5 dat enpòtan nan karyè KB9

5 dat enpòtan nan karyè KB9CP: Eurosport

17 0ktòb 2022, atakan vedèt ekip Reyal madrid la, Karim Benzema, pran premye Balon lò (Balon d'or) li. 5 lòt dat enpòtan nan karyè lejand la.

19 desanm 1987

Karim Benzema ki gen pou ti non jwèt KB9 epi El Nueve fèt nan vil Lyon nan peyi Lafrans jou ki te 19 desanm 1987 la nan yon fanmi orijin aljeryen.

5 dat enpòtan nan karyè KB9

6 desanm 2005

KB9 fè premye gòl li nan lig chanpyon yo jou ki te 6 desanm 2005 la nan peyi Lafrans (stade de Gerland- Lyon). Ekip Lyon an t ap resevwa ekip Rodenborg la ki sòti nan peyi Nòvèj.

28 mas 2007

Rantre nan plas Djibril Cissé nan kòmansman dezyèm mitan, KB9 fè premye gòl li pou peyi l nan "Stade de France" jou ki te 28 mas 2007 la. Jou sila a, Lafrans bat Otrich yon gòl a zewo.

20 septanm 2009

KB9 fè premye gòl li pou ekip Real Madrid la ki t ap jwe ak ekip Xerex la. Yon match ekip madrilèn lan te bat 5 - 1.

18 me 2021

18 me 2021,aprè 5 lane absans, antrenè ekip foutbòl senyò maskilen peyi Lafrans lan, Didier Deschamps rele KB9 nan lis jwè ki dwe jwe koup Ewòp 2021 an. N ap raple lejand la te jwe dènye match li jou ki 8 oktòb 2015 lan anfas ekip Ameni a.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires