Gen de moun ki atachan anpil. Koze bay vag la pa egziste pou yo. Gwo van mèt soufle, loray mèt gwonde, anyen p ap fè yo lage men pasyon yo. Yo p ap fè bak, menm si yo ta oblije posede yon sèl pè soulye. Menm si yo dwe pase vi yo ap touche yon pay monnen. Anpil gwo zotobre k ap fè tilititi, se sou do moun sa yo yo monte. Se yo ki te aprann yo G A GA nan fèy malanga. Moun sila yo pa toujou jwenn gwo rekonesans. Men yo satisfè. Tout plezi yo se wè moun ki te chita devan yo kòm elèv vin tounen gwo save. "Se sa ki fè m kontan. Se sa k fè m wè travay mwen an enpòtan". Mèt Pascal pwononse pawòl sa yo byen kalm dèyè biwo li nan "Collège mixte Le Mésidor" ki chita kò l nan kotplaj 22 nan Kafou.
Pascal Frantz patisipe nan fòmasyon plizyè jenerasyon fanm ak gason nan peyi a an jeneral, komin Kafou an patikilye. "Mwen kòmanse fè kou depi nan lane 1986, ki donk mwen gen 18 lane nan ansèyman", li pote presizyon sa yo ak ti tras nostalji nan vwa l paske daprè sa li fè konnen premye chwa li se te vin avoka, men li te echwe de fwa nan konkou lekòl dwa pòtoprens la. Lanmou pou ansèyman jèmen anndanl e grandi tikal pa tikal. Papa senk pitit la se ansyen elèv "Catherine Flon". Li te suiv pwofesè klas preparatwa de li a nan "École Nationale de Thor", mesye Willio St Fort, ki ta pral louvri pwòp lekòl pa li. Pascal kòmanse fè kou nan ansyen lekòl li (Katrin Flon) depi nan lane 1988. Nan epòk sila a li te anseye plizyè matyè tankou laten, fransè, syans sosyal, kreyòl ak matematik.
Mèt Pascal pa sèlman anseye nan nivo klasik. Li te travay kòm pwofesè nan "Univesité Américaine des Sciences Modernes d'Haïti (UNASMOH)" ak "École Normale de Carrefour (ENOFOCA)". Anplis kreyòl li te konn anseye didaktik jeneral ak sikoloji aprantisaj nan espas fòmasyon sa yo. DG a etidye syans ledikasyon, li gen yon diplòm tou nan radyo edikativ li pran nan Radyo Edikativ. Se yon nonm ki plen ak fyète lè l ap pale de tèt li. Nan sans sa, li deklare: "mwen fyè anpil de pakou m e mwen satisfè de tout sa metye sila pèmèt mwen remalize materyèlman malgre krab la pa gra". Li di tout sa l fè nan lavi li chita sou pèseverans. Li pa janm p ap repete pawòl sa a: "Pèseverans se mobil tout reyisit nan lavi".
Mèt Pascal se tou yon gwo tizè foutbòl, sitou foutbòl nasyonal la. Gwo fanatik ASCarrefour devan letènèl la genyen yon pase kòm abit. Li pa janm rate okazyon pou fè konnen pi bèl match li dirije se Cavaly vs Baltimore byenke l pa sonje ane a. Nan yon konkou pou vin abit entènasyonal, ansyen sekretè lig foutbòl Kafou a (1992) te sòti twazyèm loreya nan kategori abit asistan. Malerezman, li pa gentan dirije okenn match deyò peyi a.
Nan djakout PF gen lòt zam toujou. Se pa yon nonm ki ap dodomeya kite van lavi a mennen l. Se yon gason kanson. Yon moun ki kwè nan travay ak etidye. Poudayè li se jounalis tou. Li pase yon bon bout tan ap dirije sal nouvèl Radyo "Vision Nouvelle", li te jounalis spòtif Radyo "Bousòl", li te tou redaktè an chèf "Parole en liberté", yon magazin li te mete kanpe nan kòmansman ane 2000 yo.
Mèt Pascal fèt 20 septanm 1963.
Pascal Frantz, plis pase 30 lane lanmou ak ansèyman
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 102
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
0 Commentaires