Chak sole
veye kouche yo
Sizè diswa pa bon lè
G on koukouy
k ap tann lanjelis lan tonbe
pou l sa briye
Chak sole
veye kouche yo
sizè diswa pa fè lonè malere
se pou n mache
dèyè talon lanjelis
pou n pile fyète l
Chak sole
veye kouche yo
Aswè a menm
g on grenn zetwal
k ap pèdi plas li
nan mitan syèl la.
Chak sole
veye kouche yo
Sizè diswa sa a
g on rigòl dlo je
ki pa janm
sispann koule.
Chak sole
veye kouche yo sizè diswa sa a
g on powèm ki p ap fin ekri
Powèt la trepase
li mouri gòj anfle
E se paske
syèl la pa fin achire
kèk grenn zetwal etenn
ki fè kè kontan an
pa dire.
#Ansky Hilaire
Sizè diswa

La Rédaction 243
Kafounews
4 Commentaires
Auguste Sicah
February 16, 2022 - 01:58:00 AMFière de toi
Exantus Pierre Kendy
February 16, 2022 - 02:02:02 AMAnsky Hilaire,bon bagay frè m!
Don Reetch
February 16, 2022 - 02:08:44 AMJe te félicite pour si beau travail
POPORTE Nahomie
February 22, 2022 - 11:16:20 AMWawwww bon travay