Coupe du monde 2022: Pi bèl chedèv mondyal la?

Coupe du monde 2022: Pi bèl chedèv mondyal la?

Tankou yon atis pent san gwo non, men ki chaje talan ak enspirasyon, rale penso li yo epi chita ponn yon tablo ki nan dimansyon "La Joconde " oubyen "Guernica ", se konsa 22 novanm 2022 a Kamewounè Vincent Aboubakar akouche pi bèl chedèv mondyal "Qatar" a jiska dat.

Yon chedèv se yon zèv pafè, bèl, chaje ak entèlijans, finès, enspirasyon, ak anpil enpètinans oubyen radiyès menm pafwa. Yon chedèv toujou ra, fè moun pantan, rete bouch be, fè kò fè chèdepoul, touche ògàn sans tout moun ki konn gou bouch yo. Nan match Kamewoun fas Sèbi a, towo ki rele Vincent Aboubakar la, kouri ak yon Sèbi, li fè fent pou l choute, jwè a tonbe, li vin anfas ak gadyen advès la kounya, li fè lòb la tankou yon dènye kout penso pou rann yon tablo pafè epi gòòòlllllll. Yon bijou ki fè nou sonje yon Samuel Eto'o, meyè jwe nan tout listwa Kamewoun pou nou pa di tout kontinan afriken an.

Aboubakar se yon foutbolè pwofesyonèl kamewounè 30 lane, k ap jwe kòm atakan pwent nan klèb Al-Nassr nan peyi Arabisawoudit ak ekip nasyonal Kamewoun nan. "Atis la", a 18 lane sèlman te suiv tras Roger Milla, yon devansye li nan seleksyon pou l al jwe nan klèb Valenciennes nan peyi Lafrans. Nan menm ane a, l ap fè premye seleksyon li epi tou patisipe nan Koupdimond 2010 kòm youn nan 3 pi jèn jwè mondyal sila a. Nan lane 2017 li chanpyon Koup Afrik la ak Kamewoun sou Ejip kote li te make gòl laviktwa a.

Andeyò kote atistik gòl "atis" Aboubakar la, li enpòtan pou nou souliye tou karaktè desizif li. Chelèn sa a fèt nan 63èm minit nan match la kote Sèbi t ap mennen 3-1 sou Kamewoun. A 3-2, Kamewoun vin repran konfyans epi 3 minit apre menm Aboubakar sa a, an bon sovè ta pral sèvi Choupo-Moting yon pas gòl pou mete match la 3-3. Kamewoun chape poul li epi rete vivan nan Koupdimond nan annatandan li twoke kòn li ak sanmba brezilyen yo nan dènye match poul yo.

Aboubakar ka pa gen yon gwo non tankou Messi, Cristiano Ronaldo, Neyimar, Mbappé, Mané, Sala oubyen lòt gwo non nan foutbòl aktyèl la, men li enskri non li nan listwa ak chedèv sila nan panteyon bèl gòl ki fèt nan Koupdimond. Bravo "Atis Aboubakar ". Pou bote jwèt la, èske tizè bèl foutbòl yo ap jwenn yon pi bèl chelèn pase sa ankò nan mondyal 2022 a? Ann suiv...



Share

Mardoché ETIENNE 4

Kolaboratè Kafounews

Laisser un commentaire

1 Commentaires

  • Josue 26

    November 30, 2022 - 05:48:36 PM

    Kontinye pouse bourik ou pi douvan zanmanm