Yon ewo anplis nan peyi Kata

Yon ewo anplis nan peyi Kata

Kata 2022 se san okenn dout yon mondyal sipriz sou sipriz. Aprè ekip Kostarika te fin pèdi 7-0 devan ekip Espay la nan premye soti yo, san yo pa t menm rive fè yon chout nan kan espanyòl yo, kostariken yo fè yon gwo eksplwa maten 27 novanm 2022 a, lè yo rive bat sanzatann ekip Japon an nan dezyèm soti yo 1-0. Yon viktwa ewoyik ki mete tout ekip vivan nan  gwoup E a ki se pou anpil moun  gwoup lanmò mondyal sa a.

Yo souvan di, tout gwo eksplwa oubyen evènman gen youn oubyen plizyè ewo. Ebyen eksplwa sila a gen yon ewo, li rele Keysher Fuller, defansè lateral dwat, nimewo 4 ekip Kostarika a. Fuller fè yon sèl kou, premye gòl ak premye chout kadre Kostarika nan konpetisyon an epi ranpòte twofe meyè jwè match sila a.

Keysher Fuller fèt 12 jiyè 1994 nan vil «  Puerto Limón » nan peyi Kostarika, li gen 28 lane. L ap jwe nan CS Herediano nan peyi Kostarika depi 2018 kote li ranpòte 6 tit ( 3 chanpyona nasyonal, 2 sipè koup ak 1 lig CONCACAF). Keysher fè premye seleksyon li nan ekip Kostarika a nan lane 2019 devan ekip Etazini an. Li sou 33èm seleksyon li pou sèlman 3 gòl. L ap jwe premye mondyal li. Li antre nan listwa lè li make sèl grenn gòl match Kostarika fas Japon nan Konpetsyon an pou li pèmèt ekip li a rete vivan nan mondyal la epi espere yon kalifikasyon pou dezyèm tou. Li tou ranpòte premye twofe endividyèl li nan yon match Koupdimond kote li fini meyè jwè daprè FIFA.

Fòk nou note, Keysher Fuller pa sèlman yon ewo pou ekip Kostarika a, li se yon ewo tou ekip Almay la ki asire li p ap elimine nan konpetisyon an menmsi li ta pèdi devan ekip Espay la nan dènye match chòk pou jounen an.

Gras ak pitit tè  « Puerto Limón » nan, nou sou wout pou nou viv yon bèl twazyèm jounen nan gwoup lanmò a ki chaje ak emosyon, pasyon, depans enèji epi bèl foutbòl. Ki lòt sipriz nou pral jwenn ankò nan mondyal 2022 a  ?
 
 
 
 

Share

Mardoché ETIENNE 4

Kolaboratè Kafounews

Laisser un commentaire

4 Commentaires

  • Josue 26

    November 27, 2022 - 11:53:52 PM

    Bon travay zanmanm kenbe la

  • Josue 26

    November 27, 2022 - 11:53:53 PM

    Bon travay zanmanm kenbe la

  • Shelton

    November 28, 2022 - 12:22:28 AM

    Yon travay otantik!
    Felisitasyon !

  • Edwardo Etienne

    November 28, 2022 - 03:02:17 AM

    Bon travail grand frere!!!