Zewo stress

Zewo stress

Jounen yo pa janm vini pou kont yo. Yo toujou mache men nan men ak yon makòn sousi. Devwa ki pou remèt. Lajan kay oswa lekòl ki pou bay. Yon relasyon ki kraze. Ensekirite k ap paweze. Tout bagay sa yo ak yon pakèt lòt ankò mete nou nan sitiyasyon enkòfòtab. Yo aji ni sou kò nou ni sou lespri. Sitiyasyon enkonfò sila a, ekspè yo rele l "Stress". Men senk bagay ou ka fè lè w estrese.




1- Espò

Aktivite fizik tankou mache, kouri, jwe foutbòl, ale nan djim, sote kòd, elt bon ni pou kò ni pou lespri. Aktivite sila yo ede kò a sekrete yon seri òmòn tankou serotonin, dopamin ak andòfin ki bay yon santiman byennèt. Anplis aktivite fizik yo pèmèt ou bliye sousi lavi pou yon ti moman sa ki pa rete san konsekans sou eta mantal nou. Kèk minit espò chak jou se youn nan pi gwo remèd ki egziste.

2- Planifye

Yon ajannda se yon ti dokiman ki ede w mete lòd nan aktivite w, jere jounen w ak lavi w pi byen. Tank aktivite w yo ap monte youn sou lòt se tank nivo estrès ou ap ogmante. Poudayè, anpil etid demontre nivo estrès la miltipliye lè endividi a pèdi kontwòl aktivite l yo. Se poutèt sa a li toujou bon pou w gen yon ajannda epi itilize l regilyèman.

3- Sòti

Anpil fwa koze estrès la konn bay parès ak sansasyon fatig. Moun ki nan sitiyasyon sa yo konn gen tandans rete pou kont yo, pa pale ak pèsòn. Konpòtman sa yo se pwazon. Moman ou plis estrese se moman pou w sòti, pale ak moun, vizite kèk espas ou renmen oswa ou te toujou swete vizite. Anplis, ou pa dwe pè pale de sa w santi a ak antouraj ou. Si w santi w estrese, fèmen anndan kay se pa solisyon an.

4- Li

Montesquieu, yon ekriven fransè, fè konnen pa gen okenn chagren lekti pa efase. Li yon liv ou renmen se youn nan pi bon remèd ki genyen kont estrès. Nonsèlman li se yon vwayaj men tou li ede w retire fokis la sou pwoblèm ki jème estrès lakay ou a. Alòs pa ezite kenbe liv ou nan moman w santi w estrese yo.

5- Jwe

Lide ki fè kwè granmoun pa jwe a se yon move lide. Lè w santi w estrese, ou mèt sèlman rale katalòg anfans ou, pran kèk nan ti jwèt yo, fè yo. Tamtambe, manman m te gen yon ti chat, lago kache, kont ak pla men cho se kèk ladan yo. Eseye taktik sa a lè w estrese pou w ka relakse w.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

8 Commentaires

  • Gytto Nestor

    March 20, 2022 - 03:23:37 AM

    Merci

  • Lunn

    March 20, 2022 - 08:17:45 PM

    Bon bagay

  • Jeune Bertho

    March 21, 2022 - 12:31:21 AM

    Kòrèk , m panse nan aplikasyon ansanm enstriksyon sa yo, n ap rive divèti n ak Disipline vi nou.

  • L.A.M.C

    March 22, 2022 - 12:50:35 AM

    Konsèy sa yo enteresan anpil sitou nan moman difisil n ap viv la. Mèsi KafouNews .Gabynho kenbe fèm!

  • M.C. GEDEON

    September 22, 2022 - 04:30:45 PM

    Merci Gabynho ????

  • Gregphile

    September 22, 2022 - 11:22:34 PM

    Bon travay Frè mwen ewa

  • N

    September 23, 2022 - 01:35:27 AM

    Mèsi anpil

  • Serge

    September 23, 2022 - 02:53:40 AM

    Bon travay broh sa ap ede nou anpil