Une lettre à ma mère : Ochan pou ou manman

Une lettre à ma mère :  Ochan pou ou manman

Lizay Manman

Alòs, pou yon rezon, pou yon lòt, m p ap mande w kouman kò a ye, lè m imajine m wè se t ap yon pleyonas. Deja, Chat konnen, rat konnen, pa bò isit barik mayi nou pa bon mache ! Tankou pwodui chinwa nan kabare lemonn, diyite tout zetwal gen etikèt, nan lakou lakay yo depoze sele sou loksijèn byen lontan, adje bondje. Dayè m konnen, depi lè lane yo twoke po yo pou kriz tout kalte, fènwè sou fènwè ou pa janm dòmi. M konnen ou kouve jodi nan nich rèv ou, men demen s on dezafi ki pa vle yès, lespwa pa vle mayilò anba karès ou, lavi tilandeng, tilandeng.

Poutèt sa, mwen ekri w ti lèt sa aswè a, pou m eksplike w karebare kouman jou yo trayi panse w yo, kouman lanmè jalou koutantman nou, kouman kwikwi pa klere pòt letènite nou ankò lè lannuit ap fè politik ak sajès nou. Se avèk yon lapenn nan fenfon nanm mwen, m ekri w pou m di w towo lagon pa gonde pou sezon lanmou fleri ankò, kounya se bri bal k ap chante kè m kanson pyese nan tout katye popilè yo sou lobedjans lotorite. Anpasan manman, m sonje, chak lè lekòl pral louvri, tout bèlte ou te konn fè ak mwen yo : bèl eslip, bèl soulye, bèl tchaniz, bèl chosèt, bèl valiz ak bèl mont ou te konn al bouske kwabosal pou pote pou mwen. Men jodi a manman kisa sa vle di menm pou leta ? Aprè tout gouye ou gouye anba lamizè pou keyi bèl tan sa yo pou nou, pouki laprezidans ak laboujwazi krache sou yo.

Depi m te tikatkat manman, m te toujou tande y ap di lavi se tankou yon sabotay li ye, lanati se mèt li, kididonk nou chak gen yon men ladan l. Sètadi pèsonn pa dwe jwenn pi plis pase yon lòt moun, menm nan ka bèt yo. Sa ta vle di tou prensip demokrasi a, linivè te deja djandjanyen li nan jwèt sosyal la depi alajenès. Nan lide pou byennèt la ka pi byen pataje, pou bato lemonn pa chavire pou nenpòt ti vis. Poutan, nan powèm èntèdi, Guy Régis junior li menm di nou : « lavi se tankou yon ranje dan, jodi a ou ri, demen ou ka ri san lavi ». Enben manman, si lavi s on ranje dan pouki nou paka ri toulèjou ? Pouki nou paka kontinye ri ak lavi pou toutan ? Gade madanm siye dlo nan je w, reziye l ranmase kouraj ou, pran fòs pou debat ak lòt tyovi yo. Kanta pou mwen menm pitit ogou feray, jiskavan m ale ri san lavi, jiskavan lavi pouse do m pou nyaj, m ap frenk grafonyen l anvan…


Ochan pou ou manman ! zansèt yo ap kontinye ba w fòs !






Valbrun Frantzley

Share

La Rédaction 257

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires