Jodi a se ak anpil lonè respè pou m pentire mo m yo ak lajwa vlope yo nan papye kado pou m depoze yo youn pa youn nan bwat souvni w. Yon ponyen lanmou pou ou Timadanm!
Mwen santi yon souri tounèf dekachte sou vizaj mwen. Sous lajwa pete nan fon kè m,lè mwen wè m rantre nan jaden lespwa pou m al keyi mo k ap fè w viv pi lontan.
Manman, mwen konnen kè ou pa kontan. Lè ou wè tan an ap kouri epi w ret kanpe kon ti estati ki nan repozwa kay gwo zotobre a babin. Ou toujou renmen itilize tan an. Men, ou mèt bwè dlo reziyasyon an tande. Paske se tout mond lan ki ajenou nan solèy sou graj pandemi kowona viris la.
Mwen sonje lè m te tikatkat, touzoulout pa t menm ko di : "rat rat rat menm voye yon bèl ti dan ba ou, pou w voye yon vye vye dan ban mwen". Se ou menm mwen toujou wè, Lendi, Madi, Mèkredi, Jedi, vandredi, Samdi, Dimanch k ap pouse bourèt lavi m maten midi swa san pran souf. Ou pa konn solèy cho, ou pa konn lapli.
Chak jou bondje foure nan almanak legzistans. W al estasyone w bò lari a nan pousyè a ak yon gode 6, yon manit, yon plat bè,yon zegwi, kèk fil pit , kèk grenn sak. Se yo ki sèvi w kòm zam. Ak yo, ou pa bay leta regle anyen. Se ak yo menm ou voye m al ranmase ti moso lakonesans. Ou renmenm menm jan ak yo. Mwen renmen w menm jan ak yo.
Manman, ou se yon powèm k ap rete grave nan memwa letènite. M toujou anvi konn konbyen santimèt souri mezire. Vwazinaj toujou ap di se kabrit tomazo nou ye.
Nan ou tout manman ta dwe peche tikal bonte.
Mwen si tèlman renmen w. Mwen envante yon bèl ti dous pou ou "Tchandolye" Mo sa a vle di "Renmen san kite rès" se pou ou menm mwen kreye l. Mwen bouke peche mo bò pye sen valanten pou m di w janm renmen w. Manman cheri. M pran san m, m pran tan m. Pou m ekri ti lèt sa a pou ou kote chak mo nan lèt la pral chante kou wosinyòl pou di w byen rekòlte kafe Manman. Mwen rete kwè ke w ap nan vwayaje nan gout mo m yo k ap bay payèt lakontantman.
Grégory Florestal
Une lettre à ma mère : ou se yon powèm

La Rédaction 257
Kafounews
35 Commentaires
Exaus Richardson
May 27, 2020 - 07:40:38 PMMw renmen sa wi bz entèrese
Domevil stephanio
May 27, 2020 - 07:52:14 PMFelisitasyon
Huguenson
May 27, 2020 - 07:54:28 PMFélicitation lèt saa rive sou mw
Vilsaint
May 27, 2020 - 08:11:26 PMBon bagay
Dieunithe ONEZAIRE
May 27, 2020 - 08:17:17 PMSa se yon kout plim bèk fen. Anpil lanmou pou ou zanmitay. Mo sa yo gen koulè lakansyèl. Mo sa yo fè moun vwayaje, yo gen lavi nan yo. Chak grenn mo plim ou degrennen nan fant dyòl kaye'w gen yon ladousè kap naje ladan. Mwen felisite'w zantray. Kenbe la. Ewa Malaba
Jerome
May 27, 2020 - 08:26:55 PMBon bagay, kenbe la
Making Coq
May 27, 2020 - 08:27:48 PMFelisitasyon
Ricardo Augustin
May 27, 2020 - 08:33:23 PMBravo????
Me. Altenor
May 27, 2020 - 08:41:05 PMC tres bien
GRO-MORAL
May 27, 2020 - 08:50:35 PMManman mwen se papá bondyem
Erode castor
May 27, 2020 - 08:53:21 PMgwo bout konpliman
LOUINÉ
May 27, 2020 - 09:52:54 PMBon bagay zantray mwen!
Michelo forlife
May 28, 2020 - 01:54:25 AMFelicidad mi hermano.
Berthony
May 28, 2020 - 01:57:48 AMGood e bon travail
Berthony
May 28, 2020 - 01:57:56 AMGood e bon travail
Artist Somy
May 28, 2020 - 02:02:15 AMbon travail
Neg kfour
May 28, 2020 - 02:18:51 AMBon bagay
Bedina Achille
May 28, 2020 - 04:53:09 AMBon travay zanmitay
DESGRANGES EDWEEDGE
May 28, 2020 - 11:38:58 AMfélicitation mn grs.............et bravo.........????
Malaba pitit plim
May 28, 2020 - 12:27:45 PMYon ponyen lanmou pou nou chak mesyedam!
CaJuste Fritz
May 28, 2020 - 02:09:14 PMBon travay frèm
Damaous
May 28, 2020 - 02:33:27 PMAwsome Malaba pitit plim
mackensoncharles94@gmail.com
May 28, 2020 - 04:21:38 PMBon travail
Alexis Bensley
May 28, 2020 - 04:40:35 PMBon tavay
Siméon JOZAMA
May 28, 2020 - 05:06:03 PMBon bagay nèg pa
Loubens pierrot
May 28, 2020 - 09:16:56 PMTèks sa a rive sou mwen wi
Kontinye batay zantray
Marie Elza j. Duchesne
May 28, 2020 - 09:38:39 PMPitit plim se plim. Gade bel kout plim wap lage. Ou pa pote nonw pou grammes. Bwavo ti plim. Mesi
CHARLES Stanley
May 28, 2020 - 09:45:57 PMMalabar tèks lan banm anpil lajwa, anpil lespwa kouri pou dlo nan je m kontinye travay ewa zanmitay
Louissaint Woodnel
May 29, 2020 - 12:46:17 AMOu imòtèl nèg pa, kontinye travay.ewa kanma!
Kyben
May 29, 2020 - 03:46:11 AMFélicitations
JEUDIMÉ olivier Cardozo
May 29, 2020 - 11:45:57 AMYon panse espesyal pou ou Zantray kenbe kout plim ou di Amwalaye vye frè
Kember Flo Sage
May 29, 2020 - 01:14:25 PMYon ponyen lanmen poum diw atchaba zanmitay,,,plis motivasyon frèm
Marc André SIMEUS
May 31, 2020 - 01:22:08 AMBèl kout plim!
Poète engagé Berson
September 19, 2020 - 08:06:56 PMBon bagay frè pa'm..,lank plim nan byen tonbe sou vye fèy papye a...
Poète engagé Berson
September 19, 2020 - 08:07:46 PMBon bagay frè pa'm..,lank plim nan byen tonbe sou vye fèy papye a...