Yon tès echwe pou Deschamps, yon viktwa lave men siye atè pou Tunisie

Yon tès echwe pou Deschamps, yon viktwa lave men siye atè pou Tunisie

Kalifye depi nan dezyèm match li 2-1 anfas Danemark aprè yon remontada nan fen tan reglemantè yo, Lafrans pèdi twazyèm match li a 1-0 kont Tunisie.

Deschamps chwazi yon konpozisyon ki pa fè kè fanatik trikolò yo kontan ditou. Li te alinye yon ekip B (anviwon 90% jwè yo se resèvis) ki pa t montre mwatye nivo jwèt lafrans lan. Domine pandan tout ven premye minit yo, yo te oblije tann vennsenkyèm minit pou yo te resi jwenn yon okazyon danje, Coman ta pral rate koz yon move kontwòl nan sifas reparasyon an.

Kote Tunisie (Tinizi), vedèt e kapitèn yo a, W. Khazri, jwè "Monptpelier" a, ki pa t a san pou san fòm li pou mondyal sa, rekonpanse travay ekip la nan kòmansman dezyèm peryòd la. Li ta pral tou desann pou blesi aprè gòl sila a. Yon selebrasyon pou granmesi nou ta ka di, paske viktwa yo a pa anpeche yo kite konpetisyon an koz viktwa peyi Australie 1-0 sou Danemark.

Monte Dembele, Mbappe ak Griezman nan dezyèm peryòd la pa t kapab sove lonè Lafrans. Ak sèlman 3 sou 7 frap ki ale nan kan an, lidè gwoup D a ta pral jwenn wout filè a nan tan adisyonèl yo. Wayan! VAR" retire gòl la pou òje.

Ak yon Fofana ki pa t ka kenbe balon, yon Carmavinga ki t ap plede pèdi plas li kòm lateral e ki pa bon plas li, yon Veretout envizib, chanpyon an tit yo toujou paka bat twazyèm match gwoup yo depi lè Didier pran rèn ekip la. N ap raple tou yo potko janm pèdi yon match nan tounwa majè yo depi final Euro 2016 la fas Portugal 1-0. Yo te rete sou 9 viktwa ak 4 match nil.

Annatadan, koyekipye Mbappé yo ap prepare yo pou al twoke kòn yo a Lapolòy.


• Oriol Antoine

Yon tès echwe pou Deschamps, yon viktwa lave men siye atè pou Tunisie

Share

La Rédaction 218

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires