Solèy la leve maten an Yon lòt fwa
Anpil moun nan Kafou dlo nan je
Dlo k ap koule tankou lavalas
Ki pote ale lespwa yon pakèt fanmi
Anpil lòt nan koulwa lanmò
Akòz gwo tonton dife ayè a
Konbyen nan nou ki pou pase
Anvan nou reyalize
Frèm
Sèm
Pèp Ayisyen
Yo pa menm pran nou pou chen
Menm atè yo pa voye respè ba nou
Nou dòmi nan fatra
Nou leve nan enjistis
Dra ensekirite makònen
Ak Karanklou nan chak kwen
Lage devenn kòde pichon
Sou chak grenn Ayisyen
Nou tèt anba
Nou nan fè nwa
Machann peyi yo kontinye
Ap rele tèt yo dirijan
Y ap jwe lawoulèt ak lavi nou
Yo kente chak jou ki jou
Sou tèt ti malere
Jouk kilè n ap sispann pote fatra
Mete sou tab
Nan salon nou
Jouk kilè n ap sispann ranmase avadra
Nan lari mete sou pouvwa
Pouvwa pa yon jwèt
Nan peyi isit li se frèt
Pou kale kokobe sèvèl poul
Ayiti li lè li tan
Ayiti fèmen pòt lanfè a
Ayiti leve kanpe
Ayiti mache sou yo
Ayiti pran desten w an men
Ayiti di ase fout
Ase pou malere
Ase pou pitit sòyèt
Ase Ase Ase
Ase pou malere

Franck S. Vanéus 45
Avocat et Philosophe...
1 Commentaires
Kerry Daniel
January 25, 2022 - 12:13:37 AMpwezi an cho kou nèj