Timoun mare fyèl nou
Papa nou pa la
L al peche nan rivyè pousyè lavi
Manman nou pa la
La l lonje yon kwi makiye kay madanm
Gade bouch pitit lòt k ap neye nan grès
Pandan pa nou tounen savann dezole
Si sa bon
Papa nou a tounen ak kichòy
Manman nou a jwenn degouden
Pou l soulaje goudougoudou mizè
Ki ap fè bonnanj nou sekwe
Si sa pa bon tou
Timoun…
Mare fyèl nou
#Samuel Taillefer
Mare fyèl nou

La Rédaction 243
Kafounews
5 Commentaires
Ken
March 01, 2022 - 07:14:24 PMGood. Granmoun mare fyèl nou tou.
Romy
March 01, 2022 - 07:17:39 PMEwa!
Franck VANEUS
March 01, 2022 - 07:41:54 PMSamuel se yon fòkè
Konpliman
Davart
March 01, 2022 - 07:49:59 PMKONPLIMAN!
Desrosiers
March 02, 2022 - 12:36:57 AMJ'aime