa pile katòz.
Pandan m ap di w sa, m gen yon lòt bagay k ap toumante m m te vle di w, se jan w paka tann wè m rantre lè sitou m fè wout mete tèt lavil. Li difisil pou ou se vre, men menm jan l difisil pou ou a se konsa l ye pou mwen tou manman. M ta renmen pou m ta toujou wè w kè poze ap fè bèl madanm. Banm di w manman, m panse Bondye ap toujou fè yon jan lè m soti pou l pwoteje m. Li nòmal pou w toujou rele m, men w pa bezwen panike si w pa jwenn mwen paske w konnen m ap toujou rantre depi m soti. Ou konnen pi byen pase m, m bije al lekòl la cheri. Chwa lekòl la, ou te leve m ladann. M ladann jiskaprezan. Daprè sa w te toujou di m, se li k ap fè m reyisi e se konsa m ap fè fyète w. M ta renmen wè m mete w chita yon jou, se sa m plis swete , pou m fè w fè yon bèl madanm pi plis toujou pase jan w bèl la avan granmèt la rele w. Poutan, nan mwen menm, sa p ap janm ase pou m di w mèsi.
Pou tray, move lavi ou pase avèm, m kwè sa, li enposib pou m jwenn yon bagay nan monn lan ki ka gen menm valè avèw. Si w se yon kado, nonsèlman nan je m ou pa gen pri, men pyès lòt kado sou latè beni paka ranplase w nan vi m nonplis. Ou se sa w ye nan vi m nan : fanm mwen kwè ki p ap janm vire do banm nan, fanm m renmen anpil la. Ou pote m sou do w, ou chwazi pike lè w te apèsi nan chimen an gen pikan. Ou se moun ki asepte soufrans paske w te toujou vle wè kè m kontan. M pa gen anyen pou m repwoche w. Ou fè tout sa w te kapab menm si jiskaprezan, pou pitit , lespri w pa janm anpè. Men sa m vle di w, m wè tout jefò yo.Yo ale dwat nan kè m. M p ap janm sispann di w mèsi. Mèsi manman !
M chwazi w ekri w lèt la pou m di w mèsi pou moun ou ye a. Kè nan men w genyen pou pitit, pou moun menm se toujou yon bagay wololoy tèlman w sansib. Ou toujou gen yon bagay w ap sere pou pitit. Vrèman manman , m pa kwè w gen parèy isiba. Mèsi p ap janm ase pou m di w !
Lèt sa, m ekri l pou ou pou m mande Bondye chak jou ki pase pou l beni w pi plis, pou l toujou kouvri w anba gras li, pou menm yon branch cheve nan tèt ou pa rache nan lari a, pou l fè w wè yon pakèt lòt lane ankò. Sa vle di, m vle pou l kenbe lavi w pou lontan toujou pou mwen. Lavi san ou, si yon jou w pa ta la, p ap janm gen sans nan je m nenpòt sa m ta vin ye nan demen. Sousi lavi pa dwe ap akable w ankò. Li lè pou w panse ak tèt ou kounya. Se sa m ta swete ! Ou pa imajine lapèn m genyen le w al vann, men vi w gen sans se sitou jan w p ap lache pou yon may kichòy k ap fè w fè degouden.
Manman, m ekri w mo sa yo nan peryòd kote sosyete a ap fè gwo festen pou manman, kote y ap onore yo elatriye... Men w konnen, m ka toujou antre nan lojik la. M antre ladann depi plizyè lane deja. M rekonèt sa. Men se pou ou ki fè m fè l. Sa m sonje, ou pa t konn tann jou fèt mwen pou w achte yon bagay pou mwen, pou w banm yon kado. Sa m vle di w manman, pou kote w soti avèm, pou tout peripesi w pase kote aprè Bondye si w pat la zo m patap bon menm pou fè bouton, menm si m ta pran tout jou nèt ki gen nan lane pou m onere w , fete avèw li pa tap janm ase. Antouka, m vle kontan paske Jodi a se yon jou espesyal li ye pou ou. Ou mèt ki te lajwa simaye nan kè w pandan m ap di w Mèsi paske se ou ki maman m !
M pa gen mo pou m di w mèsi pou lannuit ou ki te souvan blanch pou pitit. M pa gen mo pou m di w mèsi pou jan w te konn bliye tèt ou pou mwen. Mèsi manman !
Mèsi manman pou sa m vin ye, pou sa m reve ye demen. Ou se tout sa m ye jodi a. W ap tout sa m pral reve ye demen. M di w mèsi manman ! Mèsi pou toutfwa w mete men w nan dife paske w pa t vle m boule. Mèsi paske w te toujou mete m nan bon chimen. Mèsi paske w te konn kouri lopital avèm pye atè. Mèsi paske w te konn vann sa w genyen pou w achte medikaman pou w sove lavi m. Mèsi paske jiskaprezan w toujou ap riske vi w nan bat dlo pou w fè bè pou pitit. Mèsi manman ! M pap janm ka fin di w mèsi, menm janm m pa janm kapab fè pou ou tout sa w fè pou mwen, men sa m konnen, ou se yon fanm total kapital. M renmen w ! Chapo pou ou fanm vanyan !
Se pitit gason w
Jackson junior Rinvil !
18 Me 2020
Une lettre à ma mère : Chapo pou ou fanm vanyan !

La Rédaction 243
Kafounews
9 Commentaires
Marc ernest
May 19, 2020 - 02:05:42 AMSa just bon ????????
Jamesricot
May 22, 2020 - 07:55:51 PMJackson junior rinvil
Jamesricot
May 22, 2020 - 07:56:30 PMJr
bikenson
May 22, 2020 - 08:34:37 PMLo bon
bikenson
May 22, 2020 - 08:34:41 PMLo bon
bikenson
May 22, 2020 - 08:36:34 PMLo bon
Manuella
May 22, 2020 - 09:25:21 PMEnpòtan
Harry emstrong
May 26, 2020 - 12:50:24 PMBon bagay kanma!
Ruth shawna Lucien
June 04, 2020 - 05:16:39 PMmw felisitew m apresye efow